Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 111

Apot yo mande yon siy

Apot yo mande yon siy

MATYE 24:3-51 MAK 13:3-37 LIK 21:7-38

  • KAT NAN DISIP YO MANDE YON SIY

  • AKONPLISMAN SIY LAN NAN PREMYE SYÈK LA AK YON PI GWO AKONPLISMAN

  • NOU DWE KONTINYE VEYE

Li madi aprèmidi, e jou 11 Nizan an prèske fini. Dènye jou gwo aktivite Jezi sou tè a prèske fini tou. Li te konn anseye lajounen nan tanp lan e li pa t konn dòmi nan vil la. Te gen anpil moun pami pèp la ki te vle koute l, se sa k fè yo “te konn vin jwenn li nan tanp lan byen bonè nan maten pou yo ka tande l”. (Lik 21:37, 38.) Kounye a, apre tout bagay sa yo, Jezi chita sou Mòn Oliv ansanm ak kat nan apot li yo ki se Pyè, Andre, Jak ak Jan.

Yo toule kat te vin kote l apa. Yo enkyete pou tanp lan, piske Jezi fèk sot anonse pa gen yon wòch k ap ret sou yon lòt wòch ladan l. Men, se pa pou sa sèlman y ap enkyete yo. Yon ti tan anvan sa, men sa Jezi te ankouraje yo pou yo fè: “Montre nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini.” ​(Lik 12:40). Li te pale tou konsènan “jou Pitit lòm nan gen pou l parèt aklè a”. (Lik 17:30.) Èske tout bagay sa yo ta sanble gen rapò ak sa Jezi te fèk di konsènan tanp lan? Apot yo vle konnen toutbon. Men sa yo di: “Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” — Matye 24:3.

Petèt, se destriksyon tanp lan yo pral kapab wè nan yon tikras tan ankò yo gen nan lespri yo. Mete sou sa, yo poze kesyon konsènan prezans Pitit lòm nan. Petèt yo sonje egzanp Jezi te bay anrapò ak “mesye ki te fèt nan gran fanmi” an ki te “vwayaje al nan yon peyi lwen pou yo ka mete l wa, e apre sa [ki te] retounen”. (Lik 19:11, 12.) E finalman, yo t ap mande ki lè “fen sistèm nan” t ap rive.

Jezi bay detay nan repons li bay la, li bay yon siy ki montre ki lè fen sistèm juif la ap rive, sa gen ladan l destriksyon tanp lan. Men, li bay lòt siy toujou. Siy sa a ap pèmèt moun k ap vin disip li yo konnen y ap viv pandan “prezans” li an e sistèm mechan an pa lwen detwi.

Tank ane ap pase, apot yo wè akonplisman pwofesi Jezi te bay la. Wi, anpil nan bagay Jezi te anonse yo te kòmanse rive nan epòk yo a. Se konsa, kretyen ki te ret vivan 37 an apre yo, nan ane 70 epòk nou an, te prepare yo e yo te pare pou destriksyon sistèm juif la ak tanp li an. Sepandan, se pa t tout sa Jezi te anonse yo ki te rive vre nan epòk ki te mennen nan ane 70 epòk nou an. Kidonk, ki sa k t ap siy ki montre Jezi prezan nan Wayòm li an antanke Wa? Jezi bay apot li yo repons lan.

Jezi anonse t ap gen “lagè k ap fèt ak nouvèl sou lagè” epi “nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm”. (Matye 24:6, 7.) Li di yo tou “pral gen gwo tranblemanntè e pral gen rate manje ak epidemi nan yon zòn apre yon lòt”. (Lik 21:11.) Men ki avètisman Jezi bay disip li yo: “Moun ap met men sou nou, y ap pèsekite nou.” ​(Lik 21:12). Gen fo pwofèt ki pral parèt e yo pral twonpe anpil moun. Mechanste t ap ogmante e lanmou pifò moun t ap vin rafredi. Anplis de sa, li di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Matye 24:14.

