Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 26

Douz espyon

Douz espyon

Izrayelit yo te soti bò Mòn Sinayi e yo travèse dezè Paran pou y al nan yon zòn yo rele Kadès. Lè yo rive Kadès, Jewova di Moyiz: ‘Pran 12 gason, youn nan chak tribi Izrayèl yo, voye yo kòm espyon nan peyi Kanaran, peyi mwen pral bay Izrayelit yo.’ Se konsa, Moyiz chwazi 12 gason e li di yo: ‘Ale Kanaran, gade pou n wè si peyi a se yon bon peyi ki ka fè bon jaden. Gade pou n wè si moun yo nan peyi a gen anpil fòs oubyen si yo fèb, si y ap viv anba tant oswa nan vil.’ Epi, 12 espyon yo t al nan peyi Kanaran. Nan 12 espyon yo, te gen Jozye ak Kalèb.

Apre 40 jou, espyon yo retounen e yo vini ak fig frans, grenad ak rezen. Espyon yo di: ‘Peyi a se yon bon peyi. Men, moun yo gen anpil fòs e miray vil yo wo anpil.’ Lè sa a, Kalèb di: ‘Nou ka bat yo. Ann ale kounye a!’ Èske w konn pou ki sa Kalèb te di sa? Se paske li menm ak Jozye te gen konfyans nan Jewova. Men, dis lòt espyon yo te di: ‘Non! Moun yo gwo anpil, yo tankou jeyan! Nou sanble ak krikèt bò kote yo.’

Izrayelit yo te vin dekouraje. Yo te kòmanse ap plenyen e youn t ap di lòt: ‘Ann chwazi yon nouvo chèf, epi ann tounen ann Ejip. Poukisa pou n al bay touye nou lòtbò a?’ Jozye ak Kalèb te di: ‘Pinga nou dezobeyi Jewova e pinga nou pè! Jewova ap pwoteje nou.’ Men, Izrayelit yo pa t vle koute yo. Yo te menm vle touye Jozye ak Kalèb!

Ki sa Jewova te fè? Li te di Moyiz: ‘Apre tout sa m fin fè pou Izrayelit yo, yo toujou pa vle obeyi m. Se sa k fè, yo pral pase 40 an nan dezè a e se la y ap mouri. Se sèl pitit yo ansanm ak Jozye ak Kalèb k ap antre vivan nan peyi mwen te pwomèt yo a.’

“Poukisa nou pè konsa? Ki jan nou fè manke lafwa konsa?” — Matye 8:26.