Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 118

Y ap fè diskisyon pou yo konnen kiyès ki pi enpòtan

Y ap fè diskisyon pou yo konnen kiyès ki pi enpòtan

MATYE 26:31-35 MAK 14:27-31 LIK 22:24-38 JAN 13:31-38

  • JEZI BAY KONSÈY SOU ZAFÈ POZISYON AN

  • JEZI FÈ KONNEN PYÈ AP NYE L

  • LANMOU DISIP JEZI YO GENYEN PÈMÈT YO REKONÈT YO

Nan dènye sware Jezi t ap pase ak disip li yo, li te anseye yon bèl leson sou imilite lè l te lave pye apot li yo. Poukisa sa l te fè a te byen tonbe? Se paske apot yo te montre yo te gen yon feblès lakay yo. Yo te gen atachman pou Bondye, men, yo te toujou ap chèche konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan (Mak 9:33, 34; 10:35-37). Feblès yo te genyen an te vin parèt ankò nan sware sa a.

Apot yo te pete “yon gwo diskisyon tou pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan”. (Lik 22:24.) Se pa ti tris sa dwe te fè Jezi tris lè l wè y ap fè gwo diskisyon ankò! Ki sa l fè?

Olye pou Jezi reprimande apot yo pou atitid ak konpòtman yo te genyen an, li rezone avèk yo ak pasyans, li di yo: “Wa nasyon yo domine sou moun yo, e moun ki gen otorite sou yo, yo rele yo “papa bon kè”. Men nou menm, nou pa dwe konsa. [...] Paske, kiyès ki pi enpòtan, moun k ap manje a oswa moun k ap sèvi a?” Apre sa, pou l fè yo sonje egzanp li te toujou ba yo, li di: “Epoutan, mwen menm, mwen nan mitan nou antanke moun k ap sèvi nou.” — Lik 22:25-27.

Malgre apot yo enpafè, yo toujou ret ak Jezi nan tout sitiyasyon difisil yo. Se sa k fè li di: “Menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen pou yon wayòm, mwen fè yon alyans avèk nou tou pou yon wayòm.” ​(Lik 22:29). Mesye sa yo se disip Jezi ki fidèl. Lefètke li fè yon alyans avèk yo li ba yo asirans y ap dirije avè l nan Wayòm nan.

Byenke apot yo gen bèl posiblite sa a, yo toujou moun enpafè. Jezi di yo: “Satan mande pou l vannen nou tout tankou ble y ap vannen”, ki gaye pandan y ap vannen l (Lik 22:31). Anplis de sa, li bay avètisman sa a: “Aswè a, nou tout pral kite m poutèt sa k pral rive m nan, paske men sa ki ekri: ‘M ap frape bèje a, e mouton ki nan twoupo a ap gaye.’” — Matye 26:31; Zakari 13:7.

Men sa Pyè di avèk konfyans: “Menmsi tout lòt yo kite w poutèt sa k pral rive w la, mwen menm, mwen pap janm kite w!” ​(Matye 26:33). Jezi di Pyè anvan yon kòk chante de fwa nan nuit lan Pyè ap nye l. Sepandan, Jezi di: “Mwen sipliye Bondye pou ou pou lafwa w pa febli. E ou menm, yonfwa w retounen, bay frè w yo fòs.” ​(Lik 22:32). Men, Pyè di Jezi avèk asirans: “Menmsi m ta dwe mouri avè w, pa gen anyen k ap fè m nye w.” ​(Matye 26:35). Lòt apot yo di menm bagay la.

Jezi di disip li yo: “Se pou yon tikras tan ankò mwen avèk nou. Nou gen pou nou chèche m. E jan mwen te di Juif yo, m ap di nou sa kounye a tou: ‘Nou pa ka ale kote m prale a.’” Apre sa li di: “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:33-35.

Lè Pyè tande Jezi di se pou yon tikras tan ankò l ap avèk yo, li di: “Seyè, kote w prale?” Jezi reponn: “Kote m prale a ou pa ka suiv mwen kounye a, men ou va suiv mwen apre.” Pyè twouble, li di l: “Seyè, sa k fè mwen pa ka suiv ou kounye a? M ap bay lavi m pou ou.” — Jan 13:36, 37.

Kounye a Jezi pale ak apot yo konsènan moman l te voye yo al fè yon kanpay predikasyon nan tout Galile san yo pa t pot bous ak sa k pwovizyon (Matye 10:5, 9, 10). Jezi mande yo: “Èske nou te manke yon bagay?” Yo reponn: “Non!” Men, ki sa yo ta dwe fè nan jou k ap vini yo? Men ki enstriksyon Jezi ba yo: “Se pou moun ki gen yon bous pran l e se pou l pran yon sak pou pwovizyon tou. E si yon moun pa gen epe, se pou l vann rad li pou l achte youn. Paske, m ap di nou sa: Sa ki ekri a, sa vle di pawòl ki di: ‘Yo te mete l pami moun ki san lwa yo’ dwe reyalize sou mwen. Paske, sa ki ekri sou mwen yo ap reyalize.” — Lik 22:35-37.

Jezi atire atansyon sou moman yo pral kloure l sou yon poto nan mitan malfektè yo oswa moun ki t ap vyole lalwa yo. Apre sa disip li yo pral fè fas ak gwo pèsekisyon. Yo santi yo pare pou sa, se sa k fè yo di: “Seyè, gade! gen de epe la a.” Jezi reponn: “Sa sifi.” ​(Lik 22:38). Talè konsa, zafè de epe yo genyen an pral bay Jezi posiblite pou l anseye yo yon lòt leson enpòtan.