Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 55

Zanj Jewova a te pwoteje Ezekyas

Zanj Jewova a te pwoteje Ezekyas

Peyi Asiri te pran wayòm dis tribi Izrayèl yo. Twouve, Senakerib, wa peyi Asiri a, te vle pran wayòm de tribi Jida yo. Li te kòmanse pran vil Jida yo youn apre lòt. Vil li te plis anvi pran an se te Jerizalèm. Men, Senakerib pa t konnen si Jewova t ap pwoteje Jerizalèm.

Ezekyas, wa peyi Jida a, te peye Senakerib yon pakèt lajan pou l pa atake Jerizalèm. Malgre Senakerib fin pran lajan an, li voye gwo lame l la al atake Jerizalèm kanmenm. Moun yo nan vil la te pè anpil paske sòlda Asiri yo te kontinye ap pwoche pi pre yo. Epi, Ezekyas di moun yo: ‘Nou pa bezwen pè. Moun Asiri yo gen fòs, men, Jewova ap ban nou plis fòs pase yo.’

Senakerib te voye Rabchake a, mesaje l la, Jerizalèm pou l pase pèp la nan rizib. Rabchake a te kanpe pa deyò vil la e l t ap di byen fò: ‘Jewova pa ka ede nou. Pa kite Ezekyas twonpe nou. Pa gen okenn dye ki ka pwoteje nou anba men nou.’

Ezekyas te mande Jewova ki sa pou l fè. Jewova reponn li: ‘Pa kite pawòl Rabchake a fè w pè. Senakerib pap pran Jerizalèm.’ Apre sa, Ezekyas te resevwa yon seri lèt Senakerib te voye pou li. Lèt yo te di: ‘Bay vag. Jewova pa ka sove w.’ Ezekyas te priye Bondye, li te di: ‘Tanpri, Jewova, delivre nou, pou tout moun ka konnen se ou menm ki sèl vrè Dye a.’ Jewova di l: ‘Wa Asiri a pap antre Jerizalèm. M ap pwoteje vil mwen an.’

Senakerib te ret kwè Jerizalèm t ap nan men l talè konsa. Men, yon jou swa, Jewova te voye yon zanj al nan kan sòlda yo pa deyò vil la. Zanj lan te touye 185 000 sòlda! Wa Senakerib te pèdi sòlda ki pi vanyan li te genyen yo. Sèl sa l te ka fè se retounen lakay li paske l te pèdi batay la. Jewova te pwoteje Ezekyas ak Jerizalèm jan l te pwomèt sa a. Si w te Jerizalèm nan epòk sa a, èske w t ap fè Jewova konfyans?

“Zanj Jewova a pwoteje moun ki gen lakrentif pou Bondye yo e li sove yo.” — Sòm 34:7.