Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 50

Jewova defann Jozafa

Jewova defann Jozafa

Jozafa, wa Jida a, te detwi lotèl ak zidòl Baal ki te nan peyi a. Li te vle fè moun yo konnen lwa Jewova yo. Se sa k fè l te voye yon seri prens ak Levit nan tout peyi Jida pou y al anseye moun yo lwa Jewova yo.

Nasyon ozalantou yo te pè vin atake Jida paske yo te konnen Jewova te avèk pèp li a. Yo te menm pote kado pou wa Jozafa. Men, lè sa a, moun peyi Mowab yo ak desandan Amon yo, ansanm ak moun ki soti nan zòn Seyi yo te vin fè lagè ak peyi Jida. Jozafa te konnen li te bezwen èd Jewova. Li fè tout mesye yo, medam yo ak timoun yo, reyini Jerizalèm. Li priye Bondye devan yo tout, e li di: ‘Jewova, san ou menm, nou pa ka genyen batay la. Tanpri, di nou sa pou n fè.’

Jewova reponn priyè l te fè a, li di: ‘Nou pa bezwen pè. M ap ede nou. Pran pozisyon nou, ret nan plas nou, epi gade ki jan m ap delivre nou.’ Ki jan Jewova te delivre yo?

Nan demen maten, Jozafa te chwazi kèk moun ki konn chante e l te mande yo pou yo mache devan lame a. Yo te kòmanse mache soti Jerizalèm pou rive kote yo t apral fè lagè a, nan yon zòn ki rele Tekowa.

Toutpandan moun ki t ap chante yo t ap fè louwanj pou Jewova byen fò, Jewova t ap goumen pou pèp li a. Jewova te tèlman fè desandan Amon yo ak moun peyi Mowab yo pa konn sa pou yo fè, youn te kòmanse ap atake lòt, e yo tout te mouri. Men, Jewova te pwoteje moun Jida yo, sòlda yo ak prèt yo. Tout moun nan peyi ozalantou yo te tande sa Jewova te fè a, e yo te konnen Jewova te toujou ap defann pèp li a. Ki jan Jewova delivre pèp li a? Li fè sa plizyè fason. Li pa bezwen pyès moun ede l fè sa.

“Nou pap gen pou nou goumen. Pran pozisyon nou, ret kanpe la, epi gade jan Jewova ap delivre nou.” — 2 Kwonik 20:17.