Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SENK

Ranson an: pi gwo kado Bondye bay la

Ranson an: pi gwo kado Bondye bay la

1, 2. a) Ki sa k fè yon kado gen valè pou ou? b) Poukisa ranson an se pi gwo kado Bondye bay?

KI PI gwo kado ou te resevwa? Yon kado pa oblije koute chè pou l gen valè pou ou. Lè yon kado fè kè w kontan oswa se yon bagay ou te vrèman bezwen, ou santi w gen rekonesans pou sa.

2 Pami tout kado Bondye ban nou, gen yon kado nou plis bezwen pase nenpòt lòt bagay. Se pi gwo kado Bondye bay lèzòm. Nan chapit sa a, nou pral aprann Jewova te voye Jezi Kris, Pitit li a, pou nou ka viv pou toutan. (Li Matye 20:28.) Lefètke Jewova te voye Jezi sou tè a kòm ranson, sa pwouve Jewova renmen nou toutbonvre.

KI SA RANSON AN YE?

3. Poukisa moun mouri?

3 Ranson an se mwayen Jewova itilize pou libere lèzòm anba peche ak lanmò (Efezyen 1:7). Pou nou konprann poukisa ranson an te nesesè, nou dwe konnen sa k te rive nan jaden Edenn nan sa gen plizyè milye ane. Premye paran nou yo, Adan ak Èv, te peche. Piske yo te peche, yo mouri. Nou menm tou nou mouri paske nou eritye peche nan Adan ak Èv. — Gade nòt 9.

4. Kiyès Adan te ye, e ki sa l te genyen?

4 Lè Jewova te kreye Adan, premye gason an, Li te ba l yon bagay ki gen anpil valè. Li te bay Adan yon lavi pafè. Li te gen yon sèvo ki pafè ak yon kò ki pafè. Li pa t ap janm malad, li pa t ap janm vyeyi e li pa t ap janm mouri. Piske se Jewova ki te kreye Adan, Li te tankou yon papa pou li (Lik 3:38). Jewova te konn pale avè l regilyèman. Yon fason klè, Bondye te esplike Adan sa li ta renmen l fè, e li te ba l yon bèl travay pou l fè. — Jenèz 1:28-30; 2:16, 17.

5. Ki sa sa vle di lè Labib di Bondye te fè Adan “pòtre ak li”?

5 Bondye te kreye Adan “pòtre ak li”. (Jenèz 1:27.) Jewova te fè l ak yon seri kalite ki sanble ak kalite Li genyen yo. Sa gen ladan l lanmou, sajès, jistis ak pisans. Li te bay Adan libète pou l deside. Adan pa t yon wobo. Bondye te kreye l ak kapasite pou l chwazi fè sa ki byen oswa sa ki mal. Si Adan te chwazi obeyi Bondye, li t ap kapab viv pou toutan nan Paradi a.

6. Lè Adan te dezobeyi Bondye, ki sa l te pèdi? Ki efè sa gen sou nou?

6 Lè Adan te dezobeyi Bondye e Bondye te kondane l pou l mouri, li te peye sa trè chè. Li te pèdi amitye espesyal li te genyen ak Jewova a, li te pèdi lavi pafè li te genyen an e li te pèdi Paradi a kote l te rete a (Jenèz 3:17-19). Adan ak Èv te chwazi dezobeyi Bondye, se sa k fè pa gen okenn espwa pou yo. Akoz sa Adan te fè a, “peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche”. (Women 5:12.) Lè Adan te peche a, li te vann ni tèt li ni nou menm kòm esklav bay peche ak lanmò (Women 7:14). Èske gen espwa pou nou? Wi, gen espwa.

7, 8. Ki sa yon ranson ye?

7 Ki sa yon ranson ye? Ranson an gen de bagay ladan l. Premyèman, yon ranson se pri yo peye pou libere yon moun oswa pou reyachte yon bagay. Dezyèmman, yon ranson se pri yo bay pou kouvri oswa pou peye sa yon bagay vo.

8 Pa gen moun ki te kapab peye pou gwo dega Adan te fè lè l te peche e li te rale lanmò vin sou nou an. Men, Jewova te bay mwayen pou nou libere anba peche ak lanmò. Annou aprann ki sa ranson an ka fè pou nou e ki jan nou ka jwenn byenfè ladan l?

