Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SÈT

Pral gen yon rezirèksyon!

Pral gen yon rezirèksyon!

1-3. Ki sa ki mete nou tout nan prizon, e kòman Jewova pral libere nou?

IMAJINE yo kondane w pou w pase tout vi w nan prizon pou yon krim ou pa t fè. Pa gen okenn chans pou w libere. Avni w parèt sanzespwa, e pa gen anyen ou ka fè pou sa. Men, nan moman ou pèdi espwa nèt, ou jwenn yon moun ki gen pouvwa pou libere w e li pwomèt ou l ap ede w! Ki jan w t ap santi w?

2 Nou tout se prizonye lanmò. Kèlkeswa sa nou fè, pa gen mwayen pou nou chape. Men, Jewova gen pouvwa pou l libere nou anba lanmò. E li fè konnen ‘dènye ènmi Jezi gen pou l elimine a se lanmò’. — 1 Korentyen 15:26.

3 Imajine soulajman ou pral jwenn lè w pap bezwen bay tèt ou pwoblèm pou lanmò! Men, Jewova pap sèlman retire lanmò. Mete sou sa, li pral fè moun ki te deja mouri yo reviv ankò. Reflechi sou sa sa pral vle di pou ou. Li pwomèt moun “ki mouri yo” ap vin gen lavi ankò (Ezayi 26:19). Se sa Labib rele rezirèksyon an.

LÈ GEN YON MOUN PA NOU KI MOURI

4. a) Ki sa ki ka konsole nou lè yon moun nan fanmi nou oswa yon zanmi nou mouri? b) Bay non kèk bon zanmi Jezi te genyen.

4 Lè yon moun nan fanmi nou oswa yon bon zanmi nou mouri, soufrans ak chagren nou genyen ka rèd anpil. Nou santi nou sanzespwa. Pa gen anyen nou ka fè pou moun sa a reviv ankò. Men, Labib ban nou yon gwo konsolasyon. (Li 2 Korentyen 1:3, 4.) Ann konsidere yon egzanp ki montre jan Jewova ak Jezi vle fè moun pa nou ki mouri yo reviv ankò. Lè Jezi te sou tè a, souvan, li te konn vizite Laza ak sè l yo, anpalan de Mat ak Mari. Yo toule twa te bon zanmi Jezi. Labib di: “Jezi te renmen Mat ansanm ak sè l la ak Laza.” Epi, yon jou, Laza mouri. — Jan 11:3-5.

5, 6. a) Ki sa Jezi te fè lè l te wè fanmi Laza ak zanmi l nan lapenn? b) Poukisa sa konsole nou lefètke n konnen jan Jezi te santi l lè l te wè moun mouri?

5 Jezi t al konsole Mat ak Mari. Lè Mat te aprann Jezi ap vini, li t al pa deyò vil la pou l al rankontre l. Li te kontan wè Jezi, men li te di l: “Si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” Mat te panse Jezi te vin twò ta. Apre sa, Jezi te wè Mari, sè Mat, k ap kriye. Lè l te wè jan yo tris, sa te fè l mal epi li te kriye (Jan 11:21, 33, 35). Li te santi gwo lapenn ki genyen lè nou pèdi yon moun pa nou.

6 Lefètke n konnen Jezi santi jan nou ye lè nou gen moun pa nou ki mouri, sa konsole nou. Jezi menm jan ak Papa l (Jan 14:9). Jewova gen pouvwa pou l retire lanmò nètale, e se sa l pral fè talè konsa.

“LAZA, SOTI DEYÒ!”

7, 8. Poukisa Mat pa t vle yo retire wòch ki te devan tonm Laza a, men, ki sa Jezi te fè?

7 Lè Jezi te rive bò tonm kote yo te depoze kò Laza a, li te jwenn bouch tonm nan fèmen ak yon gwo wòch. Jezi te di: “Retire wòch la.” Men, Mat pa t vle yo fè sa. Kadav Laza te gentan gen kat jou nan tonm (Jan 11:39). Mat pa t konnen sa Jezi t apral fè pou frè l la.

