Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 128

Pilat ak Ewòd wè Jezi inosan

Pilat ak Ewòd wè Jezi inosan

MATYE 27:12-14, 18, 19 MAK 15:2-5 LIK 23:4-16 JAN 18:36-38

  • PILAT AK EWÒD AP POZE JEZI KESYON

Jezi pa kache Pilat li se yon wa vre. Men, Wayòm li an pa yon menas pou Wòm. Men sa l di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si Wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen pou yo pa livre m bay Juif yo. Men, se pa la Wayòm mwen an soti.” ​(Jan 18:36). Vrèmanvre, Jezi fè konnen li gen yon Wayòm, men Wayòm sa a pa nan monn sa a.

Pilat ensiste plis toujou. Li di l: “Ebyen, ou se yon wa?” Jezi fè Pilat konnen sa l konprann nan se sa. Li di l: “Se ou menm ki di mwen se yon wa. Rezon ki fè mwen fèt e ki fè mwen vin nan monn nan se pou m bay temwayaj sou laverite. Tout moun ki pou laverite koute vwa mwen.” — Jan 18:37.

Anvan sa, men sa Jezi te di Toma: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a.” Kounye a, menm Pilat tande rezon ki fè Bondye te voye Jezi sou tè a se te pou Jezi bay temwayaj sou “laverite”, sitou laverite konsènan Wayòm li an. Jezi deside kontinye respekte verite sa a fidèlman, menmsi sa ka lakòz li pèdi lavi l. Men sa Pilat mande: “Sa k laverite a?” Men, li pa tann Jezi reponn li. Li panse li gen ase enfòmasyon pou l jije Jezi. — Jan 14:6; 18:38.

Pilat soti ankò al jwenn foul moun yo k ap tann deyò palè a. Sanble li soti avèk Jezi bò kote l, li di prèt an chèf yo ak moun ki te ansanm avèk yo: “Mwen pa jwenn anyen mal nan mesye sa a.” Desizyon l pran an fè foul moun yo vin an kòlè, yo di: “Li monte tèt pèp la ak ansèyman l simaye nan tout Jide, kòmanse Galile pou rive isit la.” — Lik 23:4, 5.

Juif yo tèlman fanatik, yo pa tande yo pa wè! Pilat sezi wè sa. Se sa k fè, pandan prèt an chèf yo ak ansyen yo kontinye ap rele byen fò, Pilat di Jezi: “Ou pa tande tout kantite bagay y ap di sou ou?” ​(Matye 27:13). Jezi pa reponn. Pilat sezi wè jan li rete kalm devan akizasyon yo lage sou do l avèk mechanste.

Juif yo te fè konnen Jezi te ‘kòmanse aktivite l Galile’. Lè Pilat tande sa, li vin konprann Jezi se moun Galile. Konsa, li wè sa kòm yon mwayen pou l retire kò l pou l pa jije Jezi. Ewòd Antipas (pitit Ewòd Legran), gouvènè Galile a, te vin Jerizalèm pou fèt Pak la, konsa, Pilat voye Jezi ba li. Se Ewòd Antipas ki te fè koupe tèt Jan ki te konn batize moun nan, men ansuit, lè Ewòd tande pale de mirak Jezi ap fè yo, li pè pou Jezi se pa Jan ki leve sot nan lanmò. — Lik 9:7-9.

Kounye a, Ewòd kontan anpil poutèt li pral rankontre ak Jezi. Se pa paske li vle ede Jezi oswa paske li ta renmen konnen si akizasyon yo lage sou do Jezi yo chita sou yon bagay ki fè li ta renmen wè l. Ewòd jis vle wè l, e li te “bezwen wè l k ap fè mirak”. (Lik 23:8.) Sepandan, Jezi refize fè sa Ewòd ta renmen l fè a. Anfèt, toutpandan Ewòd ap poze l kesyon, li pa di yon mo. Kòm Ewòd pa jwenn sa l te vle a, li menm ansanm ak sòlda l yo pase Jezi “nan rizib”. (Lik 23:11.) Yo abiye l ak yon bèl rad pou pase l nan jwèt. Apre sa, li voye l tounen bay Pilat. Se konsa Ewòd ak Pilat, ki te ènmi, vin bon zanmi kounye a.

Lè Jezi retounen, Pilat fè rele prèt an chèf yo, chèf juif yo ak pèp la, li di yo: “Mwen poze l kesyon devan nou, men, mwen pa jwenn anyen ki pwouve akizasyon nou lage sou do l yo. An reyalite, Ewòd pa jwenn anyen nonplis, paske li voye l tounen ban nou. Tande! misye pa fè anyen ki merite lanmò. Se sa k fè m ap pini l epi m ap lage l.” — Lik 23:14-16.

Li anvi lage Jezi, paske li rann li kont se jalouzi ki fè prèt yo livre l ba li. Pandan Pilat kontinye ap chèche lage Jezi, li vin jwenn yon pi gwo rezon ki ta pouse l fè sa. Detan l chita nan tribinal la, madanm li voye di l: “Pa mele nan zafè mesye sa a, li inosan. Paske, mwen boulvèse anpil jodi a akoz yon rèv [sanble ki soti nan Bondye] mwen fè sou li.” — Matye 27:19.

Piske Pilat konnen l ta dwe lage mesye sa a ki inosan, ki sa l pral fè?