Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 40

David ak Golyat

David ak Golyat

Jewova di Samyèl: ‘Al lakay Jese. Se youn nan pitit gason l yo ki pral vin wa ann Izrayèl.’ Epi, Samyèl al lakay Jese. Lè l wè pi gran pitit gason Jese a, li di tèt li: ‘Siman se jèn gason sa a Bondye chwazi.’ Men, Jewova di Samyèl se pa li menm li chwazi. Jewova di: ‘Mwen wè sa ki nan kè yon moun, pa sèlman sa ki parèt pa deyò.’

Jese te mennen sis lòt pitit gason l devan Samyèl. Men, Samyèl di: ‘Jewova pa chwazi youn nan yo. Èske w gen lòt pitit gason?’ Jese di: ‘Mwen gen yon sèl lòt, se David, dènye pitit gason m nan. L ap pran swen mouton m yo.’ Lè David parèt, Jewova di Samyèl: ‘Se li m chwazi!’ Samyèl te vide luil sou tèt David pou montre se li Bondye chwazi kòm pwochen wa Izrayèl.

Kèk tan apre, Izrayelit yo t ap fè lagè ak moun Filisti yo. Te gen yon jeyan sòlda ki t ap goumen pou moun Filisti yo ki te rele Golyat. Chak jou, Golyat te konn pase Izrayelit yo nan rizib. Li t ap di byen fò: ‘Voye yon gason vin goumen avè m. Si l genyen, nou menm moun Filisti yo, n ap vin esklav Izrayelit yo. Men, si m genyen, Izrayelit yo ap vin esklav moun Filisti yo.’

David t al pote manje nan kan lame Izrayèl la pou frè l yo ki te sòlda. David te tande sa Golyat t ap di, epi li di: ‘Mwen pral goumen avè l!’ Wa Sayil di l: ‘Men, ou se yon tigason.’ David di: ‘Jewova ap ede m.’

Sayil te eseye mete ekipman konba l la sou David. Men, David di: ‘Mwen pa ka goumen ak ekipman konba sa a sou mwen.’ David te pran flonn li, l al nan yon rivyè, li chwazi senk wòch byen lis e li mete yo nan yon ti sak. Epi, David kouri al sou Golyat. Jeyan an di byen fò: ‘Vin isit tigason. M ap fè w tounen manje pou zwazo yo nan syèl la ak bèt sovaj yo.’ Sa pa t fè David pè. Li te di l byen fò: ‘Ou vin sou mwen ak yon epe ak yon lans, men, mwen vini nan non Jewova. Se pa avèk nou w ap goumen, se avèk Bondye w ap goumen. Tout moun isit la pral wè Jewova gen plis pouvwa pase yon epe ak yon lans. L ap lage nou tout nan men nou.’

David met yon wòch nan flonn li an e li vire flonn nan ak tout fòs li. Avèk èd Jewova, wòch la vòltije e l al antre nan fwon Golyat. Jeyan an tonbe atè, li mouri frèt. Apre sa, moun Filisti yo kouri pou yo sove lavi yo. Èske w fè Jewova konfyans menm jan ak David?

“Pou lèzòm, sa enposib, men sa pa enposib pou Bondye, paske tout bagay posib pou Bondye.” — Mak 10:27.