Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 44

Yon tanp pou Jewova

Yon tanp pou Jewova

Lè Salomon te vin wa ann Izrayèl, Jewova te mande l: ‘Ki sa w ta renmen m ba ou?’ Salomon di: ‘Mwen jèn e m pa konn sa m ap fè a. Tanpri, ban m sajès pou m pran swen pèp ou a.’ Jewova di l: ‘Kòm ou mande m sajès, m ap fè w vin moun ki gen plis sajès sou tè a. Mete sou sa, m ap fè w vin rich anpil. E si w obeyi m, w ap viv lontan.’

Salomon te kòmanse bati tanp lan. Li te itilize pi bon kalite lò, ajan, bwa ak wòch. Plizyè milye gason ak fi ki te konn travay byen te travay nan tanp lan. Apre setan, moman an te rive pou yo ofri Jewova tanp lan. Te gen yon lotèl nan tanp lan ki te gen ofrann sou li. Salomon te met ajenou devan lotèl la epi li priye Jewova: ‘O Jewova, tanp sa a pa gwo ase e li pa bèl ase pou ou, men, tanpri kite nou adore w epi koute priyè nou.’ Ki sa Jewova te panse de tanp lan ak priyè Salomon te fè a? Salomon annik fin priye, dife desann sot nan syèl la vin boule tout ofrann ki te sou lotèl la nèt. Jewova te aksepte tanp lan. Lè Izrayelit yo wè sa, yo te kontan.

Tout moun nan nasyon Izrayèl la e menm moun ki rete byen lwen te konnen Salomon pou sajès li. Moun ki te gen pwoblèm te konn vin kote l pou mande l èd. Menm rèn Cheba te poze l kesyon ki difisil pou l ka teste l. Lè l te tande repons Salomon bay yo, li di: ‘Mwen pa t kwè sa moun te di m sou ou, men kounye a, mwen wè ou menm gen plis sajès pase sa yo rakonte m. Jewova, Bondye w la, beni w.’ Lavi a te bèl pou nasyon Izrayèl la e pèp la t ap viv ak kè kontan. Men, bagay yo t apral chanje.

“Gade! gen yon moun la a ki pi enpòtan pase Salomon.” — Matye 12:42.