Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT NÈF

Èske lafendimonn toupre?

Èske lafendimonn toupre?

1. Ki kote nou ka jwenn enfòmasyon sou lavni?

ÈSKE sa rive w deja pandan w ap gade nouvèl ou fè refleksyon sa a: ‘Ou kwè bagay yo ap vin pi mal?’ Tèlman gen anpil malè ak mechanste, gen moun ki kwè nou pa lwen lafendimonn. Èske se vre? Èske gen yon fason pou nou konnen sa k pral rive alavni? Wi. Byenke lèzòm pa ka anonse sa k pral rive, Jewova Dye kapab. Nan Labib li fè nou konnen avni nou ak avni tè a. — Ezayi 46:10; Jak 4:14.

2, 3. Ki sa disip Jezi yo te vle konnen, e ki jan Jezi te reponn yo?

2 Lè n ap li nan Labib konsènan lafendimonn, sa pa vle di planèt Tè a pral disparèt, men, se mechanste ki pap la ankò. Jezi te anseye moun yo Wayòm Bondye a pral dirije tout tè a (Lik 4:43). Disip Jezi yo te vle konnen ki lè Wayòm Bondye a t ap vini e yo te mande l: “Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” ​(Matye 24:3). Jezi pa t ba yo dat egzak la, men li te di yo sa k t ap gen pou rive yon ti tan anvan lafendimonn. Sa Jezi te di ki t ap gen pou rive a se sa k ap rive kounye a.

3 Nan chapit sa a, nou pral egzamine prèv ki montre n ap viv nan tan ki toupre lafendimonn nan. Toudabò, nou bezwen gen enfòmasyon sou yon gè ki te fèt nan syèl la pou nou ka konprann rezon ki fè bagay yo mal konsa sou tè a.

YON GÈ NAN SYÈL LA

4, 5. a) Ki sa k te rive nan syèl la yon ti tan apre Jezi te vin Wa? b) Ann amoni ak Revelasyon 12:12, ki sa k te gen pou rive sou tè a apre yo fin lage Satan anba?

4 Nan chapit 8 la, nou te aprann Jezi te vin Wa nan syèl la an 1914 (Dànyèl 7:13, 14). Liv Revelasyon an fè nou konnen sa k te rive: “Gen yon gè ki pete nan syèl la: Mikayèl [sètadi Jezi] ak zanj li yo batay ak dragon an [Satan], e dragon an ak zanj li yo batay avèk yo *.” Satan ak demon l yo pèdi gè a e yo pimpe yo sou tè a. Imajine kè kontan zanj yo te genyen! Men, e moun ki sou tè a? Labib fè konnen se t ap yon moman latwoublay pou lèzòm. Poukisa? Paske Dyab la an kòlè anpil, “li konnen se yon tikras tan li rete”. — Revelasyon 12:7, 9, 12.

5 Dyab la lakòz pwoblèm sou tè a mezi l kapab. Li fache anpil paske se yon tikras tan li rete anvan Bondye detwi l. Ann egzamine sa Jezi te di ki t ap rive nan dènye jou yo. — Gade nòt 24.

DÈNYE JOU YO

6, 7. Ki sa nou ka di konsènan lagè ak grangou jodi a?

6 Lagè. Jezi te di: “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm.” ​(Matye 24:7). Gen plis moun yo touye nan lagè nan epòk nou an pase nenpòt lòt epòk nan listwa. Gen yon rapò yon òganizasyon (Worldwatch Institute) te fè ki montre, depi 1914, lagè touye plis pase 100 milyon moun. Nan 100 an, soti ane 1900 rive ane 2000, gen plis pase twa fwa plis moun yo touye nan lagè pase kantite moun yo touye pandan 1 900 ane ki te pase anvan yo. Jis imajine mizè ak soufrans plizyè milyon moun sibi akoz lagè!

7 Grangou. Jezi te di: “Pral gen rate manje.” ​(Matye 24:7). Menm lè lèzòm pwodui plis manje jodi a pase sa yo te konn pwodui, anpil moun pa janm gen ase manje pou yo manje. Sa k fè sa? Paske yo pa gen ase lajan pou yo achte manje, oswa yo pa gen tè pou yo fè jaden. Gen plis pase yon milya moun k ap viv ak mwens pase yon dola ameriken pa jou. Òganizasyon mondyal lasante fè konnen gen plizyè milyon timoun ki mouri chak ane, rezon prensipal la, se paske yo pa gen ase manje pou yo manje pou yo ka ret an sante.

