Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 122

Dènye priyè Jezi fè anvan l kite pyès aletaj la

Dènye priyè Jezi fè anvan l kite pyès aletaj la

JAN 17:1-26

  • BYENFÈ YON MOUN AP JWENN LÈ L VIN KONNEN BONDYE AK PITIT LI A

  • JEWOVA, JEZI AK DISIP YO FÈ YOUN

Gwo lanmou Jezi gen pou apot li yo pouse l prepare yo paske li pral kite yo talè konsa. Kounye a, li leve je l gade syèl la e li priye Papa l: “Fè Pitit ou a jwenn glwa, pou Pitit ou a ka ba w glwa. Ou ba l pouvwa sou tout moun. Ou fè sa pou l ka bay tout moun ou ba li yo lavi ki pap janm fini an.” — Jan 17:1, 2.

Li klè, Jezi rekonèt sa k pi enpòtan se bay Bondye glwa. Men, se pa ti rekonfòtan sijè Jezi pale sou li a rekonfòtan, anpalan de lavi ki pap janm fini an! Etandone Papa Jezi ba l “pouvwa sou tout moun”, li kapab aplike byenfè sakrifis l ap bay kòm ranson an pou tout limanite. Men, se sèlman kèk moun k ap jwenn benediksyon sa a. Poukisa se kèk moun? Se paske Jezi fè konnen se sèlman moun ki fè sa ki di annapre a k ap jwenn byenfè sakrifis l ap bay kòm ranson an, li di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” — Jan 17:3.

Yon moun dwe byen aprann konnen Papa a ak Pitit la, li dwe vin bon zanmi yo. Li dwe wè bagay yo menm jan ak yo. E sitou, li dwe fè efò pou l imite kalite san parèy yo genyen yo nan fason l ap boule ak lòt moun. E li dwe rekonèt, bay Bondye glwa pi enpòtan pase lavi ki pap janm fini an, lèzòm pral jwenn nan. Kounye a, Jezi pale sou sa, li di:

“Mwen te ba w glwa sou tè a, mwen fini travay ou te ban m fè a. Kounye a, Papa, fè m jwenn glwa, fè m vin bò kote w pou m ka gen glwa mwen te genyen lè m te bò kote w anvan monn nan te egziste a.” ​(Jan 17:4, 5). Wi, kounye a, li mande Bondye pou l resisite l pou l ka rejwenn glwa li te gen nan syèl la.

Sepandan, Jezi pa bliye sa l te akonpli pandan aktivite l sou tè a. Men ki priyè l fè: “Moun ou te retire nan mitan monn nan pou w ban mwen yo, mwen fè yo konnen non w. Yo te pou ou, ou ban mwen yo, e yo obeyi pawòl ou.” ​(Jan 17:6). Pandan aktivite Jezi sou tè a, li te fè plis pase site non Bondye, ki se Jewova. Li te ede apot li yo konnen sa non sa a reprezante, sa vle di, kalite Bondye yo ak fason li aji ak lèzòm.

Apot yo te rive konnen Jewova, wòl Pitit li an ak bagay Jezi te anseye yo. Avèk imilite Jezi di: “Mwen fè yo konnen pawòl ou te di m yo, e yo aksepte yo. Yo vin konnen toutbon mwen vini kòm reprezantan w, e yo kwè se ou ki voye m.” — Jan 17:8.

Donk, Jezi rekonèt diferans ki genyen ant disip li yo ak moun nan monn nan an jeneral, li di: “Se pa pou monn nan m ap fè l, men se pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. [...] Papa, ou menm ki sen, voye je sou yo poutèt non w ou ban mwen an, dekwa pou yo ka vin fè youn menm jan mwen menm avè w nou fè youn. [...] Mwen te pwoteje yo. Pa gen youn nan yo ki detwi, eksepte pitit destriksyon an”, anpalan de Jida Iskaryòt ki te gen misyon pou l livre Jezi. — Jan 17:9-12.

Jezi kontinye priyè l ap fè a, li di: “Monn nan rayi yo [...]. Mwen pa mande w pou w retire yo nan monn nan, men mwen mande w pou w voye je sou yo akoz Mechan an. Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan.” ​(Jan 17:14-16). Se vre apot yo ak lòt disip yo nan monn nan, sa vle di sosyete ki òganize Satan ap dirije a, men yo separe ak monn nan e yo dwe toujou ret separe avè l ansanm ak mechanste k ap fèt ladan l. Ki jan yo t ap gen pou yo fè sa?

Yo dwe rete sen, pou yo mete yo apa pou yo sèvi Bondye, lè yo aplike laverite yo jwenn nan Liv ki te ekri ann ebre yo ak laverite Jezi li menm te anseye yo. Men ki priyè Jezi te fè: “Fè yo vin sen grasa laverite. Pawòl ou se laverite.” ​(Jan 17:17). Rive yon lè, Bondye t ap enspire kèk nan apot yo pou yo ekri liv ki t ap vin fè pati “laverite”, ki ka ede yon moun vin sen.

Men, rive yon lè, t ap gen lòt moun ki t ap aksepte “laverite”. Donk, Jezi pa priye “pou yo sèlman [moun ki la yo], men [...] tou pou moun k ap mete lafwa nan [li] grasa sa y ap anseye”. Ki sa Jezi mande pou tout moun sa yo fè? Li di: “Pou yo tout ka vin youn, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m e mwen ann inyon avèk ou, pou yo menm tou ka vin ann inyon avèk nou.” ​(Jan 17:20, 21). Jezi ak Papa l pa fè youn yon fason literal. Yo fè youn nan sans yo dakò sou tout bagay. Jezi priye pou disip li yo ka vin fè youn menm jan an tou.

Yon tikras tan anvan sa, Jezi te di Pyè ak lòt apot yo li pral prepare yon plas pou yo, sa vle di yon plas nan syèl la (Jan 14:2, 3). Kounye a, li tounen sou ide sa a nan priyè a, li di: “Papa, mwen ta renmen pou kote mwen ye se la moun ou ban mwen yo ye tou, yon fason pou yo ka wè glwa ou ban mwen an, paske w te renmen m depi anvan monn nan te fonde.” ​(Jan 17:24). Donk, li fè konnen depi byen lontan, anvan menm Adan ak Èv te fè pitit, Bondye te renmen sèl Pitit li fè a, ki vin rele Jezi Kris.

Nan fen priyè Jezi fè a, yon lòt fwa ankò, li met aksan sou non Papa l ak lanmou Bondye gen pou apot yo ak lòt moun ki aksepte “laverite”, li di: “Epi, mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l, dekwa pou lanmou w gen pou mwen an ka nan yo e mwen menm pou m ann inyon avèk yo.” — Jan 17:26.