Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 38

Jewova te bay Samson anpil fòs

Jewova te bay Samson anpil fòs

Anpil nan Izrayelit yo t al adore zidòl ankò, se sa k fè Jewova te kite moun Filisti yo gen pouvwa sou peyi a. Men, kèk Izrayelit te renmen Jewova. Youn ladan yo se te Manowa. Li menm ak madanm li pa t gen pitit. Yon jou, Jewova voye yon zanj al kot madanm Manowa. Zanj lan di l: ‘Ou pral fè yon pitit gason. L ap delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo. L ap yon Nazireyen.’ Èske w konnen kiyès Nazireyen yo te ye? Yo te yon seri sèvitè Jewova ki espesyal. Nazireyen yo pa t gen dwa koupe cheve yo.

Lè lè a te rive, pitit gason Manowa a te vin fèt, e li te rele l Samson. Lè Samson t ap grandi, Jewova te ba l anpil fòs. Li te ka touye yon lyon san anyen nan men l. Yon lè, Samson touye 30 moun Filisti poukont li. Moun Filisti yo te rayi l e yo t ap chèche touye l. Yon jou swa, pandan Samson t al dòmi Gaza, gen moun ki t al tann li bò pòtay vil la pou yo touye l nan maten. Men, nan mitan nuit lan, Samson leve, l al bò pòtay vil la e li rache pòtay la nan miray la. Li pote pòtay la sou zepòl li rive jis sou tèt yon mòn ki toupre vil Ebwon!

Annapre, moun Filisti yo t al kot Dalila, menaj Samson an, e yo di l: ‘N ap ba w plizyè milye pyès monnen ann ajan si w jwenn sa k fè Samson gen tout fòs sa a. Nou vle pran l pou n mete l nan prizon.’ Dalila te vle gen kòb la, se sa k fè l te dakò. Okòmansman, Samson pa t vle di Dalila sa k fè l gen tout fòs sa a. Men, Dalila te annuiye l jiskaske l vin about e l te ba l sekrè a. Li di l: ‘Yo pa janm koupe cheve m paske m se yon Nazireyen. Si yo koupe cheve m, m ap pèdi fòs mwen.’ Èske w pa wè se yon gwo erè Samson te fè lè l te bay Dalila sekrè a?

San pèdi tan, Dalila al jwenn moun Filisti yo, li di yo: ‘M konn sekrè a!’ Li fè Samson dòmi sou kuis li epi li fè yon moun koupe cheve Samson. Dalila di byen fò: ‘Samson, men moun Filisti yo!’ Samson reveye, men li pa t gen fòs ankò. Moun Filisti yo pran l, yo pete de je l, epi yo fèmen l nan prizon.

Yon jou, plizyè milye moun Filisti te reyini nan tanp Dagon, dye yo a, yo t ap di byen fò: ‘Bondye nou an lage Samson nan men nou! Mennen Samson ban nou! Annou pase l nan rizib.’ Yo te mete Samson kanpe ant de gwo poto e yo t ap pase l nan rizib. Samson te di byen fò: ‘O Jewova, tanpri, ban m fòs ankò yon dènye fwa.’ Lè sa a, cheve Samson te gentan long ankò. Li pouse de poto tanp lan ak tout fòs li. Tout tanp lan te vide atè e l te touye tout moun ki te nan tanp lan e Samson te mouri tou.

“Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” — Filipyen 4:13.