8, 9. Ki sa k montre pwofesi Jezi te bay sou tranblemanntè ak maladi a reyalize?

8 Tranblemanntè. Men pwofesi Jezi te anonse: “Pral gen gwo tranblemanntè.” ​(Lik 21:11). Kounye a, yo atann pou gen plizyè gwo tranblemanntè chak ane. Depi ane 1900, gen plis pase de milyon moun ki mouri akoz tranblemanntè. Aktout teknoloji pèmèt yo detekte tranblemanntè yo yon ti tan anvan yo fèt, gen anpil moun ki mouri kanmenm.

9 Maladi. Jezi te anonse t ap gen “epidemi”. Gen maladi grav ki t ap gaye byen vit e ki t ap touye anpil moun (Lik 21:11). Menm lè doktè yo aprann ki jan pou yo trete yon pakèt maladi, toujou gen maladi ki pa gen gerizon. Anfèt, gen yon rapò yo bay ki fè konnen chak ane gen plizyè milyon moun ki mouri anba maladi tankou tibèkiloz, malarya ak kolera. Nonsèlman sa, doktè yo dekouvri 30 nouvo maladi, e gen kèk ladan yo ki pa gen gerizon.

FASON MOUN YO T AP YE NAN DÈNYE JOU YO

10. Kòman 2 Timote 3:1-5 ap reyalize jodi a?

10 Nan 2 Timote 3:1-5, men sa Labib di: “Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte.” Apot Pòl te fè konnen kòman anpil moun t ap ye nan dènye jou yo. Li te di moun yo t ap:

  • egoyis

  • renmen lajan

  • dezobeyi paran yo

  • montre yo pa fidèl

  • montre yo pa gen afeksyon pou fanmi yo

  • manke metriz

  • vyolan e yo t ap sovaj

  • renmen plezi plis pase Bondye

  • pran pòz yo renmen Bondye men yo t ap refize obeyi l

11. Selon Sòm 92:7, ki sa k pral rive moun ki mechan yo?

11 Èske gen anpil moun ki konsa kote w ap viv la? Nan lemonnantye gen anpil moun konsa. Men, talè konsa Bondye pral fè yon bagay pou sa. Men sa li pwomèt: “Lè mechan yo ap vin anpil tankou move zèb e afè tout moun k ap fè sa ki mal yo ap byen mache, se pou yo ka detwi yo pou toutan.” — Sòm 92:7.

BON NOUVÈL NAN DÈNYE JOU YO

12, 13. Ki sa Jewova aprann nou nan dènye jou yo?

12 Labib te anonse nan dènye jou yo monn nan t ap chaje soufrans ak mizè. Men, Labib di ap gen bon bagay k ap rive tou.

“Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a.” — Matye 24:14.

13 Konesans sou Labib. Pwofèt Dànyèl te ekri konsènan dènye jou yo. Li te di: “Vrè konesans lan ap vin anpil.” ​(Dànyèl 12:4). Bondye t ap bay pèp li a entèlijans pou yo konprann Labib yon fason ki pi klè pase anvan. Jewova te fè sa espesyalman depi 1914. Pa egzanp, li aprann nou enpòtans non l genyen ak objektif li gen pou tè a ansanm ak laverite sou ranson an. Li aprann nou sa k rive lè nou mouri e li fè nou konnen ap gen yon rezirèksyon. Nou te aprann se sèl Wayòm Bondye a ki kapab rezoud tout pwoblèm nou yo. Nou te aprann tou kòman nou ka gen kè kontan e kòman nou ka viv yon fason ki fè Bondye plezi. Men, ki sa sèvitè Bondye yo fè ak sa yo aprann yo? Gen yon lòt pwofesi ki ban nou repons lan. — Gade nòt 21 ak nòt 25.

