Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 123

Li kontinye priye pandan l nan gwo lapenn

Li kontinye priye pandan l nan gwo lapenn

MATYE 26:30, 36-46 MAK 14:26, 32-42 LIK 22:39-46 JAN 18:1

  • JEZI NAN JADEN JETSEMANE A

  • SWÈ L TANKOU GOUT SAN

Jezi fin priye ak apot fidèl li yo. E “lè yo fin chante pou yo louwe Bondye, yo soti al sou Mòn Oliv”. (Mak 14:26.) Yo pran direksyon zòn lès pou y al nan yon jaden ki rele Jetsemane, yon kote Jezi te gen abitid ale.

Lè yo rive nan bon ti kote sa a ki antoure ak pye oliv, Jezi kite uit nan apot li yo la. Petèt, yo rete nan rantre jaden an, paske Jezi di yo: “Chita la pandan m pral priye lòtbò a.” Jezi pran twa nan apot yo, anpalan de Pyè, Jak ak Jan, epi y ale pi lwen nan jaden an. Li vin boulvèse anpil epi li di twa apot yo: “Mwen nan gwo lapenn, mwen santi se mouri m ap mouri. Rete la, epi kontinye veye avè m.” — Matye 26:36-38.

Jezi al yon kote apa epi li “bese fas li jis atè e li kòmanse priye”. Sou ki sa l ap priye Bondye nan moman sa a ki bay anpil strès? Men sa l di nan priyè a: “Papa, tout bagay posib pou ou. Retire koup sa a devan m. Men, se pa jan mwen vle, men se jan ou vle.” ​(Mak 14:35, 36). Ki sa Jezi vle di? Èske se rale l ap rale kò l pou l pa jwe wòl li antanke Moun ki dwe bay lavi l kòm ranson an? Non!

Pandan Jezi te nan syèl la, li te konn wè jan Women yo te konn ap fè lòt moun soufri jiskaske yo mouri. Kounye a, antanke moun ki gen tandrès e ki ka santi soufrans, Jezi te ka ap rete konsantre sou sa k ap tann li, men se pa sa l te fè. Sa k te fè l plis nan lapenn se paske li konprann fason l pral mouri tankou yon gwo kriminèl la pral sal non Papa l. Nan kèk èdtan yo pral kloure l sou yon poto tankou yon moun k ap fè blasfèm kont Bondye.

Apre Jezi fin pase anpil tan ap priye, li retounen e li jwenn twa apot yo ap dòmi. Li pale ak Pyè, li di l: “Nou pa menm ka kontinye veye avè m pou inèdtan? Kontinye veye e kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.” Men, Jezi konprann jan yo sot anba strès e li konnen li ta anpil, li di: “Se vre, lespri a byen dispoze, men chè a fèb.” — Matye 26:40, 41.

Ansuit, Jezi ale yon dezyèm fwa, e li mande Bondye pou l retire “koup sa a”. Lè li retounen, li jwenn twa apot yo ap dòmi ankò, alòske yo ta dwe ap priye pou yo pa tonbe nan tantasyon. Lè Jezi pale avèk yo, “yo pa t konn sa pou yo reponn li”. (Mak 14:40.) Jezi ale yon twazyèm fwa, e li mete ajenou pou l priye.

Jezi gen gwo enkyetid paske fason l pral mouri tankou kriminèl la ap sal non Papa l. Sepandan, Jewova koute priyè Pitit gason l lan, li voye yon zanj pou vin ba l fòs. Malgre sa, Jezi pa sispann sipliye Papa l, li kontinye “priye pi rèd toujou”. Li gen yon gwo strès. Se yon gwo responsablite Jezi gen sou do l! Posiblite li genyen pou li menm ak moun ki kwè nan li yo gen lavi pou toutan an riske. Se sa k fè, ‘swè l vin tounen gout san k ap tonbe atè’. — Lik 22:44.

Apre sa, Jezi retounen yon twazyèm fwa kot apot li yo e li jwenn y ap dòmi ankò. Li di yo: “Nan yon moman konsa se dòmi n ap dòmi, se repoze n ap repoze! Gade! Lè a prèske rive pou yo livre Pitit lòm nan nan men pechè yo. Leve, ann ale. Men moun k ap livre m nan ap vini.” — Matye 26:45, 46.