Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 12

Eritaj la te vin pou Jakòb

Eritaj la te vin pou Jakòb

Izarak te gen 40 an lè l te marye ak Rebeka. Li te renmen l anpil. Rive yon lè, yo te vin gen de pitit gason, de jimo.

Pi gran an te rele Ezaou, e pi piti a te rele Jakòb. Ezaou te renmen ret deyò, e li te fò nan fè lachas. Men, Jakòb te renmen ret nan kay.

Nan epòk sa a, yo te konn bay pi gran pitit gason an pifò tè ak lajan fanmi an lè papa a mouri. Se sa yo te rele eritaj la. Nan fanmi Izarak, moun ki t apral gen eritaj la t ap gen yon wòl nan pwomès Jewova te fè Abraram yo. Ezaou pa t bay pwomès sa yo enpòtans, men, Jakòb te konnen yo enpòtan anpil.

Yon jou, apre Ezaou fin fè tout yon jounen ap chase, li antre lakay li. Li te fatige anpil. Li te pran sant yon bon manje Jakòb t ap fè, epi li di: ‘M ap mouri grangou! Ban m enpe nan bouyon sa a.’ Jakòb di l: ‘M ap ba w ladan l, men anvan sa, se pou w pwomèt mwen, eritaj ou a ap vin pou mwen.’ Ezaou di l: ‘M pa bezwen eritaj la, ou met pran l. Se manje m bezwen.’ Èske w panse Ezaou te byen fè? Non. Ezaou te bay yon bagay ki te gen anpil valè pou yon bòl bouyon.

Lè Izarak te vin granmoun anpil, li te vle bay premye pitit gason l lan yon benediksyon. Men, Rebeka te ede Jakòb, ti frè Ezaou a, pou se li ki jwenn benediksyon an. Lè Ezaou vin konn sa, li te fache anpil e li te kòmanse fè plan pou l touye frè l la. Izarak ak Rebeka te vle pwoteje Jakòb, se sa k fè yo te di l: ‘Al lakay Laban, frè manman w, epi rete la jiskaske Ezaou pa an kòlè kont ou ankò.’ Jakòb koute konsèy paran l yo e li chape poul li.

“Ki sa yon moun ap jwenn si l gen lemonnantye, men li pèdi lavi l? An reyalite, ki sa yon moun ta ka bay nan plas lavi l?” — Mak 8:36, 37.