Byenke gen kèk nan sa Jezi te anonse yo ki akonpli anvan e pandan Women yo te detwi Jerizalèm, èske sa Jezi te di yo t apral gen yon pi gwo akonplisman annapre? Èske nou wè aklè bèl pwofesi Jezi te bay la gen yon pi gwo akonplisman nan epòk pa nou an?

Youn nan bagay Jezi pale de li nan siy prezans li an se “bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an” ki t ap gen pou parèt (Matye 24:15). Nan ane 66 epòk nou an, bagay ki bay repiyans sa a te parèt lè ‘lame women an te monte kan toutotou’ Jerizalèm avèk tout bagay ki gen rapò ak zidòl yo genyen yo. Lame women an te antoure Jerizalèm e yo te febli kèk pati nan miray li yo (Lik 21:20). Konsa, “bagay ki bay repiyans” lan te kanpe yon kote li pa t dwe ye, yon kote Juif yo konsidere kòm “yon kote ki sen”.

Men sa Jezi anonse ankò: “Pral gen yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan, non, e ki pap rive ankò.” Nan ane 70 epòk nou an, Women yo te detwi Jerizalèm, ‘vil ki sen’ Juif yo genyen an ki gen ladan l tanp lan. Destriksyon sa a te yon gwo tribilasyon kote te gen plizyè milye moun ki te mouri (Matye 4:5; 24:21). Vil sa a potko janm konn yon destriksyon konsa e Juif yo potko janm viv yon bagay konsa e destriksyon sa a mete fen nan sistèm relijye Juif yo te genyen pandan plizyè syèk, yon sistèm ki te byen òganize. Menm jan an tou, se sèten lè pawòl Jezi di la a pral gen yon pi gwo akonplisman, bagay la pral vrèman terib.

YO PA PÈ FEN SISTÈM NAN

Jezi kontinye pale ak apot li yo konsènan siy prezans li antanke Wa nan Wayòm nan e konsènan fen sistèm nan. Kounye a, li avèti yo pou yo pa kouri dèyè “fo Kris ak fo pwofèt” yo. Li di y ap eseye “twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa posib”. (Matye 24:24.) Men, yo pap rive twonpe moun Bondye chwazi yo. Fo Kris yo ka parèt sèlman yon fason ki vizib. Sepandan, prezans Jezi a ap envizib.

Jezi pale konsènan yon pi gwo tribilasyon ki pral mete fen ak sistèm mechan ki la kounye a, li di: “Solèy la ap vin tou nwa, e lalin nan pap klere ankò, zetwal yo nan syèl la pral tonbe, e bagay pisan yo ki nan syèl la pral souke.” ​(Matye 24:29). Apot yo ki tande pawòl sa yo ki fè moun fremi pa konnen ki lè bagay sa yo ap rive egzakteman, men yo sèten se ap yon bagay k ap terib.

Ki jan bagay terib sa yo pral gen efè sou limanite? Men sa Jezi di: “Moun pral faya paske y ap pè e paske y ap tann bagay ki gen pou rive sou tè a. Paske, bagay pisan yo ki nan syèl la pral souke.” ​(Lik 21:26). Kidonk, Jezi pale konsènan moman ki pi terib ki pral rive nan listwa limanite.

Pou Jezi ankouraje apot li yo, li montre yo aklè se pa tout moun ki pral nan lapenn lè “Pitit lòm nan [ap] vini sou nyaj nan syèl la avèk pisans e avèk anpil glwa”. (Matye 24:30.) Li te deja montre Bondye t ap gen pou l aji “poutèt moun [li] chwazi yo”. (Matye 24:22.) Donk, ki jan disip fidèl sa yo t ap gen pou yo reyaji lè evènman terib Jezi te anonse yo t apral rive? Men sa Jezi di pou l ankouraje disip li yo: “Lè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe dwat, leve tèt nou, paske se delivrans nou k ap pwoche.” — Lik 21:28.

