Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DIZNÈF

Rete pwòch ak Jewova

Rete pwòch ak Jewova

1, 2. Ki kote nou kapab jwenn pwoteksyon jodi a?

IMAJINE w ap mache nan lari yon jou ki gen move tan. Syèl la vin tou nwa, zèklè kòmanse flache e loray kòmanse gwonde. Yon ti tan apre, lapli kòmanse tonbe. W ap chèche yon kote pou w abrite w. Se pa ti soulajman ou santi lè w resi jwenn yon kote ki an sekirite pou w pare lapli a!

2 Se nan yon sitiyasyon konsa nou ye jodi a. Sitiyasyon monn nan ap vin pi mal. Ou ka mande tèt ou: ‘Ki kote m kapab jwenn pwoteksyon?’ Men sa yon salmis ki ekri nan Bib la te di: “Men sa m ap di Jewova: ‘Ou se refij mwen ak fòtrès mwen, ou se Bondye m, se nan ou mwen met konfyans mwen.’” ​(Sòm 91:2). Wi, Jewova ka ban nou soulajman anba pwoblèm nou yo depi kounye a, e li ban nou yon bèl espwa pou lavni.

3. Ki jan nou ka fè Jewova vin yon refij pou nou?

3 Ki jan Jewova kapab pwoteje nou? Li ka ede nou fè fas ak kèlkeswa pwoblèm nou genyen, e li gen plis fòs lontan pase kèlkeswa moun ki ta eseye fè nou mal. Menmsi yon move bagay ta rive nou kounye a, nou mèt gen asirans, alavni, Jewova ap repare domaj sa lakòz. Men ankourajman Labib ban nou: “Rete nan lanmou Bondye.” ​(Jid 21). Nou bezwen rete pwòch ak Jewova pou nou resevwa èd li nan moman difisil yo. Men, ki jan nou ka fè sa?

PISKE BONDYE RENMEN W, MONTRE L OU RENMEN L

4, 5. Ki jan Jewova montre li gen lanmou pou nou?

4 Pou nou rete pwòch ak Jewova, nou bezwen rann nou kont jis nan ki pwen Jewova renmen nou. Reflechi sou tout sa Jewova fè pou nou. Li ban nou yon bèl tè e li ranpli l ak yon pakèt bèl plant ak bèt. Epitou, li ban nou bon manje pou nou manje ak dlo pwòp pou nou bwè. Nan Labib, Jewova fè nou konnen non l ak kalite estrawòdinè li genyen. Mete sou sa, li montre li gen lanmou pou nou lè l te voye Jezi, Pitit li a li renmen anpil la, sou tè a, vin bay lavi l pou nou (Jan 3:16). Grasa sakrifis sa a, nou gen yon bèl espwa pou lavni.

5 Jewova tabli Wayòm Mesi a, sètadi yon gouvènman ki nan syèl la ki pral retire tout soufrans talè konsa. Wayòm nan pral fè tè a vin yon paradi kote tout moun pral viv anpè e y ap gen kè kontan pou toutan (Sòm 37:29). Yon lòt fason Jewova montre li gen lanmou pou nou se lè l anseye nou jan pou nou viv pi bon fason an depi kounye a. Anplis de sa, li envite nou priye l e li toujou pare pou l koute priyè nou. Jewova montre aklè li renmen nou chak.

6. Piske Jewova renmen w, ki jan w dwe montre l ou renmen l?

6 Piske Jewova renmen w, ki jan w dwe montre l ou renmen l? Montre l ou gen rekonesans pou tout sa l fè pou ou. Malerezman, jodi a, gen anpil moun ki engra. Se te menm bagay la lè Jezi te sou tè a. Yon lè, Jezi te geri dis moun ki te gen maladi lèp, men se yon sèl ki te di l mèsi (Lik 17:12-17). Se sèten nou ta renmen aji menm jan ak mesye ki te di Jezi mèsi a. Nou dwe toujou montre rekonesans nou anvè Jewova.

7. Jis nan ki pwen nou dwe renmen Jewova?

7 Mete sou sa, nou bezwen demontre lanmou pou Jewova. Jezi te di disip li yo yo dwe renmen Jewova ak tout kè yo, ak tout nanm yo, e ak tout lespri yo. (Li Matye 22:37.) Ki sa sa vle di?

8, 9. Ki jan nou ka montre Jewova nou renmen l?

8 Èske sa sifi pou n annik di nou renmen Jewova? Non. Si nou renmen Jewova ak tout kè nou, ak tout nanm nou, e ak tout lespri nou, fason nou aji ap montre lanmou nou gen pou li (Matye 7:16-20). Labib anseye aklè si nou renmen Bondye, n ap obeyi kòmandman l yo. Èske se yon bagay ki difisil? Non, paske “kòmandman [Jewova] yo pa lou”. — Li 1 Jan 5:3.

