Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 7

Gwo gwo bilding Babèl la

Gwo gwo bilding Babèl la

Apre delij la, pitit gason Noye yo ak madanm yo te fè anpil pitit. Te vin gen anpil moun nan fanmi yo e yo te kòmanse gaye toupatou sou tè a jan Jewova te di pou yo fè a.

Men, gen kèk nan fanmi sa yo ki pa t obeyi Jewova. Yo te di: ‘Annou fè yon vil e annou rete la. N ap bati yon gwo gwo bilding ki wo anpil, tèt li ap rive jis nan syèl la. Lè sa a, tout moun ap vin konnen nou.’

Jewova pa t dakò ak sa moun sa yo t ap fè a, se sa k fè li te vle fè yo kanpe travay yo a. Èske w konn ki jan li te fè sa? Bridsoukou, li te fè yo pale lang ki diferan. Piske youn pa t ka konprann lòt, yo te kanpe travay la. Se poutèt sa, yo te vin rele vil yo t ap fè a Babèl, sa ki vle di “Konfizyon”. Moun yo te kòmanse deplase al viv toupatou sou tè a. Men, yo te kontinye fè sa ki mal kote yo t al rete yo. Èske te gen moun ki te toujou renmen Jewova? Nou pral wè sa nan chapit ki vin apre a.

“Nenpòt moun ki mete tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo.” — Lik 18:14.