Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 6

Ki jan m ka reziste anba presyon lòt jèn ap fè sou mwen?

Ki jan m ka reziste anba presyon lòt jèn ap fè sou mwen?

POUKISA SIJÈ SA A ENPÒTAN?

Lè w ka defann tèt ou, w ap gen kontwòl sou lavi w olye w kite se lòt moun ki fè sa pou ou.

KI SA OU MENM OU T AP FÈ?

Imajine sitiyasyon sa a: Pandan de elèv nan lekòl Billy a ap pwoche kote l, li santi kè l ap bat fò. Pandan de fwa nan semèn nan, yo te eseye fòse l fimen. Kounye a, sa pral fè twazyèm fwa a.

Premye elèv la di:

“Apa w poukont ou ankò? Ban m fè w fè konesans ak yon zanmi.”

Li tenyen yon je l pandan l ap di mo “zanmi” an, toutpandan li foure men l nan pòch li epi l rale yon bagay lonje bay Billy.

Billy wè sigarèt la nan men tigason an. Kè l bat pi fò toujou.

Billy di: “Non mesye, mwen deja di nou mwen pa...”

Dezyèm tigason an pa kite l fin pale, li di: “Apa w ap fè lach!”

Billy met kouraj sou li, li di: “Non, se pa lach!”

Dezyèm tigason an pase men nan kou l, epi li di tou dousman: “A monchè, pran l non.”

Premye tigason an lonje sigarèt la pi pre figi Billy, epi li di tou ba: “Nou pap di anyen. Pèsonn pap janm konn sa.”

Si se ou ki te Billy, ki sa w t ap fè?

FÈ YON TI REFLECHI

Èske de timesye sa yo vrèman konn sa y ap fè a? Èske se yo menm ki deside fè sa? Petèt se pa yo. Byen souvan, se lòt moun ki enfliyanse yo. Etandone yo vle pou lòt moun aksepte yo, yo fè sa yo wè lòt moun fè.

Si w ta nan yon sitiyasyon konsa, ki sa w ta ka fè pou w reziste anba presyon lòt jèn ap fè sou ou?

  1. PRAN DEVAN

    Labib di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.” — Pwovèb 22:3.

    Byen souvan, ou ka gentan wè pwoblèm nan alavans. Pa egzanp, ann imajine w ap mache e w wè yon gwoup elèv pi devan an k ap fimen. Etandone w gentan wè pwoblèm nan, w ap pare pou w fè fas avè l.

  2. REFLECHI

    Labib di: “Se pou konsyans nou rete klè.” — 1 Pyè 3:16.

    Mande tèt ou: ‘Si m kòmanse ap fè menm bagay ak elèv sa yo, ki jan m ap santi m?’ Se vre, pandan yon ti tan ou ka santi jèn yo aksepte w, men ki jan w ap santi w annapre? Èske w ap dakò pèdi idantite w jis pou w fè elèv yo aksepte w? — Egzòd 23:2.

  3. DESIDE

    Labib di: “Moun ki gen sajès la veye sou tèt li.” — Pwovèb 14:16.

    Kit se kounye a kit se pi devan, ou gen pou w pran yon seri desizyon epi aksepte konsekans desizyon sa yo. Labib pale de yon seri mesye tankou Jozèf, Jòb ak Jezi, ki te pran bon desizyon. Li pale tou de yon seri mesye tankou, Kayen, Ezaou ak Jida, ki te pran move desizyon. Ki sa ou menm w ap fè?

Labib di: “Aji avèk fidelite.” (Sòm 37:3). Si w deja reflechi ak konsekans yo, epi w medite sou yo, ou ka sezi wè jan l pi fasil pou w fè konn pozisyon w, e sa ap pote byenfè.

Pa fatige w, ou pap bezwen di yo anpil pawòl. Ou ka annik di yo: “NON!” Men, fè sa avèk kran. Oubyen, pou w ka montre yo pozisyon w byen klè, ou kapab di:

  • “M pa avè nou!”

  • “M pa nan bagay sa yo!”

  • “A mesye, nou konnen ki moun mwen ye!”

Sa k pi enpòtan an se aji rapid e avèk kran. Si w fè sa, w ap sezi wè jan y ap ba w vag byen vit!

LÈ Y AP FAWOUCHE W

Si w sede anba presyon lòt jèn ap fè sou ou, ou ka vin tankou yon wobo y ap telegide.

E si lòt jèn yo ap fawouche w? Si yo di w: “Sa w gen la a? Apa w ap fè lach?” Lè sa rive, sonje sa yo di a se pa vre, se jis yon fawouch. Ki sa w ka fè? Gen omwen de bagay ou ka fè.

  • Ou ka aksepte fawouch la. (“Ou gen rezon, mwen pè!” Epi bay rezon ki fè w pè a, san w pa di anpil bagay.)

  • Ou ka retounen fawouch la sou yo. Bay rezon ki fè w pa dakò a epi di yo bagay ki fè yo reflechi. (“Ou fimen? M te panse w te pi entèlijan pase sa wi!”)

Si yo kontinye fawouche w, al fè wout ou! Sonje sa, plis ou rete se plis presyon an ap vin pi fò. Lefètke w ale, ou montre ou refize kite lòt moun fè w chanje moun ou ye a.

Fò w reyalis, ou pa ka anpeche lòt jèn fè presyon sou ou. Men, ou ka deside sa w vle fè, ou ka kanpe sou pozisyon w epi ou pran kontwòl sitiyasyon an. An reyalite, se nan men w desizyon an ye! — Jozye 24:15.