Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 31

Jozye ak moun Gabawon yo

Jozye ak moun Gabawon yo

Lòt nasyon Kanaran yo te vin konnen sa k te rive vil Jeriko. Wa ki nan nasyon sa yo te vle met ansanm pou yo goumen ak Izrayelit yo. Men, moun Gabawon yo te gen yon lòt plan. Yo te met vye rad chire sou yo e yo t al pale ak Jozye, yo di l: ‘Nou sot nan yon peyi ki lwen anpil. Nou te tande pale de Jewova ak tout sa l te fè pou pèp ou a nan peyi Ejip ak nan peyi Mowab. Pwomèt nou ou pap atake nou e n ap vin sèvitè w.’

Jozye te kwè sa yo te di a e li te pwomèt yo li pap atake yo. Apre twa jou, li vin aprann yo pa t sot nan yon peyi ki lwen. Yo se moun peyi Kanaran. Jozye te mande moun Gabawon yo: ‘Poukisa nou ban nou manti?’ Yo reponn: ‘Nou te pè! Nou konnen Jewova, Bondye w la, ap goumen pou ou. Tanpri, pa touye nou.’ Jozye te kenbe pwomès li te fè yo a e li te kite yo viv.

Sa pa t pran tan pou senk wa nan peyi Kanaran ak lame yo te vin atake moun Gabawon yo. Jozye ak lame l la te mache pandan tout yon nuit pou y al pote yo sekou. Batay la te kòmanse byen bonè nan demen maten. Moun Kanaran yo te tonbe kouri nan tout direksyon. Tout kote yo kouri ale Jewova te fè gwo grenn lagrèl tonbe sou yo. Apre sa, Jozye mande Jewova pou solèy la ret kanpe. Poukisa l te mande Jewova fè sa alòske solèy la pa t janm ret kanpe anvan sa? Se paske Jozye te fè Jewova konfyans. Solèy la te fè yon jou li pa kouche jiskaske Izrayelit yo te fin bat wa Kanaran yo ak lame yo te genyen yo.

“Se pou ‘Wi’ nou vle di wi, e se pou ‘Non’ nou vle di non. Paske, tout sa nou di anplis soti nan Mechan an.” — Matye 5:37.