Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 36

Pwomès Jefte te fè a

Pwomès Jefte te fè a

Izrayelit yo te sispann sèvi Jewova e yo te kòmanse adore fo dye. Lè desandan Amon yo te vin atake Izrayelit yo e yo te goumen avèk yo, fo dye sa yo pa t kapab ede yo. Izrayelit yo te fè plizyè ane ap soufri. Alafen, yo te di Jewova: ‘Nou peche. Tanpri, delivre nou anba men ènmi nou yo.’ Izrayelit yo te kraze tout zidòl yo te genyen yo e yo te kòmanse adore Jewova ankò. Jewova pa t vle wè yo ap soufri ankò.

Bondye te chwazi yon sòlda ki rele Jefte pou mennen pèp li a al batay ak desandan Amon yo. Jefte di Jewova: ‘Si w ede nou genyen batay la, mwen pwomèt ou, lè m tounen lakay mwen, m ap ba w premye moun lakay mwen ki vin rankontre m.’ Jewova te koute priyè Jefte a e l te fè l genyen batay la.

Lè Jefte retounen lakay li, premye moun ki te vin rankontre l se te pitit fi l la, sèl pitit li te genyen an. Li t ap danse e li t ap bat yon tanbouren. Ki sa Jefte t apral fè menm? Li sonje li te fè yon pwomès, epi li di: ‘O non, pitit fi m nan! Kè m ap dechire. Mwen te fè Jewova yon pwomès. Pou m respekte pwomès sa a, fò m voye w Silo, nan tabènak la.’ Men, pitit fi l la di l: ‘Papa, si w te fè Jewova yon pwomès, se pou w kenbe pwomès ou. Sèl sa m ap mande w, kite m pase de mwa nan mòn nan ak ti medam ki zanmi m yo. Apre sa m prale.’ Pitit fi Jefte a te fidèl nan travay li t ap fè nan tabènak la pou tout rès vi l. Chak ane, zanmi l yo te konn al wè l Silo.

“Moun ki gen plis afeksyon pou pitit gason l oswa pou pitit fi l pase m, pa merite pou l disip mwen.” — Matye 10:37.