Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 61

Yo pa t bese devan estati a

Yo pa t bese devan estati a

Kèk tan apre wa Nebikadneza te fin wè yon estati nan yon rèv, li te fè yon gwo estati annò. Li te mete l nan Plèn Doura e li te rele moun ki te nan pi gwo pozisyon nan peyi a, tankou Chadrak, Mechak ak Abèdnego, pou yo reyini devan estati a. Men lòd wa a te bay: ‘Kou n tande bri twonpèt, hap ak tout kalite enstriman mizik, se pou n bese fas anba devan estati a! Depi yon moun pa bese devan estati a, y ap lage l nan yon founèz dife.’ Èske twa ebre yo t apral bese devan estati a, oubyen èske yo t ap adore Jewova sèlman?

Kounye a, wa a te bay lòd pou yo jwe mizik. Tout moun lage kò yo atè e yo adore estati a sof Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Gen kèk nan mesye yo ki te wè sa e yo te di wa a: ‘Twa ebre sa yo refize adore estati w la.’ Nebikadneza te voye chèche yo, li di yo: ‘M ap ban nou yon lòt chans pou n adore estati a. Si n pa adore l, m ap lage n nan founèz dife a. Pa gen yon dye k ap kapab delivre nou anba men m.’ Yo reponn: ‘Nou pa bezwen w ban nou yon lòt chans. Bondye nou an kapab delivre nou. O monwa, menmsi l pa ta fè sa, nou pap adore estati a.’

Nebikadneza te vin fache anpil. Li di mesye l yo: ‘Fè dife nan founèz la vin sèt fwa pi cho pase jan l konn ye a!’ Apre sa, li bay sòlda l yo lòd, li di yo: ‘Mare mesye sa yo, epi lage yo nan dife a!’ Founèz la te tèlman cho, lè sòlda yo te pwoche bò kote l, yo mouri sou plas. Twa ebre yo te tonbe nan dife a. Men, lè Nebikadneza gade nan dife a, olye l te wè twa mesye yo, li te wè gen kat mesye k ap mache anndan founèz la. Li te vin pè anpil e l te mande fonksyonè l yo: ‘Èske se pa twa moun nou te lage nan dife a? Mwen wè kat moun, e youn ladan yo sanble ak yon zanj!’

Nebikadneza pwoche bò founèz la, epi l di byen fò: ‘Soti deyò, nou menm k ap sèvi Bondye ki nan pi gwo pozisyon an!’ Tout moun te sezi wè Chadrak, Mechak ak Abèdnego k ap mache sot nan dife a san anyen pa t rive yo. Po yo, cheve yo ak rad yo pa t boule, e yo pa t menm gen sant dife sou yo.

Nebikadneza di: ‘Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a gran anpil. Li voye zanj li vin delivre yo. Pa gen dye tankou dye yo a.’

Èske w pran detèminasyon pou w ret fidèl ak Jewova kèlkeswa sa k ta rive menm jan ak twa Ebre yo?

“Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.” — Matye 4:10.