Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT KAT

Kiyès Jezi Kris ye?

Kiyès Jezi Kris ye?

1, 2. a) Si w konnen non yon moun ki gen gwo renome, èske sa vle di w konn moun sa a toutbonvre? Esplike. b) Ki sa moun kwè sou Jezi?

GEN anpil moun ki gen gwo renome nan monn nan. Petèt ou konnen non yon moun ki gen gwo renome. Men, se pa paske ou konn non yon moun ki fè ou konnen l byen. Sa pa vle di ou konn tout detay nan lavi l e ou konn kiyès li ye toutbonvre.

2 Petèt ou konn tande pale de Jezi Kris, byenke li te viv sou tè a sa gen anviwon 2 000 an. Men, pifò moun pa konnen ki kalite moun Jezi te ye. Gen moun ki di se te yon bon moun, gen lòt moun ki di se te yon pwofèt, e gen moun ki kwè li se Bondye. Ki sa w panse? — Gade nòt 12.

3. Poukisa li enpòtan pou w konnen Jewova Dye ak Jezi Kris?

3 Li enpòtan pou w konnen laverite sou Jezi. Poukisa? Men sa Labib di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” ​(Jan 17:3). Wi, si w aprann konnen laverite sou Jewova ak Jezi w ap ka viv pou toutan nan Paradi a sou tè a (Jan 14:6). Epitou, lefètke w ap aprann konnen Jezi sa ap ede w, paske Jezi se pi bon egzanp sou fason pou n viv ak sou fason pou n trete lòt moun (Jan 13:34, 35). Nan chapit 1 an, nou te aprann laverite sou Bondye. Kounye a, nou pral aprann konnen ki sa Labib anseye sou Jezi.

NOU JWENN MESI A!

4. Ki sa mo “Mesi” a ak mo “Kris” la vle di?

4 Plizyè ane anvan Jezi te fèt, Jewova te pwomèt nan Labib li gen pou l voye Mesi a oswa Kris la. Mo “Mesi” a soti nan lang ebre e mo “Kris” la soti nan lang grèk. Toule de tit sa yo vle di Bondye t ap chwazi Mesi li te pwomèt la e l t ap mete l nan yon pozisyon espesyal. Mesi a pral fè tout pwomès Bondye yo reyalize. Anplis de sa, Jezi kapab ede w depi kounye a. Men, anvan Jezi te fèt anpil moun t ap mande tèt yo: ‘Kiyès k ap Mesi a?’

5. Èske disip Jezi yo te kwè li se Mesi a?

5 Disip Jezi yo pa t gen okenn dout se li menm ki Mesi Bondye te pwomèt la (Jan 1:41). Pa egzanp, Simon Pyè te di Jezi: “Ou se Kris la.” ​(Matye 16:16). Ki jan nou ka sèten Jezi se Mesi a?

6. Ki jan Jewova te ede moun ki sensè yo konnen kiyès ki Mesi a?

6 Byen lontan anvan Jezi te fèt, pwofèt Bondye yo te bay anpil detay nan sa yo te ekri ki t ap ede moun yo jwenn Mesi a. Kòman detay sa yo t ap ede yo? Ann sipoze yo mande w al chèche yon moun nan yon estasyon machin ki gen anpil aktivite, e ou potko janm rankontre moun sa a. Si yon moun ta ba w bonjan detay sou moun sa a, sa t ap ede w jwenn li. Se menm jan an tou, Jewova te sèvi ak pwofèt li yo pou l fè nou konnen sa Mesi a t ap fè ak sa ki t ap rive l. Reyalizasyon tout pwofesi sa yo ede moun ki sensè yo konnen se Jezi ki Mesi a.

