Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 134

Tonm nan vid, Jezi vivan!

Tonm nan vid, Jezi vivan!

MATYE 28:3-15 MAK 16:5-8 LIK 24:4-12 JAN 20:2-18

  • BONDYE RESISITE JEZI

  • SA K PASE LÈ YO RIVE NAN TONM KOTE KÒ JEZI TE YE A

  • LI PARÈT DEVAN PLIZYÈ MEDAM

Se pa ti chòk sa ye pou medam yo pou yo jwenn tonm nan vid! Mari, moun Magdala a, kouri al kot “Simon Pyè ak lòt disip la, disip Jezi te gen afeksyon pou li a” sa vle di apot Jan (Jan 20:2). Sepandan, lè lòt medam yo al nan tonm nan yo wè yon zanj. Lè yo antre anndan tonm nan yo jwenn yon lòt zanj ki “abiye ak yon wòb blan ki long”. — Mak 16:5.

Gen youn nan zanj yo ki di: “Nou pa bezwen pè, paske mwen konnen se Jezi yo te kloure sou poto a n ap chèche. Li pa isit la, paske, jan l te di a, Bondye leve l sot nan lanmò. Vin wè kote yo te depoze l la. Epi, fè vit al di disip li yo Bondye leve l sot nan lanmò, li pran devan l al Galile.” ​(Matye 28:5-7). Se sa k fè medam yo “t ap tranble e yo te sezi anpil”, yo kouri al bay disip yo nouvèl la. — Mak 16:8.

Pandan tan sa a, Mari jwenn Pyè ak Jan, li bouke anpil epi li di yo: “Yo retire Seyè a nan tonm nan, e nou pa konn kote yo mete l.” ​(Jan 20:2). Pyè ak Jan kouri y ale. Jan kouri pi vit, e li rive bò tonm nan anvan. Li voye je l li gade li wè bandaj yo, men li rete deyò.

Lè Pyè rive, li antre anndan an san ezite. Li wè twal yo te vlope kò Jezi a depoze yon kote, e li wè twal yo te vlope tèt Jezi a tou. Kounye a, Jan antre nan tonm nan, e lè sa a li kwè sa Mari te di a. Men, ni Pyè ni Jan pa rive konprann Jezi leve, menm lè Jezi te toujou di yo li gen pou l leve (Matye 16:21). Yo toule de yon ti jan twouble, yo retounen lakay yo. Men, Mari, ki te retounen nan tonm nan, rete la.

Pandan tan sa a, lòt medam yo ap prese pou y al di disip yo Jezi resisite. Pandan y ap kouri, Jezi rankontre avèk yo, li di: “Bonjou!” Medam yo lage kò yo nan pye l, e “yo pwostène devan l”. Apre sa, Jezi di: “Nou pa bezwen pè. Al pot nouvèl la bay frè m yo pou yo ka al Galile. Se la y ap wè m.” — Matye 28:9, 10.

Yon ti tan anvan sa, lè tranblemanntè a te fèt epi zanj yo te parèt la, sòlda ki t ap veye tonm nan “te pran tranble e yo te vin tankou moun ki mouri”. Kou yo reprann yo, y al nan vil la tousuit “[y] al rakonte prèt an chèf yo tout sa k te pase”. Apre prèt an chèf yo fin pale ak ansyen pami Juif yo, yo pran desizyon pou yo eseye kache sa k rive a, konsa yo bay sòlda yo kòb pou yo pa pale. Yo di yo pou yo di: “Pandan nou t ap dòmi, disip li yo vini nan nuit lan, yo vòlè kò a.” — Matye 28:4, 11, 13.

Piske pinisyon sòlda women yo ka resevwa poutèt y ap dòmi sou pòs yo se lanmò, men pwomès prèt yo fè: “Si pawòl sa a [manti yo bay kòmkwa yo t ap dòmi an] rive nan zòrèy gouvènè a, n ap esplike l sa k te pase, epi nou pap bezwen bay tèt nou pwoblèm.” ​(Matye 28:14). Etandone yo te bay sòlda yo kòb pou yo pa pale, yo fè sa prèt yo te ba yo lòd pou yo di a. Sa vin lakòz manti ki fè kwè yo vòlè kò Jezi a vin gaye nèt nan mitan Juif yo.

Mari, moun Magdala, ret pa deyò tonm nan. Tristès anvayi l. Li panche pou l gade anndan tonm nan, li wè de zanj abiye an blan ki parèt. Youn chita kote tèt Jezi te ye a e lòt la chita kote pye l te ye a. Yo mande Mari: “Madanm, poukisa w ap kriye?” Mari reponn: “Yo retire Seyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete l.” Mari vire, li wè yon lòt moun. Moun Mari wè a poze l menm kesyon zanj lan te poze l la, li di l: “Kiyès w ap chèche?” Mari panse se moun ki konn pran swen jaden an, li di l: “Mesye, si se ou ki retire l, di m ki kote w mete l, m a al pran l.” — Jan 20:13-15.

Nan moman sa a, Mari ap pale ak Jezi ki te resisite, men li pa wè si se li. Sepandan, lè Jezi di: “Mari!” Mari wè se Jezi, paske se konsa li abitye pale avè l. Mari kontan anpil, li di: “Rabouni!” ​(ki vle di: “Anseyan!”). Men, li pè pou Jezi pa monte nan syèl la, li kouri kenbe l. Se sa k fè Jezi di l: “Sispann kenbe m, paske mwen poko monte kot Papa m. Men, al kot frè m yo, di yo: ‘M ap monte kot Papa m, ki Papa nou tou, kot Bondye m, ki Bondye nou tou.’” — Jan 20:16, 17.

Mari kouri al kot apot yo ak lòt disip yo kote yo rasanble a. Anplis de sa lòt medam yo deja di yo, li di yo: “Mwen wè Seyè a!” ​(Jan 20:18). Men, sa yo di yo a “pa t sanble gen sans pou yo”. — Lik 24:11.