Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 121

“Pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan”

“Pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan”

JAN 16:1-33

  • TALÈ KONSA APOT YO PAP WÈ JEZI ANKÒ

  • LAPENN APOT YO AP VIN TOUNEN KÈ KONTAN

Jezi ak apot yo sou wout pou yo kite chanm aletaj la, kote yo te manje manje Pak la. Apre li fin ba yo bonjan konsèy, li di: “Mwen di nou bagay sa yo dekwa pou nou pa abandone m.” Poukisa konsèy sa yo byen tonbe? Men sa li di yo: “Y ap mete nou deyò nan sinagòg yo. Anfèt, gen yon lè k ap rive kote moun ap touye nou e y ap panse se yon sèvis sakre yo fè pou Bondye.” — Jan 16:1, 2.

Sa Jezi di a te ka twouble apot yo. Se vre, anvan sa, Jezi te di monn nan t ap rayi yo, men li pa t fè apot yo konnen aklè y ap gen pou touye yo. Poukisa li pa t di yo sa? Men sa Jezi di: “Mwen pa t di nou bagay sa yo okòmansman paske mwen te ansanm avèk nou.” ​(Jan 16:4). Kounye a, l ap prepare lespri yo anvan l ale. Sa ap ka ede yo pou yo pa bite pi devan.

Men sa Jezi di ankò: “Mwen pral jwenn Sila a ki voye m nan. Epoutan, pa gen youn nan nou ki mande m: ‘Kote w prale?’” Anvan sa, nan menm nuit sa a, yo te mande l kote l prale (Jan 13:36; 14:5; 16:5). Men kounye a, sa Jezi di anrapò ak pèsekisyon an tèlman boulvèse yo, lapenn anvayi yo. Donk, yo pa poze kesyon sou glwa k ap tann yo oswa sa sa t ap vle di pou vrè adoratè yo. Men sa Jezi di: “Tristès anvayi kè nou poutèt mwen di nou bagay sa yo.” — Jan 16:6.

Apre sa, men sa Jezi esplike: “Se nan enterè nou mwen prale. Paske, si m pa ale, èd la pap vin jwenn nou. Men, lè m ale, m ap voye l ban nou.” ​(Jan 16:7). Se sèlman pa mwayen lanmò Jezi ak ale li prale nan syèl la disip yo ap ka resevwa lespri sen l ap voye tankou yon èd pou moun pa l yo nenpòt kote yo ye sou tè a.

Lespri sen ap “montre monn nan aklè sa ki peche, l ap montre l sa ki jis e l ap montre l ki sa jijman ye”. (Jan 16:8.) Vrèmanvre, tout moun ap wè aklè jan monn nan pa rive demontre lafwa nan Pitit Bondye a. Anplis de sa, lè Jezi monte al jwenn Papa l, sa pral montre aklè li se sila a ki fè sa ki jis la, e sa ap montre poukisa Satan “chèf monn” nan merite resevwa yon jijman kondanasyon. — Jan 16:11.

Men sa Jezi kontinye pou l di: “Mwen gen anpil bagay pou m di nou toujou, men, nou pa ka konprann yo kounye a.” Lè l vide lespri sen sou yo, l ap ede yo konprann “laverite nèt”, e y ap ka viv ann amoni ak verite sa a. — Jan 16:12, 13.

Apot yo boulvèse akoz lòt pawòl Jezi di yo. Men sa li di: “Nan yon ti tan, nou pap wè m, men apre yon ti tan ankò, n ap wè m.” Youn ap mande lòt sa l vle di. Jezi wè apot yo vle poze l kesyon sou sijè sa a. Se sa k fè li ba yo esplikasyon, li di: “Anverite m ap di nou sa: Nou pral kriye e nou pral rele, men monn nan pral rejwi. Nou pral nan lapenn, men lapenn nou an ap tounen kè kontan.” ​(Jan 16:16, 20). Lè yo touye Jezi nan demen aprèmidi, chèf relijye yo kontan, men disip yo nan lapenn. Men, lapenn yo a tounen kè kontan lè Jezi resisite! E yo kontinye gen kè kontan lè li vide lespri sen Bondye sou yo.

Jezi konpare sitiyasyon apot yo ak sitiyasyon yon fi ki gen tranche, li di: “Lè yon fi ap akouche, kè l sere, paske lè l rive. Men, lè l fin fè pitit la, li pa sonje soufrans yo ankò, paske li kontan poutèt yon moun fèt sou tè a.” Men ki ankourajman Jezi bay apot li yo: “Se konsa tou, nou menm, nou nan lapenn kounye a. Men, m ap gen pou m wè nou ankò, e kè nou ap kontan, e pèsonn pap fè nou pèdi kè kontan n ap genyen an.” — Jan 16:21, 22.

Jiska prezan, apot yo pa t janm mande Bondye anyen nan non Jezi. Men kounye a, li di yo: “Jou sa a, n ap fè Papa a demann nan non mwen.” Poukisa y ap fè sa? Se pa paske Papa a pa reponn priyè yo fè. Anfèt, Jezi di: “Papa a li menm gen afeksyon pou nou, poutèt nou gen afeksyon pou mwen [...] kòm reprezantan Bondye.” — Jan 16:26, 27.

Pawòl Jezi di yo ankouraje apot yo anpil, sa fè yo gen kouraj pou yo di: “Se sa ki fè nou kwè se bò kote Bondye w soti.” Annapre, konfyans sa yo genyen an t apral pase anba eprèv. Anfèt, Jezi esplike sa k ap tann yo pi devan, li di: “Gade! Gen yon lè k ap vini, e vrèman, lè a deja rive, kote n ap gaye, chak moun pral lakay yo, e n ap kite m poukont mwen.” Men, li ba yo asirans sa a: “Mwen di nou bagay sa yo pou nou ka gen lapè grasa mwen. N ap gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan.” ​(Jan 16:30-33). Vrèmanvre, Jezi pap abandone yo. Li te gen asirans yo menm tou y ap ka pot laviktwa sou monn nan, menm jan li menm li fè sa, si yo akonpli volonte Bondye fidèlman malgre tout sa Satan ak monn li an eseye fè pou kraze entegrite yo.