Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 120

Li ankouraje yo pou yo se branch ki bay fwi e pou yo vin zanmi l

Li ankouraje yo pou yo se branch ki bay fwi e pou yo vin zanmi l

JAN 15:1-27

  • BON PYE REZEN AN AK BRANCH YO

  • FASON POU N RETE NAN LANMOU JEZI

Jezi sot fè yon bèl konvèsasyon ak apot fidèl li yo e li ankouraje yo. Li vin ta, petèt li gentan depase minui. Kounye a, Jezi ba yo yon bèl egzanp.

Pou kòmanse, li di: “Mwen se bon pye rezen an, e Papa m se kiltivatè a.” ​(Jan 15:1). Egzanp li bay la sanble ak egzanp yo te bay sa gen plizyè syèk konsènan nasyon Izrayèl la, yo te rele pye rezen Jewova a (Jeremi 2:21; Oze 10:1, 2). Sepandan, Jewova te rejte nasyon sa a (Matye 23:37, 38). Se sa k fè, Jezi vin ak yon lòt ide. Li se pye rezen Papa l ap kiltive a. Papa l kòmanse fè sa depi nan ane 29 epòk nou an lè l te chwazi Jezi pa mwayen lespri sen l. Men, Jezi montre se pa sèlman li menm pye rezen sa a reprezante, li di:

“[Papa m] retire kèlkeswa branch nan mwen ki pa bay fwi, e li pwòpte kèlkeswa branch ki bay fwi, pou l ka bay plis fwi. [...] Yon branch pa ka bay fwi poukont li si l pa rete nan pye rezen an. Se menm jan an tou, nou pa ka bay fwi si nou pa rete ann inyon avè m. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo.” — Jan 15:2-5.

Jezi te pwomèt disip fidèl li yo, apre l fin ale l ap voye yon èd, anpalan de lespri sen an. Senkant jou annapre, apot yo ak lòt disip ankò te resevwa lespri sen, konsa, yo te vin tounen branch nan pye rezen an. Tout “branch” yo ta dwe rete kole ak Jezi. Pou yo fè ki sa?

Men sa Jezi esplike: “Yon moun ki rete ann inyon avè m e mwen rete ann inyon avèk li, moun sa a ap bay anpil fwi, paske san mwen menm, nou pa ka fè anyen ditou.” “Branch” sa yo, ki se disip fidèl li yo, t ap bay plis fwi lè yo imite kalite Jezi genyen yo, lè yo toujou ap pale ak lòt moun sou Wayòm Bondye a ak lè yo fè plis disip. E si yon moun pa rete ann inyon ak Jezi epi li pa bay fwi? Men sa Jezi esplike: “Si yon moun pa rete ann inyon avè m, y ap voye l jete.” Yon lòt bò, Jezi di: “Si nou rete ann inyon avè m e si pawòl mwen yo rete nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, n ap jwenn li.” — Jan 15:5-7.

Kounye a, Jezi retounen sou sa l te deja pale pandan de fwa: Kontinye obeyi kòmandman l yo (Jan 14:15, 21). Li pale konsènan yon fason enpòtan disip yo t ap montre yo fè sa, li di: “Si nou obeyi kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen obeyi kòmandman Papa a e mwen rete nan lanmou l.” Sepandan, se pa sèlman lè nou renmen Jewova ak Pitit li a n ap montre nou obeyi kòmandman l yo. Men sa Jezi di: “Men kòmandman mwen bay: Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l. Nou se zanmi m si nou fè sa mwen ban nou lòd fè.” — Jan 15:10-14.

Nan kèk èdtan, Jezi pral demontre lanmou l lè l bay lavi l pou tout moun ki demontre yo gen lafwa nan li. Egzanp li an ta dwe pouse disip li yo fè menm jan avè l: Lanmou yo gen pou lòt moun ap pouse yo fè sakrifis pou lòt moun. Se lanmou sa a ki t apral fè moun konnen yo, jan Jezi te di sa. Men sa l te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:35.

Apot yo ta dwe remake Jezi rele yo “zanmi”. Li fè yo konnen sa k fè l rele yo konsa, li di: “Mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di.” Se pa ti bèl sa bèl pou yon moun vin bon zanmi Jezi epi pou l konnen sa Papa a di l! Men, pou yo ka rive gen yon amitye konsa, yo dwe “kontinye bay fwi”. Si yo fè sa, Jezi di ‘kèlkeswa sa yo mande Papa a nan non l, Papa a ap ba yo l’. — Jan 15:15, 16.

Lanmou ki nan mitan “branch” sa yo, anpalan de disip li yo, ap ede yo andire kèlkeswa sa k ka rive. Li fè yo konnen monn nan t ap rayi yo, men, li ba yo ankourajman sa a: “Si monn nan rayi nou, nou konnen li te rayi m anvan li rayi nou. Si nou te fè pati monn nan, monn nan t ap atache ak nou, paske nou t ap pou li. Kòm nou pa fè pati monn nan, [...] se pou rezon sa a monn nan rayi nou.” — Jan 15:18, 19.

Li bay lòt rezon ankò ki fè monn nan t ap rayi yo, li di: “Yo pral fè nou tout bagay sa yo akoz non mwen, paske yo pa konnen Sila a ki voye m nan.” Jezi fè konnen bagay estrawòdinè li te fè yo kondane moun ki te rayi l yo, li di: “Si mwen pa t fè sa pèsonn lòt moun pa t fè nan mitan yo, yo pa t ap peche. Men, kounye a, yo wè sa m fè e yo rayi ni mwen ni Papa m.” Se sa k fè, rayi yo rayi l la reyalize yon pwofesi. — Jan 15:21, 24, 25; Sòm 35:19; 69:4.

Yon lòt fwa ankò, Jezi pwomèt l ap voye yon èd, ki se lespri sen an. Tout disip li yo t ap ka jwenn fòs estrawòdinè sa a, e sa t ap ka ede yo bay fwi, sa vle di “bay temwayaj”. — Jan 15:27.