Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 22

Mirak ki te fèt nan Lanmè Wouj la

Mirak ki te fèt nan Lanmè Wouj la

Kou Farawon tande Izrayelit yo kite peyi Ejip, li regrèt li te voye yo ale. Li bay sòlda l yo lòd, li di yo: ‘Prepare tout charyo nou konn al nan lagè yo, epi ann al dèyè yo! Nou pa t dwe kite yo ale.’ Li menm ak mesye l yo te kòmanse kouri dèyè Izrayelit yo.

Jewova te sèvi ak yon nyaj lajounen e ak yon dife nan lannuit pou l gide pèp li a. Li te mennen yo bò Lanmè Wouj, e li te di yo pou yo monte tant yo la.

Epi, Izrayelit yo te wè Farawon ak lame l la k ap kouri dèyè yo. Yo te vin twouve yo ant lanmè a ak lame ejipsyen an. Yo te rele byen fò, yo t ap di Moyiz: ‘Nou pral mouri! Ou te dwe kite nou nan peyi Ejip.’ Men, Moyiz di yo: ‘Nou pa bezwen pè. Ret tann pou n wè jan Jewova pral sove nou.’ Èske w wè jan Moyiz te fè Jewova konfyans?

Jewova te mande Izrayelit yo pou yo deplase. Jou swa sa a, Jewova te deplase nyaj la e l te mete l ant Ejipsyen yo ak Izrayelit yo. Te gen fènwa nan bò Ejipsyen yo. Men, bò Izrayelit yo te byen klere.

Jewova te di Moyiz pou l lonje men l sou lanmè a. Epi, Jewova te fè yon gwo van soufle pandan tout nuit lan. Lanmè a te fann de bò, e te vin gen yon wout nan mitan lanmè a. Te gen plizyè milyon Izrayelit. Yo te mache sou tè sèk nan mitan de miray dlo yo pou y al sou lòt bò lanmè a.

Lame Farawon an te kouri dèyè Izrayelit yo rive jis nan mitan lanmè a sou tè sèk. Se konsa, Jewova te fè sòlda yo nan lame a pa konn sa pou yo fè. Wou charyo yo te kòmanse rache. Sòlda yo te pran rele: ‘Ann soti la a! Jewova ap goumen pou yo.’

Jewova di Moyiz: ‘Lonje men w sou lanmè a.’ Menm kote a, miray dlo yo kouvri lame ejipsyen an. Farawon te mouri ansanm ak tout mesye l yo. Pa gen youn ladan yo ki te chape.

Sou lòt bò lanmè a, te gen yon gwo foul moun ki t ap chante louwanj pou Bondye, yo t ap di: “Chante pou Jewova, paske li ranpòte yon kokennchenn viktwa. Li lage cheval la ak moun ki te sou li a nan lanmè.” Pandan moun yo t ap chante, medam yo t ap danse e yo t ap jwe tanbouren. Kounye a, tout moun yo te kontan anpil paske yo te lib toutbon.

“Konsa, n ap kapab gen anpil kouraj e n ap kapab di: ‘Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?’” — Ebre 13:6.