Imajine jan fanmi ak zanmi Laza te kontan lè l te resisite! — Jan 11:38-44.

8 Jezi te di Laza: “Soti deyò!” Sa Mat ak Mari te wè annapre te estrawòdinè. “Mesye ki te mouri a sot deyò, pye l ak men l bande ak twal.” ​(Jan 11:43, 44). Laza te retounen viv ankò! Li t al rejwenn fanmi l ak zanmi l. Yo te ka ba l akolad, yo te ka manyen l, epi yo te ka pale avè l. Se pa ti mirak sa te ye! Jezi te resisite Laza.

“TIFI, MWEN DI W: ‘LEVE!’”

9, 10. a) Kiyès ki te bay Jezi pouvwa pou l resisite moun? b) Poukisa istwa sou rezirèksyon ki te fèt yo gen anpil valè pou nou?

9 Èske Jezi te resisite moun ak pwòp pouvwa l? Non. Anvan Jezi te resisite Laza, li te priye Jewova, e Jewova te ba l pouvwa pou l resisite Laza. (Li Jan 11:41, 42.) Se pa Laza sèlman Jezi te resisite. Labib fè nou konnen gen yon tifi ki te gen 12 an ki te malad anpil. Jayiris, papa l, te pèdi espwa e li te sipliye Jezi pou l geri tifi a. Se te yon sèl pitit la li te genyen. Pandan li t ap pale ak Jezi, gen kèk mesye ki vini e ki di: “Pitit fi w la mouri! Poukisa w bezwen kontinye deranje Anseyan an?” Men, Jezi di Jayiris: “Ou pa bezwen pè, annik gen lafwa, e pitit fi w la ap sove.” Apre sa, li mache l al kay Jayiris avè l. Lè yo rive toupre kay la, Jezi te ka wè moun yo k ap kriye e li te ka tande vwa yo. Jezi di yo: “Sispann kriye, paske tifi a pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Papa ak manman tifi a dwe te sezi tande sa Jezi te di a. Jezi te mande pou tout moun soti, epi li pran papa ak manman tifi a, li antre nan chanm kote tipitit fi yo a te kouche a. Jezi pran men tifi a epi li di l: “Tifi, mwen di w: ‘Leve!’” Imajine jan paran tifi a te kontan lè tifi a leve kanpe tousuit e li kòmanse mache! Jezi te resisite pitit fi yo a (Mak 5:22-24, 35-42; Lik 8:49-56). Depi jou sa a, chak fwa yo te wè pitit fi yo a, yo te kapab sonje sa Jewova te fè pou yo pa mwayen Jezi *.

10 Moun Jezi te resisite yo te mouri annapre. Men, sa nou li konsènan moun sa yo gen anpil valè, paske sa ban nou bonjan espwa. Jewova vle resisite moun ki mouri yo e l ap fè sa.

SA NOU APRANN NAN ISTWA SOU REZIRÈKSYON KI TE FÈT YO

Apot Pyè te resisite yon kretyèn ki te rele Dòkas. — Travay 9:36-42.

Eli te resisite pitit gason yon vèv. — 1 Wa 17:17-24.

11. Ki sa Eklezyas 9:5 fè nou konnen konsènan Laza?

11 Labib di aklè “moun ki mouri yo pa konn anyen ditou”. Se sa ki te rive Laza (Eklezyas 9:5). Jan Jezi te di sa, se kòmsi Laza t ap dòmi (Jan 11:11). Pandan Laza te nan tonm nan li pa t konn “anyen ditou”.

12. Ki jan nou fè konnen rezirèksyon Laza a te fèt toutbonvre?

12 Lè Jezi te resisite Laza, te gen anpil moun ki te wè sa. Menm ènmi Jezi yo te konnen li te fè mirak sa a. Laza te vivan, e sa montre rezirèksyon an te fèt toutbonvre (Jan 11:47). Epitou, te gen anpil moun ki t al wè Laza, e konsa yo te kòmanse kwè se Bondye ki voye Jezi. Ènmi Jezi yo pa t renmen sa. Se sa k fè yo te fè konplo pou yo touye ni Jezi ni Laza. — Jan 11:53; 12:9-11.

