Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 48

Pitit gason yon vèv resisite

Pitit gason yon vèv resisite

Pandan sechrès la, Jewova te di Eli: ‘Ale Safat. Gen yon vèv lòtbò a ki pral ba w manje.’ Pandan Eli nan pòtay vil la, li wè yon vèv malerèz k ap ranmase bwa. Li mande vèv la yon ti dlo pou l bwè. Pandan l pral chèche dlo a, Eli rele l, li di l: ‘Tanpri, ban m yon ti pen tou.’ Men, vèv la di l: ‘Mwen pa gen pen pou m ba ou non. Ti farin ak luil mwen gen lakay mwen an se pou m fè yon ti manje pou mwen ak pitit gason m nan.’ Pwofèt Eli di l: ‘Jewova fè yon pwomès, li di si w fè yon ti pen pou mwen, farin ak luil ou genyen an pap janm fini pou jis lapli tonbe ankò.’

Se konsa, vèv la t al lakay li e l te fè pen pou pwofèt Jewova a. Jan Jewova te pwomèt la, vèv la ak pitit gason l lan te toujou gen manje pou yo manje pandan sechrès la. Krich farin li an ak krich luil li a te toujou plen.

Annapre, gen yon malè ki te rive l. Ti pitit gason vèv la te vin tèlman malad, li mouri. Vèv la sipliye Eli pou l ede l. Eli pran tigason an nan bra l, li pote l al nan yon chanm ki anlè kay vèv la. Li mete l kouche sou yon kabann, epi l priye, li di: ‘Jewova, tanpri, fè tipitit sa a retounen viv ankò.’ Èske w konn pou ki rezon se t ap yon gwo bagay si Jewova ta fè timoun nan rejwenn lavi ankò? Paske, selon sa n konnen, pa t gen okenn moun mouri ki te leve anvan sa. Mete sou sa, vèv sa a ak pitit gason l lan pa t menm Izrayelit.

Men, tigason an te rejwenn lavi ankò e l te kòmanse respire! Pwofèt Eli di vèv la: ‘Gade! Pitit gason w lan vivan.’ Se pa ti kontan vèv la te kontan! Li di Eli: ‘Se moun pa Bondye w ye toutbon. Mwen konn sa paske se sa Jewova di w ou di moun.’

“Gade kaw yo byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, e yo pa gen depo manje. Men, Bondye ba yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo?” — Lik 12:24.