Sepandan, ki jan disip Jezi yo ki t ap viv pandan peryòd Jezi te anonse a t ap ka rive konnen lafen an toupre? Jezi bay egzanp yon pye fig frans, li di: “Kou yon ti branch kòmanse pouse e li fè fèy, nou konnen sezon ete a toupre rive. Menm jan an tou nou menm, lè nou wè tout bagay sa yo, konnen Pitit lòm nan toupre, li nan papòt la. Anverite m ap di nou sa: Jenerasyon sa a pa gendwa pase anvan tout bagay sa yo rive.” — Matye 24:32-34.

Kidonk, lè disip li yo wè plizyè nan aspè nan siy lan ap akonpli, yo ta dwe rive wè lafen an toupre. Men ki avètisman Jezi bay disip li yo ki t apral viv pandan peryòd terib sa a:

“Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se sèl Papa a ki konnen yo. Paske, menm jan epòk Noye a te ye a, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye. Paske, menm jan nan epòk anvan delij la, moun yo t ap manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e moun t ap marye pitit fi yo, jiskaske jou pou Noye antre nan lach la rive, yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” ​(Matye 24:36-39). Evènman Jezi te itilize kòm konparezon, ki se delij Noye a, te gen yon gwo efè sou tout sa k te sou tè a.

Apot k ap koute Jezi sou Mòn Oliv yo dwe wè enpòtans pou yo kontinye veye. Men sa Jezi di: “Veye kò nou pou kè nou pa janm vin lou akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp e akoz tètchaje ki gen nan lavi a, epi pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, sanzatann, tankou yon pyèj. Paske, l ap vini sou tout moun ki abite sou tout kò tè a. Kidonk, rete je klè. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon yon fason pou nou ka rive chape anba tout bagay sa yo ki dwe rive e pou nou ka kanpe devan Pitit lòm nan.” — Lik 21:34-36.

Yon lòt fwa ankò, Jezi montre sa l te anonse yo t ap gen lòt akonplisman toujou. Sa l te anonse yo pa t gen rapò ak sa k t apral rive nan kèk dizèn ane e ki t ap gen efè sèlman sou vil Jerizalèm ak nasyon juif la. Okontrè, l ap pale sou sa k t apral “vini sou tout moun ki abite sou tout kò tè a”.

Li di disip li yo t ap gen pou yo kontinye veye, pou yo rete je klè e pou yo montre yo pare. Pou Jezi mete aksan sou avètisman sa a, li bay yon lòt egzanp, li di: “Gen yon bagay pou nou konnen: Si mèt kay la te konnen ki lè nan nuit lan vòlè a t ap vini, li t ap rete je klè, li pa t ap kite l kase kay li. Se sa k fè, nou menm tou, se pou nou pare, paske Pitit lòm nan ap vini nan yon lè nou pa panse.” — Matye 24:43, 44.

Jezi bay disip li yo rezon ki fè yo dwe rete pozitif. Li ba yo asirans, lè sa li anonse yo pral akonpli, pral gen yon “esklav” ki t ap ret je klè e ki t ap aktif. Jezi pale de yon bagay apot li te ka konprann byen fasil, li di: “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an mèt li met responsab sèvitè ki lakay li yo pou ba yo manje nan bon moman? Esklav sa a byennere si lè mèt li vini, li jwenn se sa l ap fè! Anverite m ap di nou sa: L ap mete l responsab tout byen l yo.” Men, si “esklav” la vin gen yon move atitid e l ap maltrete lòt moun, mèt la ap “ba l yon pinisyon ki rèd anpil”. — Matye 24:45-51; konpare ak Lik 12:45, 46.

Sepandan, Jezi pa t vle di t ap gen yon gwoup nan disip li yo ki t ap gen yon move atitid. Donk, ki leson Jezi te vle anseye disip li yo? Li te vle yo rete je klè epi pou yo aktif, jan li te deja montre sa aklè nan yon lòt egzanp li te bay.