Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 3

Adan ak Èv dezobeyi Bondye

Adan ak Èv dezobeyi Bondye

Yon jou, pandan Èv te poukont li, yon sèpan te pale avè l. Li te di l: ‘Èske se vre Bondye pa dakò pou w manje fwi nan okenn pyebwa?’ Èv di l: ‘Nou ka manje fwi nan tout pyebwa sof youn. Si nou manje fwi pyebwa sa a, n ap mouri.’ Sèpan an di l: ‘Non, ou pap mouri pyès. An reyalite, si w manje fwi pyebwa sa a, w ap vin menm jan ak Bondye.’ Èske sa l te di a se te vre? Non, se te yon manti. Men, Èv te kwè sa. Tank Èv t ap gade fwi a se tank li te anvi manje l. Li te manje fwi a, apre sa, li te bay Adan ladan l. Adan te konnen yo t ap mouri si yo te dezobeyi Bondye. Men, Adan te manje fwi a kanmenm.

Pita nan jounen sa a, Jewova te pale ak Adan ak Èv. Li te mande yo pou ki sa yo te dezobeyi l. Èv te di se te fòt sèpan an e Adan te di se fòt Èv. Piske Adan ak Èv te dezobeyi, Jewova te mete yo deyò nan jaden an. Pou Jewova te asire l yo pa t ap janm antre nan jaden an ankò, li te mete kèk zanj nan antre jaden an ak yon epe dife k ap vire san rete.

Jewova te di l ap pini moun ki te bay Èv manti a tou. Se pa sèpan an toutbon ki te pale ak Èv. Jewova pa t fè sèpan yo pou yo pale. Se yon zanj mechan ki te fè sèpan an pale. Li te twonpe Èv. Zanj sa a rele Satan Ledyab. Alavni, Jewova pral detwi Satan pou l sispann fè moun fè sa k pa bon.

“Dyab la [...] te yon asasen depi okòmansman, e li pa t kenbe fèm nan laverite, paske li pa gen laverite nan li.” — Jan 8:44, nòt.