Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 138

Kris adwat Bondye

Kris adwat Bondye

TRAVAY 7:56

  • JEZI CHITA ADWAT BONDYE

  • SÒL VIN YON DISIP

  • NOU GEN REZON POU NOU REJWI

Lefètke lespri sen desann sou disip yo nan fèt Pannkòt la dis jou apre Jezi fin monte nan syèl la, sa montre Jezi nan syèl la. E gen lòt prèv ki montre sa te fèt vre. Anvan yo te kalonnen disip Etyèn anba kout wòch poutèt li pa t sispann bay temwayaj, men sa li te di: “Gade! Mwen wè syèl la ouvè, e mwen wè Pitit lòm nan ki kanpe adwat Bondye.” — Travay 7:56.

Pandan Jezi nan syèl la ak Papa l, li t ap gen pou l tann Bondye ba l yon lòd byen presi Pawòl Bondye a te anonse. Men sa Bondye te pouse David ekri: “Jewova di Seyè m nan [Jezi]: ‘Chita adwat mwen jiskaske m mete ènmi w yo anba pye w tankou yon ti ban.’” Lè moman l ap tann nan ta rive, li t ap gen pou l “domine nan mitan ènmi [l] yo”. (Sòm 110:1, 2.) Men, ki sa Jezi t apral fè nan syèl pandan l t ap tann moman li t apral pase alaksyon kont ènmi l yo?

Kongregasyon kretyen an te vin egziste nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an. Pandan Jezi nan syèl la, li kòmanse dirije sou disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl (Kolosyen 1:13). Li te gide yo nan travay predikasyon yo t ap fè a e li te prepare yo pou wòl yo pral jwe alavni an. Ki wòl sa a? Moun sa yo ki ret fidèl jiskaske yo mouri t ap gen pou yo resisite e yo t ap gen pou y al dirije ansanm ak Jezi antanke wa nan Wayòm nan.

Sòl, moun plis konnen sou non women li genyen an ki se Pòl, se yon bèl egzanp moun ki t apral dirije antanke wa alavni. Sòl te yon Juif ki zele pou Lwa Bondye a. Men, chèf relijye juif yo te twonpe l opwen li te menm dakò pou yo kalonnen Etyèn ak kout wòch. Annapre, etandone li te “kontinye menase disip Seyè a, e li te vle touye yo ak tout fòs”, li t al Damas. Kayif, gran prèt la, te ba l otorizasyon pou l arete disip Jezi yo e pou li mennen yo Jerizalèm (Travay 7:58; 9:1). Sepandan, pandan Sòl sou wout, bridsoukou, gen yon limyè ki t ap briye ki klere toutotou l e li te tonbe atè.

Li tande yon vwa li pa konn kote l soti ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m?” Sòl mande: “Kiyès ou ye, Mèt?” Vwa a reponn: “Mwen se Jezi. Se mwen w ap pèsekite a.” — Travay 9:4, 5.

Jezi te di Sòl pou l antre Damas e pou l tann yo ba l plis enstriksyon, men li te dwe kite vil la paske limyè li te wè grasa yon mirak la te fè l avèg. Jezi te parèt nan yon vizyon devan Anànyas, youn nan disip li yo k ap viv Damas. Jezi te di Anànyas ki kote l ap jwenn Sòl. Anànyas te yon ti jan renka pou l ale, men Jezi ba l asirans sa a: “Mesye sa a se yon enstriman mwen chwazi pou pote non m devan moun nasyon yo, devan wa e devan pitit Izrayèl yo.” Sòl vin rewè ankò, e pandan l Damas, “li kòmanse preche konsènan Jezi”, e “li t ap fè konnen moun sa a se Pitit Bondye a”. — Travay 9:15, 20.

Grasa èd Jezi, Pòl ak lòt moun k ap preche bon nouvèl la rive fè travay predikasyon Jezi te kòmanse a. Lefètke yo te jwenn bon rezilta, sa montre Bondye te beni yo anpil. Anviwon 25 an apre Jezi fin parèt devan Pòl sou wout Damas, Pòl ekri pou l fè konnen bon nouvèl la “preche tout kote anba syèl la”. — Kolosyen 1:23.

Apre anpil lòt ane fin pase, Jezi fè Jan, apot li renmen anpil la, wè yon seri vizyon. Jan dekri vizyon sa yo nan Bib la, nan liv Revelasyon an. Nan vizyon sa yo, li wè Jezi ki retounen antanke Wa nan Wayòm nan (Jan 21:22). “Pandan [Jan] te anba pouvwa lespri sen, [li] te vin twouve [l] nan jou Seyè a.” ​(Revelasyon 1:10). Ki lè jou sa a t ap rive?

Lè nou byen egzamine pwofesi ki nan Bib la, nou rann nou kont “jou Seyè a” te kòmanse nan epòk nou an. Nan ane 1914, Premye Gè mondyal la te eklate. E pandan plizyè dizèn ane te vin gen plis gè, maladi, gwo grangou, tranblemanntè ak lòt bagay ki montre gwo akonplisman “siy” Jezi te bay konsènan “prezans” li ak “lafen an”. (Matye 24:3, 7, 8, 14.) Kounye a, yo pa preche bon nouvèl Wayòm nan sèlman nan zòn ki nan Anpi women an, men yo preche l sou tout kò tè a.

Bondye te pouse Jan esplike sa sa vle di: “Kounye a, delivrans Bondye nou an bay la rive, pisans li pote laviktwa, Wayòm li an tabli, e Kris li a kòmanse egzèse otorite l.” ​(Revelasyon 12:10). Wi, Wayòm Bondye a ki nan syèl la Jezi te konn fè moun konnen an vin yon reyalite!

Sa se yon bon nouvèl pou tout disip fidèl Jezi yo. Yo ka toujou sonje pawòl Jan te di yo: “Se poutèt sa, ou menm syèl, e nou menm ki abite nan syèl la, nou mèt rejwi! Malè pou tè a ak lanmè a, paske Dyab la desann vin jwenn nou. Li an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete.” — Revelasyon 12:12.

Kidonk, Jezi pa chita adwat Papa l ap tann ankò. L ap dirije antanke Wa e talè konsa li pral elimine tout ènmi l yo (Ebre 10:12, 13). Ki bèl bagay k ap tann nou?