Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 1

Bondye te fè syèl la ak tè a

Bondye te fè syèl la ak tè a

Se Jewova Dye ki Kreyatè a. Se li ki fè tout bagay, ni sa nou ka wè, ni sa nou pa ka wè. Anvan li te fè bagay nou ka wè yo, li te fè anpil anpil zanj. Èske w konn ki sa zanj yo ye? Zanj yo se moun Jewova fè ki sanble avè l. Nou pa ka wè yo menm jan nou pa ka wè Bondye. Premye zanj Jewova te fè a te konn travay ansanm avè l pou ede l. Zanj sa a te ede Jewova fè zetwal yo, planèt yo ak tout lòt bagay yo. Youn nan planèt sa yo se tè a, bèl kote nou abite a.

Apre sa, Jewova te fè tè a yon fason pou bèt ak moun ka viv sou li. Li te fè limyè solèy la klere tè a. Li te fè mòn yo, lanmè a ak rivyè yo.

Ki sa k te rive annapre? Men sa Jewova te di: ‘Mwen pral fè zèb, plant ak pyebwa.’ Te vin gen yon pakèt kalite plant ki te pouse, yo te bay fwi, legim ak flè. Apre sa, Jewova te fè tout kalite bèt, bèt ki konn vole, bèt ki konn naje ak bèt ki rale sou vant. Li te fè ti bèt piti tankou sourit ak gwo bèt tankou elefan. Ki bèt ou pi renmen?

Apre sa, men sa Jewova te di premye zanj lan: “Annou fè lòm.” Moun pa t ap menm ak bèt ditou. Yo t ap ka fè anpil bagay, tankou pale, ri epi priye. Yo t ap gen pou yo pran swen tè a ak bèt ki sou li yo. Èske w konn kiyès premye moun nan te ye? N ap wè sa pi devan.

“Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” — Jenèz 1:1.