13. Ki jan nou fè sèten Jewova pral resisite moun ki mouri yo?

13 Jezi te fè konnen “tout moun ki nan tonm yo” ap resisite (Jan 5:28). Sa vle di tout moun Jewova sonje yo ap retounen gen lavi ankò. Men, pou Jewova resisite yon moun li bezwen sonje tout bagay sou moun sa a. Èske l ka fè sa vre? Ebyen, gen plizyè milya zetwal nan linivè. Labib di Jewova konn non tout zetwal nèt. (Li Ezayi 40:26.) Si li ka sonje non chak zetwal, se sèten l ap kapab sonje tout bagay sou tout moun li pral rebay lavi yo byen fasil. Sa k pi enpòtan an, se Jewova ki te kreye tout bagay. Donk, nou konnen li gen pouvwa pou l rebay moun lavi.

14, 15. Ki sa pawòl Jòb te di yo aprann nou sou rezirèksyon?

14 Jòb, yon moun ki te fidèl, te kwè nan rezirèksyon. Li te mande: “Si yon moun mouri, èske l ka tounen viv ankò?” Apre sa, li di Jewova: “W ap rele m, e m ap reponn ou. Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè ak men w!” Wi, Jòb te konnen Jewova pa ka tann ki lè pou moman an rive pou l resisite moun ki mouri yo. — Jòb 14:13-15.

15 Ki jan esperans rezirèksyon an fè w santi w? Ou ka ap mande tèt ou: ‘E fanmi m ak zanmi m ki mouri yo, èske y ap resisite tou?’ Sa konsole nou lefètke nou konnen Jewova vle bay moun ki mouri yo lavi ankò. Ann gade sa Labib di konsènan ki kote yo pral viv e kiyès k ap resisite.

YO “PRAL TANDE VWA L, E Y AP SOTI”

16. Ki kalite lavi k ap tann moun ki pral resisite pou yo viv sou tè a?

16 Nan tan lontan, moun ki te resisite yo te retounen viv ansanm ak fanmi yo ak zanmi yo sou tè a. Se menm bagay ki pral rive alavni, men, sa ap pi bon toujou. Poukisa? Paske moun ki pral rejwenn lavi sou tè a ap gen posiblite pou yo viv pou toutan e yo pap janm mouri ankò, epi yo pral viv nan yon monn ki pa menm ditou ak sa n ap viv ladan l jodi a. Pap gen ni lagè, ni krim, ni maladi.

17. Kiyès k ap resisite?

17 Kiyès k ap resisite? Jezi te di: “Tout moun ki nan tonm yo pral tande vwa l, e y ap soti.” ​(Jan 5:28, 29). Epi, Revelasyon 20:13 fè nou konnen: “Lanmè a rann mò li te gen ladan l, lanmò ak Tonm nan rann mò yo te gen nan yo.” Wi, gen plizyè milya moun ki pral reviv ankò. Apot Pòl te di tou ‘ni moun ki jis, ni moun ki enjis’ pral resisite. (Li Travay 24:15.) Ki sa sa vle di?

Nan Paradi a, mò yo pral resisite e yo pral rejwenn moun pa yo.

18. Kiyès “moun ki jis” ki pral resisite yo ye?

18 “Moun ki jis” yo gen ladan yo sèvitè fidèl Jewova yo ki t ap viv anvan Jezi te vin sou tè a. Moun tankou Noye, Abraram, Sara, Moyiz, Rit ak Estè ap resisite pou yo viv sou tè a. Nou ka jwenn enfòmasyon sou kèk nan mesye ak medam sa yo nan Ebre chapit 11. Ki sa nou ka di pou sèvitè fidèl Jewova yo ki mouri nan epòk pa nou an? Yo menm tou yo se “moun ki jis”, donk, y ap resisite.

