Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 32

Yon nouvo chèf ak de medam ki gen kran

Yon nouvo chèf ak de medam ki gen kran

Jozye te pase plizyè ane ap gide pèp Jewova a. Apre sa, li te mouri lè l te gen 110 an. Pandan l te vivan, Izrayelit yo te konn adore Jewova. Men, apre lanmò l, yo te kòmanse adore zidòl menm jan ak moun Kanaran yo. Piske Izrayelit yo pa t kontinye obeyi Jewova, Jewova te kite Jaben, yon wa peyi Kanaran, fè yo pase mizè. Pèp la te sipliye Jewova pou l ede yo. Se sa k fè, Jewova te ba yo yon nouvo gid ki te rele Barak. Li t ap gen pou l ede pèp la retounen vin jwenn Jewova.

Debora, yon dam ki te pwofèt, te voye chèche Barak. Jewova te ba l yon mesaj pou Barak, li te di l: ‘Pran 10 000 gason epi, al fè lagè ak lame Jaben an nan Rivyè Kichon. Se la w ap bat Sisera, chèf lame Jaben an.’ Barak di Debora: ‘Mwen prale sèlman si w ale avè m.’ Debora di l: ‘Mwen prale avè w. Men, se pou w konnen se pa ou menm k ap touye Sisera. Jewova di se yon fi k ap touye l.’

Se konsa, Debora t ale ak Barak ansanm ak lame l la rive jis nan Mòn Tabò pou yo prepare yo pou batay la. Kou Sisera tande sa, li rasanble chadegè yo ak gwoup sòlda l yo nan vale ki pi ba a. Debora di Barak: ‘Jodi a, se jou Jewova pral ba w laviktwa.’ Barak ak 10 000 mesye yo te kouri desann mòn nan pou y al goumen ak gwo lame Sisera a.

Lè sa a, Jewova te fè dlo Rivyè Kichon an desann. Chadegè Sisera yo te kole nan labou. Sisera te desann charyo l la e li pran kouri. Barak ak sòlda l yo te bat lame Sisera a, men Sisera te sove! Li te kouri al kache nan tant yon dam ki te rele Jayèl. Jayèl te ba l lèt pou l bwè e l te kouvri l ak yon lèn. Sòlda a te tèlman fatige, dòmi ale avè l. Apre sa, Jayèl avanse tou dousman bò kot Sisera e li antre yon pikèt tant nan tèt li. Epi, Sisera mouri.

Lè Barak vin chèche Sisera, Jayèl soti nan tant li, epi li di l: ‘Antre, mwen pral montre w moun w ap chèche a.’ Barak antre anndan tant lan, li wè Sisera kouche tou mouri. Barak ak Debora te chante pou fè louwanj pou Jewova paske Jewova te fè Izrayelit yo bat ènmi yo. Pandan 40 ane ki te vin apre yo, Izrayelit yo te viv anpè.

“Medam k ap fè konnen bon nouvèl la se yon gwo lame.” — Sòm 68:11.