Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 4

Kòlè fè l touye frè l

Kòlè fè l touye frè l

Apre Adan ak Èv te fin kite jaden Edenn nan, yo te fè anpil pitit. Kayen, premye pitit gason yo a, te konn fè jaden, e Abèl, dezyèm pitit gason yo a, te konn gade mouton.

Yon jou, Kayen ak Abèl te fè ofrann pou Jewova. Èske w konn ki sa yon ofrann ye? Se yon kado ki espesyal. Jewova te kontan pou ofrann Abèl te fè pou li a, men li pa t kontan pou ofrann Kayen an. Sa te fè Kayen fache anpil. Jewova te avèti Kayen, li te fè l konnen kòlè ka fè l fè sa k mal. Men, Kayen pa t koute.

Okontrè, Kayen te di Abèl: ‘Ann al nan jaden.’ Pandan yo te poukont yo nan jaden an, Kayen plonje sou frè l la e l touye l. Ki sa Jewova t apral fè Kayen pou sa l te fè a? Kòm pinisyon, Jewova te voye Kayen lwen fanmi l. Kayen pa t ap janm gen dwa tounen ankò.

Èske nou ka aprann yon leson nan sa? Nou ka kòmanse fache si bagay yo pa pase jan nou te panse a. Si n santi kòlè nou ap monte, oubyen si lòt moun avèti nou paske yo wè nou an kòlè, nou dwe sispann fè kòlè san pèdi tan epi kontwole santiman nou anvan se santiman nou ki kontwole nou.

Abèl te renmen Jewova e li te fè sa ki dwat. Se sa k fè, Jewova ap toujou sonje l. Bondye pral fè Abèl retounen viv ankò lè l fè tè a tounen yon paradi.

“Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen, w a bay ofrann ou an.” — Matye 5:24.