Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 136

Bò Lanmè Galile a

Bò Lanmè Galile a

JAN 21:1-25

  • JEZI PARÈT BÒ LANMÈ GALILE

  • PYÈ AK LÒT DISIP YO GEN RESPONSABLITE POU YO BAY MOUTON YO MANJE

Nan dènye nuit Jezi te pase ak apot yo, li te di: “Lè m fin leve sot nan lanmò, mwen pral tann nou Galile.” ​(Matye 26:32; 28:7, 10). Kounye a, anpil nan disip li yo vwayaje ansanm avè l, men, ki sa yo pral fè Galile?

Rive yon lè, Pyè di sis nan apot yo: “Mwen pral lapèch.” Sis apot yo reponn: “Nou pral avè w.” ​(Jan 21:3). Pandan tout nuit lan, yo pa rive pran anyen. Men, pandan l kòmanse fè klè, Jezi parèt bò lanmè a, men apot yo pa wè si se li. Li di byen fò: “Timoun, nou pa gen anyen pou moun manje la a?” Yo reponn: “Non!” Jezi di yo: “Lage filè a adwat bato a n ap jwenn kichòy.” ​(Jan 21:5, 6). Yo tèlman pran yon pakèt pwason yo pa menm ka rale filè yo a monte.

Jan di Pyè: “Se Seyè a!” ​(Jan 21:7). Kou Pyè tande sa, li mete rad li sou li, paske li te retire rad li pandan li t ap fè lapèch la. Li plonje nan lanmè a, li naje nan yon distans katreven dis mèt pou l rive sou rivaj la. Lòt apot yo vin apre l nan ti bato a tou dousman, toutpandan y ap rale filè a ki chaje pwason.

Lè yo rive bò rivaj la, yo wè “yon dife chabon ki gen pwason sou li, e te gen pen tou”. Jezi di: “Vin ak kèk nan pwason nou fèk pran yo.” Pyè rale filè a vin atè. Li gen 153 gwo pwason ladan l. Jezi di: “Vin manje.” Pa gen youn nan yo ki gen kouraj mande l: “Kiyès ou ye?” paske yo tout konnen se Jezi (Jan 21:10-12). Se twazyèm fwa li parèt devan disip yo pandan yo ansanm.

Jezi ba yo chak kèk pen ak kèk pwason. Annapre, sanble Jezi gade pakèt pwason yo sot kenbe yo, li mande Pyè: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m plis pase sa yo?” Èske Pyè pi atache ak biznis pwason an pase travay Jezi te vle l fè a? Pyè reponn: “Wi Seyè, ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” Se sa k fè Jezi ba l ankourajman sa a: “Bay ti mouton m yo manje.” — Jan 21:15.

Yon lòt fwa ankò, Jezi mande l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?” Petèt, Pyè twouble, li reponn ak tout kè l: “Wi Seyè, ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” Jezi ba l menm repons lan: “Pran swen ti mouton m yo.” — Jan 21:16.

Jezi mande l yon twazyèm fwa: “Simon, pitit Jan, èske w gen afeksyon pou mwen?” Kounye a, petèt Pyè ap mande tèt li si Jezi gen dout sou fidelite l. Pyè reponn, li di: “Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen gen afeksyon pou ou.” Yon lòt fwa ankò, Jezi met aksan sou sa Pyè dwe fè a, li di: “Bay ti mouton m yo manje.” ​(Jan 21:17). Wi, moun ki pran latèt yo dwe ede moun ki pral vin fè pati twoupo Bondye a.

Yo te mare Jezi e yo te touye l paske li te fè travay Bondye te ba l fè a. Kounye a, li fè Pyè konnen menm bagay la pral rive Pyè tou, li di: “Lè w te pi jèn, ou te konn met rad sou ou poukont ou e ou te konn mache al kote w vle. Men, lè w vin granmoun, w ap lonje men w e se yon lòt moun k ap abiye w e k ap mennen w al kote w pa vle.” Men Jezi ankouraje l, li di: “Kontinye suiv mwen.” — Jan 21:18, 19.

Pyè wè apot Jan, li mande Jezi: “Seyè, e misye?” Wi, ki sa k sere pou apot sa a Jezi gen bonjan afeksyon pou li a? Jezi reponn: “Si m vle l rete jiskaske m vini, sa w gen pou w wè nan sa?” ​(Jan 21:21-23). Pyè dwe suiv Jezi san l pa enkyete l pou sa lòt moun ap fè. Wi, Jezi fè konnen Jan t ap dènye apot ki t ap mouri e li t ap gen pou resevwa yon vizyon konsènan vini Jezi k ap vini nan Wayòm nan.

Nòmalman, gen lòt bagay Jezi te fè e yo tèlman anpil, anpil woulo pap ka kenbe yo.