Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 23

Yo fè Jewova yon pwomès

Yo fè Jewova yon pwomès

Sa gen anviwon de mwa depi Izrayelit yo kite peyi Ejip. Kounye a, yo rive devan Mòn Sinayi e yo monte tant yo la. Jewova te rele Moyiz e Moyiz te monte sou mòn nan. Epi, Jewova di Moyiz: ‘Mwen te sove Izrayelit yo. Si yo obeyi m e yo obeyi lwa m yo, y ap vin yon pèp espesyal pou mwen.’ Moyiz te desann mòn nan e li fè Izrayelit yo konnen sa Jewova te di. Ki sa yo te fè? Men sa yo te di: ‘N ap fè tout sa Jewova mande nou fè.’

Moyiz monte mòn nan ankò, e pandan l sou mòn nan, Jewova di l: ‘Nan twa jou, mwen pral pale avè w. Avèti pèp la pou yo pa eseye monte sou Mòn Sinayi.’ Moyiz desann e li di Izrayelit yo pou yo pare yo pou yo koute sa Jewova pral di.

Twa jou apre, Izrayelit yo wè zèklè ak yon nyaj tou nwa sou mòn nan. Mete sou sa, yo tande gwo kout loray ak yon kòn k ap sonnen. Apre sa, Jewova desann vin sou mòn nan nan mitan yon dife. Izrayelit yo te pè anpil, yo t ap tranble. Tout mòn nan t ap tranble byen fò e l te kouvri ak lafimen. Son kòn nan te kontinye ap vin pi fò. E Bondye te di: ‘Mwen se Jewova. Nou pa dwe adore okenn lòt dye.’

Moyiz t al sou mòn nan ankò e Jewova te ba l yon seri lwa pou l bay pèp la pou yo konnen ki jan yo dwe adore l e ki konduit yo dwe genyen. Moyiz te ekri lwa yo e li te li yo pou Izrayelit yo. Lè sa a, yo te di: ‘Nou pral fè tout sa Jewova di nou fè.’ Se yon pwomès yo te fè Bondye. Men, èske yo t ap respekte pwomès sa a?

“Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.” — Matye 22:37.