Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 59

Kat tigason ki te obeyi Jewova

Kat tigason ki te obeyi Jewova

Lè Nebikadneza te mennen prens Jida yo Babilòn, li te mete yon gwo chèf ki rele Achpenaz responsab yo. Nebikadneza te di Achpenaz pou l chwazi jèn tigason ki pi an sante e ki pi entèlijan pami yo. Ti mesye sa yo t apral resevwa twazan fòmasyon. Sa t ap prepare yo pou yo vin gen gwo pozisyon nan Babilòn. Ti mesye yo t ap bezwen aprann li, ekri epi pale akadyen, lang moun Babilòn yo. Yo te dwe manje menm manje ak wa a ansanm ak moun nan palè wa a. Kat nan jèn mesye sa yo se te Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya. Achpenaz te ba yo non babilónyen: Bèltechaza, Chadrak, Mechak, ak Abèdnego. Èske fòmasyon sa a t ap fè yo sispann sèvi Jewova?

Kat ti mesye sa yo te pran detèminasyon pou yo obeyi Jewova. Yo te konnen yo pa t dwe manje manje wa a, paske gen bagay nan manje wa a Lwa Jewova a pa t pèmèt yo manje. Se sa k fè yo te di Achpenaz: ‘Tanpri, pa fè n manje nan manje wa a.’ Achpenaz di yo: ‘Si n pa manje, e wa a wè nou sanble nou malad, l ap touye m!’

Dànyèl te gen yon ide. Li te di responsab la: ‘Tanpri, ban nou legim ak dlo sèlman pandan dis jou. Apre sa, gade figi nou ak figi jènjan ki te manje nan manje wa a.’ Responsab la te dakò.

Apre dis jou, Dànyèl ak twa zanmi l yo te parèt pi an sante pase tout lòt ti mesye yo. Jewova te kontan dèske yo te obeyi l. Li te menm bay Dànyèl sajès pou l konprann vizyon ak rèv.

Lè fòmasyon an te fini, Achpenaz te mennen ti mesye yo bay Nebikadneza. Wa a te pale avèk yo e l te wè Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya te pi entèlijan e pi vivan pase tout lòt mesye yo. Li te chwazi kat mesye sa yo pou yo travay nan palè a. Wa a te toujou ap mande yo konsèy sou yon seri kesyon ki enpòtan. Jewova te fè yo gen plis sajès pase tout mesye ki te gen sajès ak majisyen wa a te genyen yo.

Malgre yo te nan yon peyi etranje, Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya pa t bliye se sèvitè Jewova yo ye. Èske ou menm tou, w ap toujou sonje Jewova menm lè papa w ak manman w pa ansanm avè w?

“Pa janm kite pèsonn meprize w paske w jèn. Okontrè, se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo, nan pawòl ou, nan konduit ou, nan lanmou w, nan lafwa w ak nan vi pwòp w ap mennen an.” — 1 Timote 4:12.