Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 113

Li sèvi ak egzanp talan yo pou li anseye yo pou yo travay di

Li sèvi ak egzanp talan yo pou li anseye yo pou yo travay di

MATYE 25:14-30

  • JEZI BAY EGZANP TALAN YO

Pandan Jezi toujou ak kat apot li yo sou Mòn Oliv la, li ba yo yon lòt egzanp. Kèk jou anvan sa, pandan l te Jeriko, li te bay egzanp pyès monnen ann ajan yo pou l montre Wayòm nan t ap pran yon bonkou tan toujou anvan l vini. Egzanp li bay kounye a gen plizyè aspè ki sanble ak sa ki nan egzanp pyès monnen ann ajan an. Se yon pati nan repons li bay pou kesyon yo te poze l anrapò ak prezans li ak fen sistèm nan. Egzanp sa a montre disip li yo dwe travay di ak sa yo konfye yo a.

Men ki jan Jezi kòmanse egzanp lan: “Se tankou yon mesye k ap vwayaje al nan peyi etranje. Li rele esklav li yo, e li konfye yo byen l yo.” ​(Matye 25:14). Etandone Jezi te deja konpare tèt li ak yon mesye ki vwayaje “pou yo ka mete l wa”, li te fasil pou apot yo wè se Jezi ki “mesye” l ap pale de li kounye a. — Lik 19:12.

Anvan mesye nan egzanp lan te vwayaje, li te bay esklav yo yon seri byen ki gen anpil valè. Pandan twazan edmi aktivite Jezi sou tè a, li te konsantre l sou preche bon nouvèl Wayòm nan e li te bay disip yo fòmasyon pou yo fè travay sa a. Kounye a, li prale e li gen konfyans y ap suiv fòmasyon li ba yo a. — Matye 10:7; Lik 10:1, 8, 9; konpare ak Jan 4:38; 14:12.

Nan egzanp lan, ki jan mesye a te distribye byen l yo? Men sa Jezi di: “Li bay youn senk talan, li bay yon lòt de talan, epi li bay yon dènye yon sèl talan. Li bay yo chak selon kapasite yo, epi li pati.” ​(Matye 25:15). Ki sa esklav sa yo pral fè ak byen yo konfye yo a? Èske y ap fè byen mèt la ba yo a travay pou fè benefis? Men sa Jezi di apot yo:

“Menm kote a, sa ki te resevwa senk talan an al fè lajan an travay, e li fè senk anplis. Sa ki te resevwa de talan an fè menm jan an tou, e li fè de anplis. Men, esklav ki te resevwa yon sèl la ale, li fouye yon twou nan tè, epi li sere lajan mèt li a.” ​(Matye 25:16-18). Ki sa k ap rive lè mèt la retounen?

Men sa Jezi di ankò: “Apre yon bon bout tan, mèt esklav sa yo retounen e li fè regleman avèk yo.” ​(Matye 25:19). De premye esklav yo fè tout sa yo kapab, “yo chak selon kapasite yo”. Yo chak te travay di, e yo te fè byen mèt la te konfye yo a travay. Esklav yo te bay senk talan an fè senk lòt talan anplis. Menm jan an tou, sa yo te bay de a fè de lòt anplis. (Nan tan lontan, yon moun te dwe travay di pandan anviwon 19 an pou l rive fè kòb ki egal ak yon talan.) Mèt la te bay yo chak menm felisitasyon an, li di yo: “Trè byen, ou se yon bon esklav e ou fidèl! Ou te fidèl nan kèk bagay mwen te konfye w, m ap mete w responsab anpil bagay. Vin rejwi ak mèt ou.” — Matye 25:21.

Men, se pa t menm bagay la pou esklav ki te resevwa yon talan an. Men sa l di: “Mèt, mwen konnen ou se yon moun ki egzijan, ki rekòlte kote w pa t simen, e ki ranmase kote w pa t vannen. Se sa k fè mwen te vin pè, e mwen t al sere talan w lan anba tè. Men afè w.” ​(Matye 25:24, 25). Li pa t menm al mete lajan an labank, konsa, li t ap fè lajan an fè omwen kèk benefis pou mèt li an. Anfèt, li pa t travay pou fè byen mèt la fè benefis.

Mèt la byen fèt di li se yon “move esklav. [Li] parese”. Yo pran sa l te gen nan men l lan epi yo konfye l bay esklav ki bay tout li menm nan travay la. Men prensip mèt la bay: “Moun ki genyen an, y ap ba l plis e l ap vin gen anpil. Men, moun ki pa genyen an, y ap pran menm sa l genyen an nan men l.” — Matye 25:26, 29.

Disip Jezi yo te gen anpil bagay pou yo reflechi sou yo, e sa gen rapò ak egzanp Jezi sot bay la. Yo te ka wè tout konfyans Jezi fè yo paske li konfye yo gwo privilèj pou yo fè disip, yon travay ki gen anpil enpòtans. E li te atann pou yo bay tout yo menm nan travay sa a. Jezi pa panse yo tout dwe fè menm kantite nan travay predikasyon li ba yo pou yo fè a. Jan li te montre sa nan egzanp lan, se chak moun ki ta dwe fè tout sa yo kapab, “yo chak selon kapasite yo”. Sa vle di Jezi pap kontan si yon moun ta montre li “parese” epi li pa fè tout sa l kapab pou fè byen Mèt la fè benefis.

Donk, se pa ti kontan apot yo dwe te kontan konnen: “Moun ki genyen an, y ap ba l plis”!