FASON JEWOVA TE BAY RANSON AN

9. Ki jan yo te kapab peye ranson an?

9 Pa gen okenn nan nou ki t ap janm ka peye ranson pou lavi pafè Adan te pèdi a. Sa k fè sa? Se paske nou tout enpafè (Sòm 49:7, 8). Ranson yo te dwe peye a se te lavi yon lòt moun pafè. Se poutèt sa yo rele l “yon ranson egalego”. (1 Timote 2:6.) Ranson an te dwe gen menm valè ak lavi Adan te pèdi a.

10. Ki jan Jewova te bay ranson an?

10 Ki jan Jewova te bay ranson an? Jewova te voye Pitit ki gen plis valè pou li a sou tè a. Pami tout sa Bondye te kreye, se Pitit sa a, anpalan de Jezi, Li te fè an premye (1 Jan 4:9, 10). Jezi te dispoze kite Papa l ak kote li te abite nan syèl la (Filipyen 2:7). Jewova te fè Jezi sot nan syèl la pou vin sou tè a, e Jezi te fèt antanke yon moun pafè, san peche. — Lik 1:35.

Jewova te bay Pitit ki gen anpil valè pou li a kòm ranson pou nou.

11. Ki jan yon sèl moun te ka sèvi kòm ranson pou tout moun?

11 Adan, premye moun nan, fè tout moun pèdi lavi pafè a lè l te dezobeyi Jewova. Èske gen yon lòt moun ki te ka retire lanmò pou tout pitit Adan yo? Wi. (Li Women 5:19.) Jezi, ki pa t janm peche, te bay lavi pafè li te genyen an kòm ranson (1 Korentyen 15:45). Lavi pafè li te genyen an te ka sèvi pou retire lanmò pou tout pitit Adan yo. — 1 Korentyen 15:21, 22.

12. Poukisa Jezi te oblije soufri anpil konsa?

12 Labib montre ki jan Jezi te soufri anpil anvan l te mouri. Yo te bat li avèk mechanste, yo te kloure l sou yon poto e yo te kite l soufri jiskaske l mouri (Jan 19:1, 16-18, 30). Poukisa Jezi te oblije soufri anpil konsa? Paske Satan te fè konnen pa gen yon moun k ap ret fidèl ak Bondye si l sibi gwo eprèv. Jezi te bay prèv yon moun pafè ka ret fidèl ak Bondye menmsi l ta anba soufrans ki pi rèd la. Imajine jan Jewova dwe te fyè lè l t ap gade Jezi! — Pwovèb 27:11; gade nòt 15.

13. Ki jan yo te peye ranson an?

13 Ki jan yo te peye ranson an? Jezi te remèt Papa l sa lavi li te genyen an vo. Nan dat ki te 14 Nizan ane 33 nan kalandriye Juif yo, Jewova te kite ènmi Jezi yo touye l (Ebre 10:10). Twa jou apre, Jewova te rebay Jezi lavi, pa antanke yon moun, men antanke yon espri. Annapre, lè Jezi te retounen al jwenn Papa l nan syèl la, li te prezante sa lavi pafè li te genyen antanke moun nan vo bay Jewova kòm ranson (Ebre 9:24). Kounye a, piske ranson an fin peye, nou gen posiblite pou nou libere anba peche ak lanmò. — Li Women 3:23, 24.

FASON W KA JWENN BYENFÈ GRASA RANSON AN

14, 15. Ki sa nou dwe fè pou nou jwenn padon pou peche nou?

14 Nou deja jwenn byenfè nan pi gwo kado Bondye bay la. Ann wè fason nou jwenn byenfè depi kounye a ak fason nou pral jwenn byenfè alavni.

15 Nou jwenn padon pou peche nou. Li difisil pou nou fè sa ki dwat toutan. Nou konn fè erè, nou konn di e nou konn fè sa k pa bon (Kolosyen 1:13, 14). Ki fason nou ka jwenn padon? Nou dwe vrèman regrèt sa nou te fè ki mal e nou dwe mande Jewova padon avèk imilite. Lè sa a, nou kapab gen asirans nou jwenn padon pou peche nou. — 1 Jan 1:8, 9.

