Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 35

Ana mande Bondye yon tigason

Ana mande Bondye yon tigason

Gen yon Izrayelit ki te rele Èlkana ki te gen de medam, Ana ak Penina. Men, li te pi renmen Ana. Se toutan Penina t ap pase Ana nan rizib paske Ana pa t gen pitit e Penina te gen anpil pitit. Chak ane, Èlkana te konn mennen fanmi l Silo pou y al adore Jewova nan tabènak la. Yon lè, pandan yo Silo, Èlkana remake Ana, madanm li renmen anpil la, te tris anpil. Li di l: ‘Tanpri Ana, sispann kriye. Ou genyen m avè w. Mwen renmen w.’

Nan pita, Ana soti poukont li pou l al priye. Li pa t ka sispann kriye toutpandan li t ap sipliye Jewova pou l ede l. Men pwomès li te fè: ‘Jewova, si w ban m yon pitit gason, m ap ba ou l e l ap sèvi w pou tout lavi l.’

Eli, gran prèt la, te wè Ana t ap tranble pandan l t ap kriye, e li te panse se sou li sou. Ana di l: ‘Non, mèt mwen, mwen pa sou. Mwen gen yon gwo pwoblèm, e se pale m ap pale ak Jewova sou sa.’ Eli vin wè Ana pa sou, li di l: ‘Se pou Bondye ba ou sa w vle a.’ Ana te santi l soulaje, epi l ale. Nan mwens pase ennan, Ana vin gen yon pitit gason, li te rele l Samyèl. Èske w ka imajine jan Ana te kontan?

Ana pa t bliye pwomès li te fè Jewova a. Lè Samyèl pa t nan tete ankò, Ana mennen l al sèvi nan tabènak la. Men sa l te di Eli: ‘Se pou pitit gason sa a mwen t ap priye a. Mwen prete Jewova l pou tout rès vi l.’ Èlkana ak Ana te konn al wè Samyèl chak ane e yo te konn pote yon ti manto san manch tounèf pou li. Jewova te bay Ana twa lòt pitit gason ak de pitit fi.

“Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn.” — Matye 7:7.