14. Ki kote y ap preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan, e kiyès k ap preche l?

14 Travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a. Pandan Jezi t ap pale sou dènye jou yo, men sa l te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a.” ​(Matye 24:3, 14). Y ap preche bon nouvèl konsènan Wayòm nan nan plis pase 230 peyi e nan plis pase 700 lang. Wi, sou tout tè a, Temwen Jewova yo ki soti “nan tout nasyon, nan tout tribi”, ap ede moun yo konprann ki sa Wayòm nan ye e ki sa l pral fè pou limanite (Revelasyon 7:9). Yo fè sa gratis. Menm lè anpil moun rayi yo e yo pèsekite yo, pa gen anyen ki ka bloke travay predikasyon an, jan Jezi te anonse sa. — Lik 21:17.

KI SA W PRAL FÈ?

15. a) Èske w kwè n ap viv nan dènye jou yo, e poukisa? b) Ki sa k pral rive moun ki obeyi Jewova yo ak moun ki pa obeyi l yo?

15 Èske w kwè n ap viv nan dènye jou yo? Gen anpil pwofesi nan Labib konsènan dènye jou yo k ap reyalize. Talè konsa Jewova pral deside kanpe predikasyon bon nouvèl la, epi “lafen an” ap vini (Matye 24:14). Ki sa lafen an ye? Se Amagedon, moman kote Bondye pral retire tout mechanste. Jewova pral sèvi ak Jezi ansanm ak zanj li yo ki pisan pou l detwi nenpòt moun ki refize obeyi Li menm ak Pitit li a (2 Tesalonisyen 1:6-9). Apre sa, Satan ak demon l yo pap ka twonpe moun. Tout moun ki vle obeyi Bondye e ki aksepte Wayòm li an pral wè tout pwomès Bondye yo reyalize. — Revelasyon 20:1-3; 21:3-5.

16. Piske lafen an toupre, ki sa w bezwen fè?

16 Monn sa a Satan ap dirije a pral rive nan bout li talè konsa. Se sa k fè li enpòtan anpil pou nou chak mande tèt nou: ‘Ki sa m bezwen fè?’ Jewova vle w aprann tout sa w kapab nan Labib. Ou bezwen pran etid w ap fè a oserye (Jan 17:3). Temwen Jewova yo fè reyinyon chak semèn pou ede moun konprann Labib. Fè efò pou w asiste reyinyon sa yo regilyèman. (Li Ebre 10:24, 25.) Si w vin aprann gen chanjman ou bezwen fè, ou pa bezwen pè fè yo. Toutpandan w ap fè sa, amitye w ak Jewova ap vin pi solid. — Jak 4:8.

17. Poukisa pifò moun pral sezi lè lafen an rive?

17 Apot Pòl te fè konnen destriksyon mechan yo ap vini nan yon moman pifò moun pa atann, “tankou yon vòlè ki vin vòlè lannuit”. (1 Tesalonisyen 5:2.) Jezi te fè konnen anpil moun t ap vag sou siy ki montre n ap viv nan dènye jou yo. Li te di: “Menm jan epòk Noye a te ye a, se konsa prezans Pitit lòm nan [oswa dènye jou yo] ap ye. Paske, menm jan nan epòk anvan delij la, moun yo t ap manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e moun t ap marye pitit fi yo, jiskaske jou pou Noye antre nan lach la rive, yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” — Matye 24:37-39.

18. Ki avètisman Jezi te ban nou?

18 Jezi te avèti nou pou n pa vin distrè “akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp e akoz tètchaje ki gen nan lavi a”. Li te di lafen an ap vin sanzatann, “tankou yon pyèj”. Li te di tou “l ap vini sou tout moun ki abite sou tout kò tè a”. Apre sa, men sa li ajoute: “Kidonk, rete je klè. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon [oswa se pou nou priye avèk anpil senserite] yon fason pou nou ka rive chape anba tout bagay sa yo ki dwe rive e pou nou ka kanpe devan Pitit lòm nan.” ​(Lik 21:34-36). Poukisa li enpòtan anpil pou nou koute avètisman Jezi te bay la? Se paske talè konsa monn mechan Satan an pral detwi. Se sèlman moun ki fè Jewova ak Jezi plezi k ap sove lè lafen an rive e k ap viv pou toutan nan monn nouvo a. — Jan 3:16; 2 Pyè 3:13.

^ § 4 Mikayèl se yon lòt non yo bay Jezi Kris. Pou w jwenn plis enfòmasyon, tanpri gade nòt 23 a.