Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 21

Dizyèm flewo a

Dizyèm flewo a

Moyiz te pwomèt Farawon li pap chèche wè l ankò. Men, anvan Moyiz kite Farawon, li te di l: ‘A minui, tout premye pitit gason ki fèt nan peyi Ejip yo ap mouri, kit se pitit gason Farawon, kit se pitit gason yon esklav.’

Jewova te mande Izrayelit yo fè yon manje espesyal. Li te di: ‘Touye yon mal mouton oswa yon bouk kabrit ki gen ennan, epi, met yon pati nan san l pa anlè pòt kay nou ak sou kote pòt la. Boukannen vyann nan e manje l ak pen san ledven. Ret tou abiye, ak sandal nan pye nou, tou pare pou n ale. Aswè a, m ap libere nou.’ Èske w ka imajine jan Izrayelit yo te kontan?

Kou l fè minui, zanj Jewova a t al nan tout kay nan peyi Ejip. Si yon moun pa t met san bèt pa anlè pòt kay li ak sou kote pòt la, premye pitit gason ki anndan kay sa a t ap mouri. Men, se sèl kay ki te gen san sou pòt yo zanj lan te kite. Chak fanmi Ejipsyen, rich kou pòv, te pèdi yon pitit. Men, pa t gen okenn timoun Izrayelit ki te mouri.

Menm pitit gason Farawon te mouri. Sa te vin twòp pou Farawon. Menm kote a, li di Moyiz ak Arawon: ‘Leve. Soti la a. Ale, al adore Bondye nou an. Pran bèt nou yo, epi ale!’

Jou sa a, lalin nan te plenn, Izrayelit yo te soti nan peyi Ejip, yo te fè plizyè gwoup selon fanmi yo ak tribi yo. Te gen 600 000 gason izrayelit, yon pakèt fi ak anpil timoun avèk yo. Epitou, te gen yon pakèt lòt moun ki t al avèk yo pou y al adore Jewova tou. Izrayelit yo te resi delivre!

Pou yo te ka sonje ki jan Jewova te sove yo, yo t ap gen pou yo fè menm manje espesyal yo te fè jou swa sa a chak ane. Yo te rele fèt sa a fèt Pak.

“Men pou ki rezon mwen kite w la toujou: pou m sèvi avè w kòm egzanp pou m montre pisans mwen e pou yo ka fè konnen non m sou tout tè a.” — Women 9:17.