Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 114

Kris sou twòn li e l ap jije mouton ak kabrit yo

Kris sou twòn li e l ap jije mouton ak kabrit yo

MATYE 25:31-46

  • JEZI BAY EGZANP MOUTON AK KABRIT YO

Jezi sou Mòn Oliv la, li fèk bay egzanp dis vyèj yo ak egzanp talan yo. Ki jan l ap fin reponn kesyon apot yo te poze l konsènan siy prezans li an ak fen sistèm nan? Pou l fè sa, li bay yon dènye egzanp, egzanp mouton ak kabrit yo.

Men ki jan Jezi kòmanse egzanp lan: “Lè Pitit lòm nan ap vini avèk glwa li, e tout zanj yo ansanm avè l, lè sa a l ap chita sou gran twòn li an.” ​(Matye 25:31). Li pa kite okenn dout li se pèsonaj prensipal nan egzanp sa a. Souvan, li konn rele tèt li “Pitit lòm nan”. — Matye 8:20; 9:6; 20:18, 28.

Ki lè egzanp sa a ap jwenn akonplisman l? Sa ap fèt lè Jezi “vini avèk glwa li” ak zanj yo epi li chita “sou gran twòn li an”. Li te deja pale de “Pitit lòm nan k ap vini sou nyaj nan syèl la avèk pisans e avèk anpil glwa” e avèk zanj li yo. Ki lè sa t apral fèt? Sa t apral fèt “tousuit apre tribilasyon” an (Matye 24:29-31; Mak 13:26, 27; Lik 21:27). Donk, egzanp sa a t ap jwenn akonplisman l lè Jezi vini avèk glwa alavni. Ki sa l ap fè lè sa a?

Men sa Jezi esplike: “Lè Pitit lòm nan ap vini [...] tout nasyon yo ap rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. Li pral mete mouton yo adwat li, men l ap mete kabrit yo agoch li.” — Matye 25:31-33.

Men sa Jezi di anrapò ak mouton yo, ki nan pozisyon pou yo jwenn favè a: “Apre sa, Wa a ap di moun ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm Papa m beni, vin resevwa Wayòm ki te prepare pou nou depi lè monn nan te fonde a.’” ​(Matye 25:34). Poukisa Wa a fè mouton yo favè?

Men sa Wa a esplike: “Mwen te grangou, nou te ban m manje. Mwen te swaf, nou te ban m bagay pou m bwè. Mwen te yon etranje, nou te byen resevwa m. Mwen te touni, nou te abiye m. Mwen te malad, nou te pran swen m. Mwen te nan prizon, nou te vin wè m.” Lè mouton sa yo, “moun ki jis yo”, mande ki lè yo te fè bon bagay sa yo, li reponn: “Kèlkeswa sa nou te fè pou youn nan pi piti nan frè m sa yo, se pou mwen nou te fè l.” ​(Matye 25:35, 36, 40, 46). Yo pa t fè bon bagay sa yo nan syèl la, paske pa gen moun ki grangou ak moun ki swaf nan syèl la. Yo te fè bon bagay sa yo pou frè Kris yo sou tè a.

E kabrit yo menm, ki sou bò goch la? Men sa Jezi di: “Apre sa, [Wa a] ap di sa ki agoch li yo: ‘Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife ki pap janm etenn nan, dife ki te prepare pou Dyab la ak zanj li yo. Paske, mwen te grangou, nou pa t ban m anyen pou m manje. Mwen te swaf, nou pa t ban m anyen pou m bwè. Mwen te yon etranje, nou pa t byen resevwa m. Mwen te touni, nou pa t abiye m. Mwen te malad e mwen te nan prizon, nou pa t pran swen m.’” ​(Matye 25:41-43). Kabrit yo merite pou yo jije yo paske yo pa t byen boule ak frè Kris yo ki sou tè a, alòske se sa yo te dwe fè.

Apot yo aprann jijman k ap vini an t ap gen konsekans k ap dire pou toutan. Men sa Jezi di yo: “Lè sa a, [Wa a] ap reponn yo, l ap di: ‘Anverite m ap di nou sa: Kèlkeswa sa nou pa t fè pou youn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t fè l.’ Ebyen, moun sa yo pral mouri pou toutan, men moun ki jis yo pral resevwa lavi ki pap janm fini an.” — Matye 25:45, 46.

Repons Jezi bay pou kesyon apot li yo poze a bay tout lòt disip li yo anpil bagay pou yo reflechi sou yo, sa k ap ede yo egzamine atitid yo ak aksyon yo.