19. Kiyès “moun ki enjis” yo ye? Ki posiblite Jewova pral ba yo?

19 “Moun ki enjis” yo gen ladan yo plizyè milya moun ki pa t gen posiblite konnen Jewova. Byenke yo mouri, Jewova pa bliye yo. Li pral resisite yo e li pral ba yo posiblite pou yo aprann konnen l epi pou yo sèvi l.

20. Poukisa se pa tout moun k ap resisite?

20 Èske sa vle di tout moun ki mouri yo ap resisite? Non. Jezi te di gen kèk moun ki pap rejwenn lavi ankò (Lik 12:5). Kiyès ki pral deside si yon moun dwe resisite oswa si l pa dwe resisite? Jewova se dènye Jij la, men, li bay Jezi otorite tou “pou jije ni moun ki vivan ni moun ki mouri”. (Travay 10:42.) Kèlkeswa moun li jije ki mechan oswa ki pa vle chanje pap resisite. — Gade nòt 19.

Y AP RESISITE POU Y AL NAN SYÈL

21, 22. a) Ki sa sa vle di lè yon moun resisite pou l al nan syèl? b) Ki premye moun ki te resisite pou l al viv nan syèl?

21 Labib fè nou konnen gen kèk moun ki pral viv nan syèl la tou. Lè yon moun resisite pou l al nan syèl, li pap retounen viv ak kò moun. L ap resisite pou l al viv nan syèl la antanke espri.

22 Jezi se premye moun ki te resisite pou l al viv nan syèl (Jan 3:13). Twa jou apre yo fin touye Jezi, Jewova te resisite l (Sòm 16:10; Travay 13:34, 35). Jezi pa t resisite ak yon kò moun. Dapre sa apot Pyè te esplike, “yo te touye [Jezi] nan lachè, men li te jwenn lavi antanke espri”. (1 Pyè 3:18.) Jezi te retounen viv antanke yon espri ki pisan (1 Korentyen 15:3-6)! Men, Labib fè konnen se pa t ap li menm sèl.

23, 24. Kiyès ki “ti twoupo” Jezi te pale de li a, e ki kantite moun l ap genyen?

23 Anvan Jezi te mouri, li te di disip fidèl li yo: “Mwen prale pou m prepare yon plas pou nou.” ​(Jan 14:2). Sa vle di kèk nan moun ki t ap suiv li yo t ap resisite pou y al viv avè l nan syèl la. Konbyen moun konsa? Jezi te di se t ap yon ti kantite moun, yon “ti twoupo”. (Lik 12:32.) Apot Jan te bay kantite egzak la lè l te di li wè Jezi “kanpe sou Mòn Siyon [nan syèl la]. Li gen 144 000 moun avè l”. — Revelasyon 14:1.

24 Ki lè 144 000 kretyen sa yo ta dwe resisite? Labib fè nou konnen sa t ap gen pou fèt apre Kris kòmanse dirije nan syèl la (1 Korentyen 15:23). Se nan epòk sa a n ap viv kounye a, e pifò nan 144 000 moun yo deja resisite pou y al nan syèl. Rès moun sa yo ki sou tè a toujou e ki mouri nan epòk nou an ap resisite menm moman an pou y al viv nan syèl la. Men, pifò moun ap resisite alavni pou yo viv sou tè a nan Paradi a.

25. Ki sa nou pral aprann nan chapit ki vin apre a?

25 Talè konsa, Jewova pral libere tout moun anba lanmò, e lanmò pral disparèt pou toutan! (Li Ezayi 25:8.) Men, ki sa moun ki pral nan syèl yo pral fè nan syèl la? Labib esplike yo pral dirije ak Jezi nan yon Wayòm oswa yon gouvènman. Nan chapit ki vin apre a, nou pral aprann plis bagay sou gouvènman sa a.

^ § 9 Nan yon seri lòt istwa, Labib fè nou konnen gen jèn kou granmoun, gason kou fi, Izrayelit kou etranje ki te resisite. Nou ka li istwa sa yo nan 1 Wa 17:17-24; 2 Wa 4:32-37; 13:20, 21; Matye 28:5-7; Lik 7:11-17; 8:40-56; Travay 9:36-42; 20:7-12.