Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 33

Rit ak Nawomi

Rit ak Nawomi

Yon lè, te vin gen yon gwo grangou nan peyi Izrayèl. Nawomi, yon Izrayelit, te deplase ak mari l ansanm ak de pitit gason l yo pou y al viv nan peyi Mowab. Rive yon lè, mari Nawomi mouri. Pitit gason l yo te marye ak de fi ki te moun Mowab. Youn te rele Rit e lòt la te rele Òpa. Malerezman, toude pitit gason Nawomi yo te vin mouri tou.

Nawomi te vin aprann pa gen grangou ann Izrayèl ankò e li te pran wout pou l tounen nan peyi l. Rit ak Òpa te vwayaje ansanm avè l, e pandan yo nan wout, Nawomi di yo: ‘Nou te de bon madanm pou pitit gason m yo, e nou te byen viv avè m antanke bèlfi. Mwen vle nou toule de marye ankò. Retounen Mowab, nan peyi nou.’ Medam yo di l: ‘Nou renmen w! Nou pa vle kite w.’ Nawomi pa t sispann mande yo pou y ale. Alafen, Òpa retounen, men Rit rete. Epi, Nawomi di Rit: ‘Men Òpa tounen al jwenn pèp li a ak dye l yo. Retounen avè l, ale kay manman w.’ Men, Rit di l: ‘Mwen pap kite w. Pèp ou ap vin pèp mwen e Bondye w ap vin Bondye m.’ Ki jan w panse Nawomi te santi l lè Rit te di l sa?

Rit ak Nawomi te rive ann Izrayèl lè rekòt lòj la te fèk kòmanse. Yon jou, Rit t al ranmase rès grenn ki te rete nan jaden yon mesye ki rele Bowaz ki te pitit gason Rahab. Li te vin aprann Rit te yon moun Mowab ki te fidèl ak Nawomi. Li te di travayè l yo pou yo kite yon ti lòj anplis nan jaden an pou Rit ranmase.

Nan aswè, Nawomi mande Rit: ‘Nan jaden kiyès ou te travay jodi a?’ Rit di l: ‘Nan jaden yon mesye ki rele Bowaz.’ Nawomi di l: ‘Bowaz se fanmi mari m. Kontinye travay nan jaden l lan ak lòt jèn medam yo. Ou pap gen pwoblèm.’

Rit te travay nan jaden Bowaz la jis rekòt la fini. Bowaz te wè Rit se yon dam ki travay di e se yon bon fi. Nan epòk sa a, lè yon gason mouri san l pa gen pitit gason, yon fanmi l te ka marye ak madanm li kite a. Se sa k fè, Bowaz te marye ak Rit. Yo te vin gen yon pitit gason yo te rele Obèd ki te vin granpè wa David. Zanmi Nawomi yo te kontan anpil. Yo te di l: ‘Jewova te ba w Rit ki te byen viv avè w, e men kounye a ou gen yon pitit pitit gason. Se pou n fè louwanj pou Jewova!’

“Gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè.” — Pwovèb 18:24.