Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 115

Dènye fèt Pak Jezi pral selebre a ap pwoche

Dènye fèt Pak Jezi pral selebre a ap pwoche

MATYE 26:1-5, 14-19 MAK 14:1, 2, 10-16 LIK 22:1-13

  • YO PEYE JIDA ISKARYÒT POU L LIVRE JEZI

  • DE APOT AP FÈ PREPARASYON POU FÈT PAK LA

Jezi fin anseye kat nan apot li yo sou Mòn Oliv, li reponn kesyon yo te poze konsènan prezans li alavni ak fen sistèm nan.

Jounen 11 Nizan an te chaje ak aktivite! Petèt se pandan y ap retounen Betani pou y al pase nuit la, Jezi di apot yo: “Nou konnen fèt Pak la se nan de jou. Yo gen pou yo livre Pitit lòm nan pou yo kloure l sou yon poto pou l mouri.” — Matye 26:2.

Sanble Jezi pase jounen ki vin annapre a, ki se mèkredi, yon kote trankil ak apot li yo. Nan madi, li te reprimande chèf relijye yo e li te montre tout moun kiyès yo ye. Y ap chèche pou touye l. Donk, li pa parèt an piblik 12 Nizan an, piske li pa vle anyen anpeche l selebre fèt Pak la ak apot li yo nan demen apre solèy la fin kouche nan jou ki t ap kòmansman 14 Nizan an.

Men anvan fèt Pak la, prèt an chèf yo ak ansyen pami pèp la pa sispann reflechi pou yo konn sa y ap fè. Yo rasanble nan lakou gran prèt la ki rele Kayif. Pou ki rezon? Yo santi yo vekse poutèt Jezi te montre kiyès yo ye toutbon. Kounye a yo met ansanm pou yo fè plan pou yo “pran Jezi nan pyèj pou yo ka met men sou li pou yo touye l”. Ki jan e ki lè yo t apral fè sa? Yo di: “Nou pap fè sa pandan fèt la, dekwa pou pèp la pa fè dezòd.” ​(Matye 26:4, 5). Yo pè paske anpil moun renmen Jezi.

Pandan tan sa a, gen yon moun ki vin kot chèf relijye yo. Se pa ti sezi yo sezi pou yo wè se Jida Iskaryòt, youn nan apot Jezi yo, ki vin kote yo. Se Satan ki mete lide nan tèt li pou l livre Mèt li a! Jida mande yo: “Ki sa n ap ban m pou m livre l ban nou?” ​(Matye 26:15). Yo kontan anpil lè yo tande sa, yo “antann yo pou yo ba l lajan”. (Lik 22:5.) Konbyen kòb yo ba li? Yo kontan pou yo ba l 30 pyès monnen ann ajan. Li enteresan pou n konnen pri yon esklav se te 30 chekèl (Egzòd 21:32). Konsa, chèf relijye yo montre jan yo pa renmen Jezi, paske li pa gen valè nan je yo. Kounye a Jida kòmanse “chèche yon bon okazyon pou l livre l ba yo san pa gen foul moun ki la”. — Lik 22:6.

Jou 13 Nizan an kòmanse mèkredi apre solèy la fin kouche, e se sizyèm jou Jezi ap pase Betani e se dènye nuit li tou. Nan demen, y ap bezwen fè dènye preparasyon pou fèt Pak la. Se lè sa a yo dwe touye timouton pou fèt Pak la e apre sa pou yo griye l ann antye nan kòmansman 14 Nizan an. Ki kote yo pral selebre fèt la, e kiyès ki pral fè preparasyon yo? Jezi pa t bay detay sou sa. Se sa k fè, Jida pa ka bay prèt an chèf yo enfòmasyon.

Pandan yo toujou Betani, petèt byen bonè nan jedi aprèmidi, Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo: “Al prepare manje Pak la pou nou pou n manje.” Yo reponn: “Ki kote w vle nou prepare l?” Men sa Jezi esplike yo: “Lè nou antre nan vil la, gen yon mesye k ap pote yon krich dlo k ap vin rankontre ak nou. Suiv li al nan kay kote l antre a. E di mèt kay la: ‘Anseyan an voye mande w: “Kote pyès pou m manje manje Pak la avèk disip mwen yo ye la a?”’ Epi, l ap montre nou yon gwo pyès aletaj ki tou pare. Prepare manje Pak la la.” — Lik 22:8-12.

Sandout, mèt kay la se yon disip Jezi petèt k ap tann pou Jezi mande l si l ka sèvi ak kay li a nan okazyon espesyal sa a. Antouka, lè de apot yo rive Jerizalèm, yo jwenn tout bagay egzakteman jan Jezi te di yo sa a. Konsa, yo asire yo pou ti mouton an pare e pou tout lòt aranjman yo fèt pou pèmèt yo toule 13 la selebre fèt Pak la, anpalan de Jezi ak 12 apot li yo.