Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 9

Sara resi fè yon pitit!

Sara resi fè yon pitit!

Abraram ak Sara te gen plizyè ane depi yo marye. Yo t ap viv byen alèz lakay yo nan vil Ou. Men, yo te kite vil la pou y al viv anba tant. Aktout sa, Sara pa t plenyen paske l te gen konfyans nan Jewova.

Sara te tèlman vle gen pitit, li te di Abraram: ‘Si Aga, sèvant mwen an, gen yon pitit, se kòmsi m gen yon pitit tou.’ Rive yon lè, Aga te vin fè yon pitit gason. Li te rele Izmayèl.

Yon pakèt ane apre, lè Abraram te gen 99 an e Sara te gen 89 an, twa moun te vizite yo. Abraram te envite yo pran yon ti repo anba yon pyebwa, epi manje avè l. Èske w konn kiyès moun ki te vizite l yo te ye? Se zanj yo te ye! Yo te di Abraram: ‘Ane k ap vini an, nan menm epòk sa a, ou menm ak madanm ou ap gen yon pitit gason.’ Sara t ap koute pandan l te anndan tant lan. Li tonbe ri poukont li, epi l di tèt li: ‘Kounye a, mwen fin granmoun, èske m ap ka fè pitit vre?’

Ane apre a, pwomès zanj lan te fè Sara a te reyalize: Sara te fè yon pitit gason. Abraram te rele l Izarak ki vle di “Ri”.

Lè Izarak te prèske gen senkan, Sara te wè Izmayèl k ap pase l nan rizib. Sara te vle pwoteje pitit gason l lan, se sa k fè li t al kot Abraram e li te mande l pou l voye Aga ak Izmayèl ale. Okòmansman, Abraram pa t dakò fè sa. Men, Jewova te di Abraram: ‘Koute Sara. M ap pran swen Izmayèl, men se grasa Izarak pwomès mwen yo ap reyalize.’

“Grasa lafwa Sara te genyen tou, li te resevwa pisans pou l te vin ansent [...], piske li te konsidere Sila a ki fè pwomès la fidèl.” — Ebre 11:11.