9 Lè nou obeyi Jewova, nou gen kè kontan e nou gen yon lavi ki bay satisfaksyon (Ezayi 48:17, 18). Men, ki sa k ap ede nou rete pwòch ak Jewova? Annou wè ki sa.

KONTINYE VIN PI PWÒCH AK JEWOVA

10. Poukisa ou dwe kontinye aprann konnen Jewova?

10 Ki jan w te vin zanmi Jewova? Grasa etid Labib w ap fè a, ou te vin aprann konnen Jewova plis toujou epi w te vin zanmi l. Amitye sa a tankou yon dife ou ta renmen toujou ret limen. Menm jan w alimante yon dife pou l ka ret limen, se konsa tou, ou bezwen kontinye aprann konnen Jewova pou amitye ou gen avè l la ka ret solid. — Pwovèb 2:1-5.

Menm jan ak yon dife, ou bezwen alimante lanmou w gen pou Jewova a pou l ka kontinye ret limen.

11. Ki efè sa Labib anseye yo ap genyen sou ou?

11 Toutpandan w ap kontinye etidye Labib, w ap aprann yon seri bagay k ap touche kè w toutbon. Gade ki jan de nan disip Jezi yo te santi yo lè Jezi t ap esplike yo kèk pwofesi ki nan Labib. Men sa yo te di: “Èske nou pa t santi tankou se yon dife ki t ap boule nan kè nou pandan l t ap pale avèk nou sou wout la, lè li t ap byen esplike nou Ekriti yo?” — Lik 24:32.

12, 13. a) Ki sa k ka rive lanmou nou gen pou Bondye a? b) Ki jan nou ka fè lanmou nou gen pou Jewova a rete djanm?

12 Menm jan kè disip Jezi yo te touche lè yo te konprann Ekriti yo, petèt se menm jan an ou te santi w chofe lè w te kòmanse konprann Labib. Sa te ede w konnen Jewova epi renmen li. Ou pa ta renmen lanmou sa a rafredi. — Matye 24:12.

13 Yonfwa ou vin zanmi Bondye, ou bezwen travay di pou w kenbe amitye sa a solid. Ou dwe kontinye aprann konnen li menm ak Jezi epi reflechi ak sa w ap aprann nan ansanm ak fason ou ka aplike l nan lavi w (Jan 17:3). Lè w ap li Labib oswa lè w ap etidye l, mande tèt ou: ‘Ki sa sa aprann mwen sou Jewova? Poukisa mwen dwe renmen l ak tout kè m e ak tout nanm mwen?’ — 1 Timote 4:15.

14. Ki jan lapriyè ede nou pou lanmou nou gen pou Jewova a ret solid?

14 Lè w gen yon bon zanmi, ou pale avè l regilyèman, e sa fè amitye ou gen avè l la ret solid. Nan menm sans lan, lè nou pale ak Jewova regilyèman nan lapriyè, sa fè lanmou nou gen pou li a ret solid. (Li 1 Tesalonisyen 5:17.) Lapriyè se yon kado estrawòdinè Papa nou ki nan syèl la ban nou. Nou dwe toujou di l pawòl ki sot nan kè nou (Sòm 62:8). Nou pa dwe repete priyè nou yo pa kè, men nou dwe vrèman reflechi sou sa n ap di. Wi, si nou kontinye etidye Labib e nou kontinye priye ak tout kè nou, lanmou nou gen pou Jewova a ap ret solid.

FÈ LÒT MOUN KONNEN JEWOVA

15, 16. Ki jan w konsidere travay predikasyon an?

15 Si nou vle rete pwòch ak Jewova, nou bezwen pale ak lòt moun konsènan lafwa nou tou. Se yon privilèj estrawòdinè nou genyen pou n fè lòt moun konnen Jewova (Lik 1:74). E se yon responsablite Jezi te bay tout vrè kretyen yo. Se nou chak ki dwe preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. Èske w fè sa deja? — Matye 24:14; 28:19, 20.

16 Apot Pòl te konsidere travay predikasyon an kòm yon travay ki gen anpil enpòtans. Li te rele l yon “trezò”. (2 Korentyen 4:7.) Fè lòt moun konnen Jewova ak objektif li se travay ki pi enpòtan ou ka fè. Se yon fason pou w sèvi Jewova, e li bay sa w fè pou li anpil valè (Ebre 6:10). Mete sou sa, travay predikasyon an ka fè ni ou menm ni moun k ap koute w yo jwenn byenfè, paske w ede tèt ou e w ede lòt moun pwoche bò kote Jewova pou nou ka gen lavi ki pap janm fini an. (Li 1 Korentyen 15:58.) Èske gen yon lòt travay ki ka ba w plis satisfaksyon pase sa?

