Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 52

Lame Jewova a tankou flanm dife

Lame Jewova a tankou flanm dife

Bennadad, wa peyi Siri a, te kontinye atake peyi Izrayèl. Men, chak fwa yo pral atake, pwofèt Elize avèti wa Izrayèl la. Konsa, wa a te gentan chape poul li. Se sa k fè, Bennadad te vle kidnape Elize. Yo te di l Elize nan yon vil ki rele Dotan, e l te voye lame Siri a al met men sou li lòtbò a.

Moun peyi Siri yo te rive Dotan nan nuit. Nan demen maten, sèvitè Elize a te sot deyò e l wè yon gwo lame antoure vil la. Li te pè anpil e l te di byen fò: ‘Elize, ki sa pou n fè?’ Elize di l: ‘Kantite moun ki avèk nou an plis pase kantite moun ki avèk yo a.’ Menm kote a, Jewova fè sèvitè Elize a wè mòn yo toutotou vil la ki chaje ak cheval ak chadegè ki tankou dife.

Lè sòlda lame peyi Siri yo te eseye vin pran Elize, Elize te priye, li te di: ‘Jewova, tanpri, fè yo pa wè ankò.’ Lapoula, byenke sòlda yo te kapab wè, yo pa t konn ki kote yo te ye. Elize di sòlda yo: ‘Nou pa nan bon vil la. Suiv mwen, mwen pral montre nou moun n ap chèche a.’ Yo te suiv Elize rive jis Samari, kote wa Izrayèl la te ye a.

Lè moun Siri yo resi wè kote yo ye, li te twò ta pou yo. Wa Izrayèl la mande Elize: ‘Èske m mèt touye yo?’ Èske Elize te tou pwofite okazyon sa a pou l fè sòlda sa yo peye paske yo t ap chèche fè l mal? Non. Elize di: ‘Pa touye yo. Ba yo manje, epi voye yo ale.’ Se konsa, wa a te fè yon gwo resepsyon pou yo, apre sa li te voye yo nan peyi yo.

“E men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” — 1 Jan 5:14.