Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 39

Premye wa Izrayèl

Premye wa Izrayèl

Jewova te bay Izrayelit yo jij pou gide yo. Men, yo te vle gen yon wa. Yo te di Samyèl: ‘Tout nasyon bò kote nou yo gen yon wa. Nou vle gen yon wa.’ Samyèl te santi se pa t yon bon bagay. Se poutèt sa, li te priye Jewova sou sa. Jewova di l: ‘Se pa ou menm pèp la pa vle. Se mwen menm yo pa vle. Di yo yo kapab gen yon wa. Men, wa sa a pral mande yo anpil bagay.’ Malgre sa, pèp la te di: ‘Pa gen pwoblèm. Se yon wa nou vle!’

Jewova te di Samyèl se yon mesye ki rele Sayil ki pral premye wa nasyon an. Lè Sayil t al vizite Samyèl nan Rama, Samyèl vide luil sou tèt Sayil pou l montre l se li Bondye chwazi.

Annapre, Samyèl te rasanble Izrayelit yo pou l montre yo wa yo a. Men, yo pa t ka jwenn Sayil okenn kote. Ou konn poukisa? Paske Sayil t al kache nan mitan pwovizyon yo. Lè yo resi jwenn Sayil, yo vini avè l, epi yo mete l kanpe nan mitan pèp la. Sayil te pi wo pase tout moun e l te bèl gason anpil. Samyèl di: ‘Men moun Jewova chwazi a.’ Pèp la di byen fò: ‘Viv wa a!’

Okòmansman, wa Sayil te konn koute Samyèl e li te konn obeyi Jewova. Men annapre, li vin chanje. Pa egzanp, wa a pa t gen dwa ofri sakrifis. Yon lè, Samyèl te di Sayil pou l ret tann li vini. Men, Samyèl te pran tan pou l vini. Se konsa, Sayil te ofri sakrifis yo poukont li. Ki sa Samyèl te fè? Men sa l te di Sayil: ‘Ou pa t dwe dezobeyi Jewova.’ Èske Sayil t ap pran leson nan sa k te rive l la?

Annapre, lè Sayil t apral nan lagè ak moun Amalèk yo, Samyèl te di l pou l touye tout moun nèt. Men, Sayil pa t touye wa Agag. Jewova te di Samyèl: ‘Sayil vire do ban mwen e li pa koute lè m pale avè l.’ Samyèl te tris anpil e l te di Sayil: ‘Piske w sispann obeyi Jewova, l ap chwazi yon lòt wa.’ Pandan Samyèl t ap vire pou l ale, Sayil kenbe l epi ke manto Samyèl chire. Lè sa a, Samyèl di Sayil: ‘Jewova rache wayòm nan nan men w.’ Jewova t apral bay yon lòt moun wayòm nan, yon moun ki renmen l e k ap obeyi l.

“Obeyi gen plis valè pase fè sakrifis.” — 1 Samyèl 15:22.