16. Ki sa nou dwe fè pou nou gen yon bon konsyans?

16 Nou kapab gen yon bon konsyans. Si konsyans nou di n nou fè yon bagay ki pa bon, sa ka fè n santi nou koupab, nou ka menm santi nou dezespere e nou pa gen okenn valè. Men, nou pa bezwen bay vag. Si nou sipliye Jewova pou l padone nou, nou mèt gen asirans l ap koute nou e l ap padone nou (Ebre 9:13, 14). Jewova vle nou pale avè l sou nenpòt ki pwoblèm ak feblès nou genyen (Ebre 4:14-16). Konsa, nou ka anpè ak Bondye.

17. Ki benediksyon ki posib paske Jezi te mouri pou nou?

17 Nou gen espwa pou nou viv pou toutan. “Sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò, men kado Bondye bay se lavi ki pap janm fini an grasa Kris Jezi, Seyè nou an.” ​(Women 6:23). Piske Jezi te mouri pou nou, nou kapab viv pou toutan, epi nou kapab vin gen yon sante pafè (Revelasyon 21:3, 4). Men, ki sa nou dwe fè pou n resevwa benediksyon sa yo?

ÈSKE W AP AKSEPTE RANSON AN?

18. Kòman nou fè konnen Jewova renmen nou?

18 Reflechi sou fason sa touche kè w lè yon moun ba w yon bèl kado. Ranson an se kado ki gen plis valè pase tout kado ki te ka genyen, e nou dwe gen Jewova anpil rekonesans pou sa. Jan 3:16 fè nou konnen: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li.” Wi, Jewova tèlman renmen nou, li ban nou Jezi, Pitit ki gen anpil valè pou li a. E nou konnen Jezi renmen nou tou, paske li te dispoze mouri pou nou (Jan 15:13). Ranson an, ki se yon kado, dwe konvenk ou Jewova ak Jezi renmen w toutbonvre. — Galat 2:20.

Pandan n ap aprann konnen Jewova, n ap vin zanmi l e n ap vin gen plis lanmou pou li.

19, 20. a) Ki jan w ka vin zanmi Jewova? b) Ki jan w ka montre ou aksepte sakrifis ranson Jezi a?

19 Kòm ou vin konnen jan Bondye gen anpil lanmou pou ou, ki jan w ka vin zanmi l? Li pa fasil pou w renmen yon moun ou pa konnen. Jan 17:3 di nou ka aprann konnen Jewova. Pandan w ap fè sa, w ap vin gen plis lanmou pou li, w ap vle fè l plezi e w ap vin zanmi l. Donk, kontinye aprann konnen Jewova lè w etidye Labib. — 1 Jan 5:3.

20 Aksepte sakrifis ranson Jezi a. Labib di: “Moun ki demontre l gen lafwa nan Pitit la ap gen lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 3:36). Ki sa sa vle di demontre lafwa? Sa vle di nou dwe fè sa Jezi te anseye nou pou nou fè (Jan 13:15). Nou pa ka annik di nou kwè nan Jezi. Pou nou aksepte ranson an, nou dwe fè yon bagay ki montre nou gen lafwa. Men sa nou li nan Jak 2:26: “Lafwa ki pa gen bon aksyon mache avè l la mouri.”

21, 22. a) Poukisa nou dwe asiste Memoryal lanmò Kris chak ane? b) Sou ki sa chapit 6 ak chapit 7 la pral pale?

21 Asiste Memoryal lanmò Kris. Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te anseye nou pou nou fè yon memoryal pou lanmò li. Nou fè sa chak ane e yo rele l Memoryal oswa “Soupe Seyè a”. (1 Korentyen 11:20; Matye 26:26-28.) Jezi vle nou sonje li te bay lavi pafè li te genyen an kòm ranson pou nou. Men sa l te di: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” ​(Li Lik 22:19.) Lè nou asiste Memoryal la, nou montre nou sonje ranson an ak gwo lanmou Jewova ak Jezi gen pou nou. — Gade nòt 16.

22 Ranson an se pi gwo kado nou te ka resevwa (2 Korentyen 9:14, 15). Menm plizyè milyon moun ki deja mouri pral jwenn byenfè grasa kado sa a ki gen anpil valè. Chapit 6 ak chapit 7 la pral pale sou ki jan sa fè posib.