Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 5

Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad nan lekòl?

Ki sa pou m fè si m ap sibi brimad nan lekòl?

POUKISA SIJÈ SA A ENPÒTAN?

Fason w reyaji ka amelyore sitiyasyon an oswa fè l vin pi mal.

KI SA OU MENM OU T AP FÈ?

Imajine sitiyasyon sa a: Thomas pa anvi al lekòl ni jodi a ni demen ni okenn lòt lè. Rezon an se paske sa gen twa mwa gen kèk elèv nan lekòl li ki te gaye yon seri vye rimè sou li. Apre sa, yo te kòmanse ba l non. Pafwa, youn nan yo fè espre li lage klasè ki nan men l lan atè, epi li pran pòz se pa fòt li. Gendelè tou youn ba l yon tabòk dèyè tèt e lè l vire li pa ka wè kiyès ki ba li l. Men, brimad yè a te pi grav, yo te fè l menas sou Entènèt...

Si se ou ki te Thomas, ki sa w t ap fè?

FÈ YON TI REFLECHI

Gen kèk bagay ou ka fè! Anfèt, ou ka fè moun k ap ba w brimad la ret trankil san w pa goumen avè l. Ki jan w ka fè sa?

  • PA REYAJI. Labib di: “Yon moun ki sòt fè konnen tout sa k nan kè l, men, moun ki gen sajès la pran san l pou l kontwole tèt li.” (Pwovèb 29:11). Si w rete kalm, menmsi se sèlman yon aparans, moun k ap ba w brimad yo ka kite sa.

  • PA TIRE REVANJ. Labib di: “Pa rann pèsonn mal pou mal.” (Women 12:17). Lè w chèche tire revanj, w ap fè sitiyasyon an vin pi mal.

  • EVITE MET TÈT OU NAN PWOBLÈM. Labib di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” (Pwovèb 22:3). Toutotan sa posib, evite rankontre ak moun ki ka ba w brimad, epi evite mete tèt ou nan sitiyasyon kote moun ka ba w brimad.

  • ESEYE BAY YON REPONS MOUN NAN PA T AP ATANN. Labib di: “Yon repons ki dous kalme kòlè.” (Pwovèb 15:1). Ou kapab menm eseye fè blag ak sa. Pa egzanp, si yon moun k ap ba w brimad di w ou twò gwo, ou ka monte zepòl ou epi w di: “Wi, m panse m ta dwe pèdi yon ti pwa!”

  • AL FÈ WOUT OU. Men sa Nora, yon jèn ki gen 19 an, di: “Lè w pa di anyen, sa montre ou gen matirite e ou pi djanm pase moun k ap ba w brimad la. Sa montre ou gen metriz, yon kalite moun k ap ba w brimad la pa genyen.” — 2 Timote 2:24.

  • CHÈCHE GEN PLIS KONFYANS NAN TÈT OU. Byen souvan, li fasil pou moun k ap bay moun brimad yo rive wè ki moun ki pa kwè nan tèt yo e ki petèt pap fè anyen pou defann yo. Men, anpil nan moun k ap bay brimad yo konn bay vag si yo wè ou pa okipe yo.

  • PALE DE SA AK YON MOUN. Gen yon ansyen pwofesè ki di: “M ap ankouraje kèlkeswa moun y ap bay brimad la pou l pale sa ak yon lòt moun. Se pi bon bagay ou ka fè e sa ka evite yon lòt moun sibi brimad.”

Si w gen konfyans nan tèt ou, w ap gen yon fòs moun k ap bay brimad la pa genyen.