Al gade sa k anndan l

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Ki sa Wayòm Bondye a ye?

Èske w t ap di se...

  • yon bagay ki nan kè moun?

  • yon kote ki nan syèl la?

  • yon gouvènman ki nan syèl la?

MEN SA BIB LA DI

“Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm ki pap janm kraze.” — Dànyèl 2:44, Tradiksyon monn nouvo a.

“Yo ban nou yon pitit gason. E gouvènman an ap sou zepòl li.” — Ezayi 9:6, nòt.

BYENFÈ SA KA POTE POU OU

  • Yon gouvènman ki jis ki ka pote benediksyon pou ou. — Ezayi 48:17, 18.

  • Nan monn tounèf ki pral genyen an, moun pral gen bonjan lasante ak kè kontan. — Revelasyon 21:3, 4.

ÈSKE NOU KA KWÈ NAN SA BIB LA DI YO TOUTBONVRE?

Wi, pou omwen de rezon:

  • Jezi te montre sa Wayòm Bondye a pral akonpli. Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou Wayòm Bondye a vini e pou volonte Bondye fèt sou tè a (Matye 6:9, 10). Jezi te montre kòman Bondye pral reponn priyè sa a pa mwayen Wayòm nan.

    Lè Jezi te sou tè a, li te konn bay moun ki grangou manje, li te konn geri malad e li te konn leve moun ki mouri (Matye 15:29-38; Jan 11:38-44). Antanke moun ki t apral dirije Wayòm Bondye a, li te bay yon ti apèsi sou byenfè moun pral jwenn anba dominasyon Wayòm sa a. — Revelasyon 11:15.

  • Jan bagay yo ye sou tè a montre Wayòm Bondye a pa lwen rive. Jezi te fè konnen t ap gen lagè, grangou ak tranblemanntè sou tout tè a anvan Wayòm nan pote lapè sou tè a. — Matye 24:3, 7.

    Jodi a, nou wè tout bagay sa yo ap fèt sou tè a. Donk, nou ka gen konfyans talè konsa Wayòm Bondye a pral retire tout pwoblèm sa yo sou tè a.

FÈ YON TI REFLECHI

Ki jan lavi a ap ye anba dominasyon Wayòm Bondye a?

Bib la reponn kesyon sa a nan SÒM 37:29 ak nan EZAYI 65:21-23.