Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 8

Abraram ak Sara te obeyi Bondye

Abraram ak Sara te obeyi Bondye

Pa twò lwen Babèl, te gen yon vil ki te rele Ou kote moun yo te konn adore yon pakèt dye e yo pa t konn adore Jewova. Men, te gen yon mesye nan vil Ou ki te konn adore Jewova sèlman. Li te rele Abraram.

Jewova te di Abraram: ‘Kite peyi w ak fanmi w, epi al nan peyi mwen pral montre w la.’ Apre sa, men pwomès Bondye te fè l: ‘M ap fè w vin yon gwo nasyon, m ap fè bon bagay pou anpil moun sou tè a grasa ou.’

Abraram pa t konn ki kote Jewova t ap voye l, men l te fè Jewova konfyans. Se konsa, Abraram ak madanm li, Sara, papa l, Tera, ak neve l, Lòt, te ranmase zafè yo e, avèk obeyisans, yo te kòmanse gwo vwayaj yo a.

Abraram te gen 75 an lè li menm ak fanmi l te resi rive nan peyi Jewova te vle yo wè a. Yo te rele peyi sa a Kanaran. Men pwomès Bondye te fè Abraram pandan Abraram te Kanaran: ‘Tout peyi sa a ou wè toutotou w la, m ap bay pitit ou yo l.’ Men, Abraram ak Sara te granmoun e yo pa t gen pitit. Bon, ki jan Jewova t apral reyalize pwomès li te fè a?

“Grasa lafwa Abraram te genyen, li te obeyi [...] Bondye [...], e li te deplase pou l al yon kote li t ap gen pou l resevwa kòm eritaj. Li te deplase, byenke l pa t konn kote l prale a.” — Ebre 11:8.