17. Poukisa travay predikasyon an se yon travay ki ijan?

17 Travay predikasyon an ijan anpil. Nou dwe “preche pawòl la” e nou dwe “fè sa san pèdi tan”. (2 Timote 4:2.) Moun yo bezwen tande pale de Wayòm Bondye a. Men sa Labib di: “Gran jou Jewova a toupre rive! Li toupre rive e l ap vini byen vit!” Lafen an “pap anreta”! (Sofoni 1:14; Abakouk 2:3.) Wi, talè konsa, Jewova pral detwi monn mechan Satan an. Anvan sa rive, nou bezwen avèti moun yo yon fason pou yo ka chwazi sèvi Jewova.

18. Poukisa nou dwe adore Jewova ansanm ak lòt vrè kretyen yo?

18 Jewova vle pou nou adore l ansanm ak lòt vrè kretyen yo. Men sa Labib di: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” ​(Ebre 10:24, 25). Nou dwe fè tout sa nou kapab pou n la nan tout reyinyon yo. Reyinyon yo ban nou posiblite pou youn ankouraje lòt e pou youn fòtifye lòt.

19. Ki sa k ap ede n renmen frè n ak sè n yo nan kongregasyon an?

19 Lè w vin nan reyinyon yo, w ap jwenn bon zanmi k ap ede w adore Jewova. W ap fè konesans ak plizyè frè ak sè k ap fè tout sa yo kapab pou yo adore Jewova menm jan avè w. Yo se moun ki enpafè e yo konn fè erè menm jan avè w. Lè sa rive, se pou w dispoze padone yo. (Li Kolosyen 3:13.) Toujou konsantre w sou bèl kalite frè n ak sè n yo nan kongregasyon an genyen, paske lè w fè sa sa ap ede w renmen yo e sa ap fè w vin pi pwòch ak Jewova toujou.

LAVI TOUTBON AN

20, 21. Ki sa “lavi toutbon an” ye?

20 Jewova vle tout zanmi l yo gen pi bon lavi ki te ka genyen an. Labib fè nou konnen lavi nou pral genyen an pap menm ditou ak lavi n ap mennen jodi a.

Jewova vle w gen “lavi toutbon an”. Èske w ap genyen l?

21 Alavni, nou pral viv pou toutan, nou pap annik viv 70 an oswa 80 an. Nou pral gen “lavi ki pap janm fini an”, n ap gen yon sante ki pafè, n ap gen lapè ak kè kontan nan yon bèl paradi. Se sa Labib rele “lavi toutbon an”. Jewova pwomèt l ap ban nou lavi toutbon an, men, nou dwe fè tout sa nou kapab depi kounye a pou nou “kenbe [l] fèm”. — 1 Timote 6:12, 19.

22. a) Ki jan nou ka “kenbe lavi toutbon an fèm”? b) Poukisa nou pa ka gen lavi etènèl grasa efò pa nou?

22 Ki jan nou ka “kenbe lavi toutbon an fèm”? Nou dwe “travay pou sa ki byen” e nou dwe “rich nan fè bèl aksyon”. (1 Timote 6:18.) Sa vle di nou bezwen aplike sa nou aprann nan Labib. Men, lavi toutbon an pa depann de efò nou fè. Nou pap janm ka gen lavi etènèl grasa efò pa nou. Se yon kado Jewova bay sèvitè fidèl li yo, yon prèv ki montre li bay moun “favè san parèy” li a (Women 5:15). Papa nou ki nan syèl la vle bay sèvitè fidèl li yo kado sa a toutbonvre.

23. Poukisa w bezwen fè chwa ki kòrèk yo depi kounye a?

23 Mande tèt ou: ‘Èske m ap adore Bondye fason li vle a?’ Si w wè li nesesè pou w fè kèk chanjman, ou dwe fè sa tousuit. Lè nou konte sou Jewova e nou fè tout sa n kapab pou n obeyi l, l ap vin yon refij pou nou. L ap pwoteje pèp li a ki fidèl pandan dènye jou monn mechan Satan an. Apre sa, Jewova ap asire l nou viv nan Paradi a pou toutan, jan li te pwomèt la. Wi, ou ka gen lavi toutbon an si w fè chwa ki kòrèk yo depi kounye a!