7. Bay de pwofesi ki montre Jezi se Mesi a.

7 Men de nan pwofesi sa yo. Nan premye a, 700 ane anvan Jezi te fèt, Miche te pwofetize Mesi a t ap fèt nan yon ti vil ki nan Betleyèm (Miche 5:2). E se la Jezi te fèt vre (Matye 2:1, 3-9)! Nan dezyèm nan, Dànyèl te pwofetize Mesi a t ap parèt nan ane 29 epòk nou an (Dànyèl 9:25). Sa yo se sèlman de nan pakèt pwofesi ki montre aklè Jezi se Mesi Bondye te pwomèt la. — Gade nòt 13.

Lè Jezi te batize, li te vin Mesi a oswa Kris la.

8, 9. Ki sa k te rive nan moman batèm Jezi ki montre li se Mesi a?

8 Jewova montre aklè se Jezi ki Mesi a. Bondye te pwomèt pou l bay Jan ki te konn batize moun nan yon siy pou l ka konnen kiyès ki Mesi a. Lè Jezi t al jwenn Jan pou l batize nan Rivyè Jouden an nan ane 29 epòk nou an, Jan te wè siy sa a. Labib fè nou konnen sa k te pase. Men sa l di: “Apre Jezi fin batize, tousuit li monte sot anba dlo a, syèl la ouvri, e Jan wè lespri Bondye k ap desann vin sou Jezi sou fòm yon pijon. Epitou, gen yon vwa ki soti nan syèl la ki di: ‘Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a.’” ​(Matye 3:16, 17). Lè Jan te wè siy sa e l te tande vwa a, li te konnen Jezi se Mesi a (Jan 1:32-34). Jou sa a, lè Jewova te vide lespri l sou Jezi, li te vin Mesi a. Se li menm Bondye te chwazi kòm Chèf e kòm Wa. — Ezayi 55:4.

9 Pwofesi ki nan Labib yo, pawòl Jewova te di yo ak siy Jewova te bay nan moman batèm Jezi montre Jezi se Mesi a. Men, ki kote Jezi te soti e ki kalite moun li te ye? Annou wè ki sa Labib di sou sa.

KI KOTE JEZI TE SOTI?

10. Ki sa Labib anseye sou lavi Jezi anvan Jezi te vin sou tè a?

10 Labib anseye Jezi t ap viv nan syèl la byen lontan anvan l te vin sou tè a. Miche te fè konnen Mesi a te la “depi digdantan”. (Miche 5:2.) Plizyè fwa Jezi te fè konnen li t ap viv nan syèl la anvan l te vin fèt antanke moun. (Li Jan 3:13; 6:38, 62; 17:4, 5.) Menm anvan Jezi te vin sou tè a, li te gen yon relasyon espesyal ak Jewova.

11. Poukisa Jezi gen anpil valè pou Jewova?

11 Jezi gen anpil valè pou Jewova. Pou ki rezon? Se paske Bondye te kreye l anvan kèlkeswa bagay la e anvan kèlkeswa lòt kreyati a. Se sa k fè yo rele Jezi sila a “ki fèt an premye nan tout kreyasyon an” *. (Kolosyen 1:15.) Yon lòt bagay ki fè Jezi gen anpil valè pou Jewova se paske se li menm sèl Jewova te kreye dirèkteman. Se poutèt sa yo rele l “sèl Pitit Gason li fè a”. (Jan 3:16.) Epitou, se ak Jezi sèlman Jewova te sèvi pou l kreye tout lòt bagay (Kolosyen 1:16). E se sèlman Jezi ki rele “Pawòl la”, paske Jewova te sèvi avè l pou bay zanj yo ak lèzòm mesaj ak enstriksyon. — Jan 1:14.

12. Ki jan nou fè konnen Jezi ak Bondye pa menm moun nan?

12 Gen kèk moun ki kwè Jezi ak Bondye se menm moun nan. Men, se pa sa Labib anseye. Labib fè konnen Jezi se yon kreyati, sa vle di Jezi gen yon kòmansman. Men, Jewova, ki kreye tout bagay, pa gen kòmansman (Sòm 90:2). Antanke Pitit Bondye, Jezi pa t janm panse pou l ta eseye vin Bondye. Labib anseye aklè Papa a nan pi gwo pozisyon pase Pitit la. (Li Jan 14:28; 1 Korentyen 11:3.) Se sèl Jewova ki “Bondye Toupisan an”. (Jenèz 17:1.) Li se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen plis pisans nan tout linivè. — Gade nòt 14.

