Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 112

Li ba yo egzanp dis vyèj la pou yo kontinye veye

Li ba yo egzanp dis vyèj la pou yo kontinye veye

MATYE 25:1-13

  • JEZI BAY EGZANP DIS VYÈJ YO

Jezi fin reponn kesyon apot li yo te poze l konsènan siy prezans li ak fen sistèm nan. Toutpandan y ap panse ak sa, kounye a, li ba yo bonjan avètisman pa mwayen yon seri lòt egzanp. Moun ki t apral viv pandan prezans li an t ap wè akonplisman pawòl sa yo.

Pou li kòmanse egzanp lan, li di: “Wayòm syèl la ka menm jan ak dis fi vyèj ki pran lanp yo e ki soti al rankontre lemarye. Senk nan yo te sòt e senk lòt yo te prevwayan.” — Matye 25:1, 2.

Jezi pa t vle di mwatye nan moun k ap eritye Wayòm syèl la se moun ki sòt, e lòt mwatye a se moun ki prevwayan. Olye de sa, li vle di, se chak disip ki dwe deside si y ap kontinye veye lè yo fè aktivite ki gen rapò ak Wayòm nan oswa si y ap kite lòt aktivite distrè yo. Sepandan, Jezi gen konfyans chak sèvitè l yo ka ret fidèl epi resevwa benediksyon Papa l ap bay yo.

Nan egzanp lan, dis fi vyèj yo soti pou y al akeyi lemarye a e pou yo antre nan kòtèj maryaj la. Lè lemarye rive, vyèj yo ap klere wout kote kòtèj la ap pase a ak lanp yo a, konsa y ap onore l pandan l ap mennen lamarye nan kay ki prepare pou li a. Men, ki jan bagay yo fini?

Men sa Jezi esplike: “Sa ki te sòt yo te pran lanp yo, men yo pa t pran luil, tandiske sa ki te prevwayan yo te vin ak lanp yo e yo te vin ak luil nan bidon yo. Kòm lemarye a te pran tan pou l vini, yo tout tonbe kabicha, epi dòmi ale avèk yo.” ​(Matye 25:3-5). Lemarye a pa t rive nan lè yo t ap tann nan. Sanble li te pran anpil tan anvan l vini, paske pandan moman sa a dòmi pran vyèj yo. Petèt, apot yo sonje sa Jezi te di konsènan mesye ki fèt nan gran fanmi ki te vwayaje a e “finalman, lè yo fin mete l wa, li retounen”. — Lik 19:11-15.

Nan egzanp dis vyèj la, Jezi esplike sa k pase lè lemarye a retounen finalman, li di: “Nan mitan nuit lan, gen yon sèl rèl ki fèt: ‘Men lemarye a! Soti al rankontre l!’” ​(Matye 25:6). Èske vyèj yo te prepare e èske yo t ap veye?

Men sa Jezi di ankò: “Lè sa a, tout fi vyèj yo leve pou yo prepare lanp yo. Sa ki sòt yo di sa ki prevwayan yo konsa: ‘Ban nou enpe nan luil nou an, paske lanp pa nou yo prèske etenn.’ Sa ki prevwayan yo reponn: ‘Petèt ka pa gen ase pou nou menm avèk nou. Pito n al achte yon ti luil nan men moun k ap vann yo.’” — Matye 25:7-9.

Donk, senk vyèj sòt yo pa t ap veye e yo pa t prepare pou tann lemarye a vini. Yo pa t gen ase luil pou lanp yo, e yo te bezwen al chèche jwenn luil. Men sa Jezi di: “Pandan y al achte luil la, lemarye a rive. Fi vyèj ki te pare yo antre ansanm avèk li nan resepsyon maryaj la. Epi, yo fèmen pòt la. Annapre, lòt fi vyèj yo vin rive tou, yo di: ‘Mesye, mesye, ouvè pou nou!’ Li reponn yo, li di: ‘Franchman, m ap di nou sa: Mwen pa konnen nou.’” ​(Matye 25:10-12). Sa vrèman fini mal pou yo paske yo pa t prepare e yo pa t ret ap veye!

Apot yo kapab wè lemarye Jezi pale de li a se Jezi. Anvan sa, li te menm konpare tèt li ak yon lemarye (Lik 5:34, 35). E vyèj ki te saj yo? Lè Jezi t ap pale konsènan “ti twoupo” Bondye pral bay Wayòm nan, li te di: “Mare ren nou, epi se pou lanp nou ret limen.” ​(Lik 12:32, 35). Donk, nan egzanp vyèj yo, apot yo rive konprann Jezi ap pale de moun tankou yo menm. Kidonk, ki mesaj egzanp Jezi a gen ladan l?

Jezi pa kite okenn moun ap devine sou kesyon sa a. Men ki jan li fini egzanp lan: “Kidonk, kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.” — Matye 25:13.

Li klè, Jezi ede disip fidèl li yo wè enpòtans pou yo “kontinye veye” pandan prezans li a. L ap gen pou l vini, e y ap bezwen pare epi rete vijilan, menm jan ak vyèj ki prevwayan yo, yon fason pou yo pa bliye bèl esperans yo a epi pou yo pa pèdi rekonpans y ap ba yo a.