Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 139

Jezi fè tè a tounen yon paradi e li fini ak travay yo te ba l fè a

Jezi fè tè a tounen yon paradi e li fini ak travay yo te ba l fè a

1 KORENTYEN 15:24-28

  • SA K AP TANN MOUTON YO AK KABRIT YO

  • ANPIL MOUN PRAL JWI PARADI KI PRAL GEN SOU TÈ A

  • JEZI PWOUVE LI SE CHEMEN AN, VERITE A AK LAVI A

Yon ti tan apre Jezi te fin batize, li te fas ak yon ènmi ki te detèmine pou fè l bite anvan menm li te kòmanse aktivite l. Wi, Dyab la te eseye tante l plizyè fwa. Annapre, men sa Jezi te di konsènan mechan sa a: “Chèf monn nan ap vini. E li pa gen pouvwa sou mwen.” — Jan 14:30.

Apot Jan te fè yon vizyon ki te montre sa k pral rive “gwo dragon an sou tè a, li menm ki premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an”. Yo t ap gen pou yo chase ènmi sa a, ki kriyèl e ki toujou ap bay limanite pwoblèm, sot nan syèl la, e li t ap vin “an kòlè anpil, paske li konnen se yon tikras tan li rete”. (Revelasyon 12:9, 12.) Kretyen yo gen bonjan rezon pou yo kwè y ap viv nan “tikras tan” sa a, e talè konsa yo pral jete ‘dragon an, ki se premye sèpan an’ nan yon twou san fon e li pap ka fè anyen pandan 1 000 an Jezi pral fè ap dirije nan Wayòm Bondye a. — Revelasyon 20:1, 2.

Pandan peryòd sa a, ki sa k pral rive sou tè a, kote nou rete a? Kiyès ki pral viv sou li e ki jan sa ap ye? Jezi li menm te bay repons lan. Nan egzanp li te bay konsènan mouton ak kabrit la, li te montre sa k ap tann moun ki jis yo, moun ki tankou mouton yo k ap soutni frè Kris yo e k ap ede yo. Mete sou sa, li te montre aklè sa k ap tann opozan yo, moun ki tankou kabrit yo. Men sa Jezi te di: “Moun sa yo [kabrit yo] pral mouri pou toutan, men moun ki jis yo [mouton yo] pral resevwa lavi ki pap janm fini an.” — Matye 25:46.

Sa ede n konprann pawòl Jezi te di bandi ki te sou poto bò kote l la. Jezi pa t pwomèt mesye sa a menm bagay ak apot fidèl l yo, yo menm ki t ap vin fè pati Wayòm syèl la. Okontrè men sa Jezi te pwomèt bandi sa a ki te repanti: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avè m nan Paradi a.” ​(Lik 23:43). Konsa, mesye sa a te gen espwa li pral viv nan Paradi a, yon kote ki t ap tankou yon jaden ki bèl anpil. Nòmalman, jodi a moun ki montre yo tankou mouton e ki pral jwenn “lavi ki pap janm fini an” pral viv nan Paradi sa a tou.

Sa ann amoni ak esplikasyon apot Jan te bay konsènan kòman sa pral ye sou tè a. Men sa l te di: “Tant Bondye a avèk lèzòm. Bondye pral abite avèk yo, e yo pral vin pèp li. E Bondye li menm ap avèk yo. L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:3, 4.

Pou bandi sa a ka pwofite lavi nan Paradi a, fòk li leve sot nan lanmò. E se pa li menm sèlman y ap resisite. Jezi te montre sa aklè lè l te di: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, e y ap soti. Moun ki fè bon bagay ap resevwa lavi, men moun ki pratike sa ki mal ap resevwa yon jijman kondanasyon.” — Jan 5:28, 29.

Men e apot fidèl yo ak ti kantite moun k ap ansanm ak Jezi nan syèl la? Men sa Bib la di: “Yo pral sèvi kòm prèt pou Bondye e pou Kris, e yo pral dirije antanke wa avèk Kris pandan 1 000 an an.” ​(Revelasyon 20:6). Moun sa yo ki pral dirije ak Kris la se gason ak fi ki t ap viv sou tè a. Se sa k fè, nou ka sèten dirijan sa yo k ap nan syèl la ap gen konpasyon e y ap konprann moun k ap viv sou tè a. — Revelasyon 5:10.

Jezi pral fè limanite jwenn byenfè grasa sakrifis ranson li te bay la e konsa limanite pral libere anba peche yo te eritye a, ki se yon malediksyon. Li menm ak moun ki pral dirije ansanm avè l yo pral fè moun ki obeyisan yo vin pafè. Vrèmanvre, lèzòm pral pwofite lavi Bondye te vle pou yo okòmansman an lè l te di Adan ak Èv pou yo fè pitit e pou yo ranpli tè a. Menm lanmò nou te eritye akoz peche Adan an pap egziste ankò!

Konsa, Jezi pral fè tout travay Jewova te mande l fè a. Nan fen Rèy mil an an, Jezi pral bay Papa l Wayòm nan e li pral remèt li limanite ki pafè. Anrapò ak bèl aksyon sa a Jezi fè a ki montre li gen imilite, apot Pòl te ekri: “Lè tout bagay fin soumèt anba l, lè sa a, Pitit la li menm tou pral soumèt anba Sila a ki te fè tout bagay soumèt anba l la, pou Bondye ka tout bagay pou tout moun.” — 1 Korentyen 15:28.

Sa klè Jezi jwe yon wòl enpòtan nan akonplisman bèl objektif Bondye. E toutpandan objektif Bondye yo kontinye ap akonpli pandan tout letènite, Jezi pral viv konplètman ann amoni ak jan l dekri tèt li a: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a.” — Jan 14:6.