13. Poukisa Labib di Jezi se “pòtre Bondye envizib la”?

13 Jewova ak Jezi, Pitit Gason l lan, te fè plizyè milya ane ap travay ansanm anvan kreyasyon syèl la ak tè a. Youn dwe te renmen lòt anpil (Jan 3:35; 14:31)! Jezi te tèlman byen imite kalite Papa l genyen yo, Labib di li se “pòtre Bondye envizib la”. — Kolosyen 1:15.

14. Ki jan Pitit ki gen anpil valè pou Jewova a te rive fèt antanke yon moun?

14 Pitit ki gen anpil valè pou Jewova a te dispoze kite syèl la pou l vin fèt sou tè a antanke yon moun. Kòman sa te fè posib? Pa mwayen yon mirak, Jewova te transfere lavi Pitit Gason l lan nan vant yon fi vyèj ki te rele Mari. Donk, se pa t yon gason sou tè a ki te papa Jezi. Se konsa, Mari te fè yon pitit gason ki pafè, e li te rele l Jezi. — Lik 1:30-35.

KI KALITE MOUN JEZI TE YE?

15. Ki jan w ka aprann konnen Jewova pi byen?

15 Ou ka aprann anpil bagay sou Jezi, sou lavi l ak sou kalite l yo lè w li kèk liv nan Labib, tankou Matye, Mak, lik ak Jan. Yo rele liv sa yo Evanjil. Piske Jezi sanble ak Papa l anpil, sa nou li nan liv sa yo kapab ede nou tou pou n aprann konnen Jewova pi byen. Se sa k fè Jezi te ka di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” — Jan 14:9.

16. Ki sa Jezi te anseye? Ki kote Jezi te jwenn sa l t ap anseye yo?

16 Anpil moun rele Jezi “Anseyan”. (Jan 1:38; 13:13.) Youn nan bagay ki te pi enpòtan Jezi te konn anseye se te “bon nouvèl Wayòm nan”. Ki sa Wayòm nan ye? Se gouvènman Bondye a ki pral dirije tout tè a detan l nan syèl la e ki pral pote benediksyon pou moun ki obeyi Bondye yo (Matye 4:23). Tout sa Jezi te konn anseye se te pawòl Jewova. Jezi te di: “Sa m ap anseye a se pa pawòl pa m, men se pawòl Sila a ki voye m nan.” ​(Jan 7:16). Jezi te konnen Jewova vle moun yo konnen bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a ki pral dirije tout tè a.

17. Ki kote Jezi te konn anseye? Poukisa li te konn travay di anpil pou l anseye lòt moun?

17 Ki kote Jezi te konn anseye? Tout kote li te jwenn moun. Li te konn anseye andeyò kou lavil. Li te konn anseye ni nan bouk, ni nan mache, ni kote moun te konn adore Bondye, ni lakay moun. Li pa t atann pou moun vin jwenn li. Souvan, li te konn al jwenn yo (Mak 6:56; Lik 19:5, 6). Jezi te konn travay di, li te konn pase anpil tan ap anseye moun e l te bay tout li menm nan travay sa a. Poukisa? Paske l te konnen se sa Bondye te vle l fè e paske li te toujou obeyi Papa l (Jan 8:28, 29). Jezi te konn preche tou paske l te gen pitye pou moun. (Li Matye 9:35, 36.) Li te ka wè chèf relijye yo pa t ap anseye laverite sou Bondye ak sou Wayòm li an. Se sa k fè li te vle ede plis moun posib pou yo tande bon nouvèl la.

