Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki objektif Bondye gen pou nou?

Ki objektif Bondye gen pou nou?

LÈ W AP li jounal, lè w ap gade televizyon, oswa lè w ap koute radyo ou jwenn anpil nouvèl sou krim, lagè, ak zak teworis! Petèt w ap soufri akoz yon maladi oswa akoz yon moun pa w ki mouri.

Mande tèt ou:

  • Èske se sa Bondye te vle pou mwen ak fanmi m?

  • Ki kote m ka jwenn èd pou m fè fas ak pwoblèm mwen yo?

  • Èske ap janm gen lapè toutbonvre?

Labib bay bonjan repons pou kesyon sa yo.

LABIB FÈ KONNEN BONDYE PRAL FÈ ANPIL BAGAY ESTRAWÒDINÈ SOU TÈ A.

  • Moun pap soufri ankò, yo pap ni vyeyi, ni mouri. — Revelasyon 21:4.

  • “Moun ki enfim nan pye yo ap vòltije tankou jenn ti kabrit.” — Ezayi 35:6.

  • “Je moun ki avèg yo ap ouvri.” — Ezayi 35:5.

  • Moun ki mouri yo pral viv ankò. — Jan 5:28, 29.

  • Pa gen moun k ap malad. — Ezayi 33:24.

  • Tout moun sou tè a pral jwenn anpil manje. — Sòm 72:16.

BYEN PWOFITE SA LABIB ANSEYE

Li fasil pou w panse sa w li nan premye paj yo nan liv sa a se jis yon rèv yo ye. Men, Bondye pwomèt li pral fè chanjman sa yo sou tè a talè konsa, e Labib esplike ki jan l pral fè sa.

Labib fè plis pase sa. Li fè nou konnen ki sa nou bezwen fè pou nou ka gen vrè kè kontan an e li ede nou konnen fason nou kapab byen viv lavi nou. Fè yon ti reflechi pandan yon moman sou sa ki ba w enkyetid. Sa kapab gen ladan l pwoblèm lajan oswa pwoblèm fanmi, pwoblèm sante, oswa ou gen yon moun pa w ki mouri. Labib ka ede w fè fas ak pwoblèm sa yo, e li ka pote rekonfò pou ou nan repons li bay pou kesyon ki vin apre yo:

Lefètke w ap li liv sa a, sa montre w vle konnen sa Labib anseye. Liv sa a a ap ede w. Gen kèk kesyon pou paragraf yo ki kapab ede w konprann Bib la pi byen. Plizyè milyon moun pran plezi pale de Labib ak Temwen Jewova yo. Nou espere menm bagay la pou ou tou. Nou swete Bondye beni w nan efò w ap fè pou w aprann sa Labib anseye!