18. Kiyès nan kalite Jezi genyen yo ou pi renmen?

18 Jezi se te yon moun ki te renmen moun e ki te konn pran ka moun. Li te janti e moun te alèz pou pale avè l. Menm timoun piti te renmen ret bò kote l (Mak 10:13-16). Jezi te toujou aji yon fason ki jis. Li te rayi koripsyon ak enjistis (Matye 21:12, 13). Li t ap viv nan yon epòk kote fi pa t gen anpil dwa e yo pa t trete yo avèk respè. Men, Jezi te toujou respekte fi e li te ba yo valè (Jan 4:9, 27). Jezi te vrèman gen imilite. Pa egzanp, yon jou swa, li te lave pye apot li yo, yon bagay nòmalman se yon sèvitè ki te konn fè l. — Jan 13:2-5, 12-17.

Jezi te preche tout kote l te jwenn moun.

19. Ki egzanp ki montre Jezi te konnen sa moun yo vrèman bezwen e li te vle ede yo?

19 Jezi te konnen sa moun yo te vrèman bezwen e li te vle ede yo. Sa te parèt aklè lè l te sèvi ak pouvwa Bondye te ba li pou l geri moun pa mwayen mirak (Matye 14:14). Pa egzanp, gen yon mesye ki te gen lèp ki te vin kot Jezi e li te di l: “Depi w vle, ou ka geri m.” Sa te fè Jezi mal lè l wè jan mesye sa a te gen doulè e li t ap soufri. Li te gen pitye pou li e l te vle ede l. Se sa k fè Jezi te lonje men l, li touche mesye a e li di l: “Wi, mwen vle! Ou geri.” Epi, mesye ki te malad la geri (Mak 1:40-42). Èske w ka imajine jan mesye sa a dwe te santi l?

LI TE TOUJOU FIDÈL AK PAPA L

20, 21. Poukisa Jezi se pi bèl egzanp moun ki obeyi Bondye?

20 Jezi se pi bèl egzanp antanke moun ki obeyi Bondye. Kèlkeswa sa k te rive l oswa kèlkeswa sa ènmi l yo te fè l, li te ret fidèl ak Papa l. Pa egzanp, Jezi pa t peche lè Satan te eseye tante l (Matye 4:1-11). Kèk moun nan fanmi Jezi pa t kwè li se Mesi a e yo te di “tèt li pati”, men Jezi te kontinye fè travay Bondye (Mak 3:21). Lè ènmi Jezi yo te fè l mechanste, li te rete fidèl ak Bondye e li pa t janm eseye fè yo mal. — 1 Pyè 2:21-23.

21 Menm lè Jezi te mouri anba gwo soufrans, li te ret fidèl ak Jewova. (Li Filipyen 2:8.) Imajine kantite soufrans li dwe te andire jou l t ap mouri a. Yo te arete l, fo temwen te akize l kòmkwa li t ap fè blasfèm, jij kòwonpi te kondane l, foul moun t ap ri l, sòlda te tòtire l e yo te kloure l sou yon poto. Lè l t apral mouri, li te di byen fò: “Sa reyalize!” ​(Jan 19:30). Twa jou apre lanmò Jezi, Jewova resisite l, li ba l kò yon espri (1 Pyè 3:18). Kèk semèn apre, Jezi te retounen nan syèl la, li te “chita adwat Bondye” e li t ap tann Bondye fè l vin Wa. — Ebre 10:12, 13.

22. Ki posiblite nou gen kounye a piske Jezi te ret fidèl ak Papa l?

22 Piske Jezi te ret fidèl ak Papa l, kounye a nou gen posiblite pou n viv pou toutan nan Paradi a sou tè a, jan Jewova te deside a. Nan chapit ki vin apre a, nou pral wè ki jan lanmò Jezi fè l vin posib pou nou viv pou toutan.

^ § 11 Yo rele Jewova Papa paske li se Kreyatè a (Ezayi 64:8). Yo rele Jezi pitit Bondye paske se Jewova ki te kreye l. Yo rele zanj yo ak Adan pitit Bondye tou. — Jòb 1:6; Lik 3:38.